Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

E si m pa anvi viv ankò?

E si m pa anvi viv ankò?

 “Sa gen kèk ane m te tèlman sou strès, m te konn santi se kòmsi m ap eseye lite pou m etenn yon gwo dife chak jou. Nan moman sa yo m te konn anvi touye tèt mwen. Se pa t anvi m te anvi mouri, men m te anvi sispann soufri.” — Jonathan, 17 an.

 Nan yon ankèt yo te fè sou 14 000 elèv lekòl, sou chak senk, anviwon youn admèt yo te anvi touye tèt yo nan ane ki sot pase a a. Si w santi ou pa anvi viv ankò, ki sa w ka fè?

  •   Fè yo ti tann. Pwomèt tèt ou ou pap aji sou kout tèt. Menm lè pwoblèm yo ka parèt twòp pou ou, ou ka aprann fè fas avèk yo.

 Ou ka santi pa gen solisyon pou pwoblèm ou yo. Men se pa paske w santi w konsa ki vle di pa gen solisyon vre. Gen mwayen pou ede w jere sitiyasyon w lan. Si w jwen bonjan èd, ou ka jwenn solisyon an pi vit pase sa w panse.

  •  Prensip Bib la bay: “Nou nan eto tout jan, men nou pa kwense nan pwen pou nou pa ka bouje. Nou pa konn sa pou n fè, men nou pa fin sanzespwa nèt.” — 2 Korentyen 4:8.

     Men yon ide: Si w anvi touye tèt ou e anvi sa fò e li pèsiste, fè tout posib ou pou w jwenn èd. Se kapab yon nimewo telefòn yo fè pou sa kote w ka jwenn yon moun pou ede w, oswa ou ka ale nan sèvis ijans yon lopital. Pwofesyonèl sa yo gen fòmasyon pou yo ede w e yo vrèman vle fè sa.

  •   Pale avèk yon moun. Ou gen moun ki gen sousi pou ou e ki vle ede w. Pa egzanp, ou ka gen fanmi ak zanmi ki pap konnen w ap fè fas ak pwoblèm sa yo si w pa fè yo konn sa.

 Gen moun ki bezwen linèt pou ede yo wè pi klè. Yon zanmi ka fè menm bagay la pou ou tou. Li ka ede w wè pwoblèm ou yo yon lòt jan e sa ka fè w anvi viv ankò.

  •  Prensip Bib la bay: ‘Yon bon zanmi se yon moun ou ka konte sou li lè gen malè.’ — Pwovèb 17:17.

     Men yon ide: Petèt ou ka kòmanse yon konvèsasyon konsa: “M konn gen move ide ki pase nan lespri m dènye tan sa yo. Èske n ka fè yon ti pale sou sa?” Oswa w ka di: M gen kèk pwoblèm mwen pa ka jwenn solisyon yo poukont mwen. Èske w panse w ka ede m?”

  •   Al kay doktè. Lè yon moun fè depresyon oubyen l ap fè fas ak gwo strès, li gendwa pa anvi viv ankò. Men, gen espwa paske gen tretman pou ka sa yo.

 Menm jan lè yon moun gripe sa ka fè l pa anvi manje, lè yon moun fè depresyon sa ka fè l pa anvi viv. Men, gen tretman pou toude maladi sa yo.

  •  Prensip Bib la bay: “Se pa moun ki an sante ki bezwen doktè, men se moun ki malad ki bezwen doktè.” — Matye 9:12.

     Men yon ide: Fè efò pou w dòmi ase, fè egzèsis epi manje manje ki bon pou sante w. Sante fizik ou ka gen efè sou santiman w.

  •   Priye. Bib la di Kreyatè nou an “pi gran pase kè nou, e li konn tout bagay”. (1 Jan 3:20.) Eseye pran yon ti tan pou w pale avè l jodi a. Itilize non l, Jewova, epi pale ak tout kè w.

 Gen chay nan lavi a k ap twò lou pou w pote poukont ou. Jewova, Kreyatè w la, vle ede w.

  •  Prensip Bib la bay: “Fè Bondye konnen demann nou yo [...]. E lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann, ap pwoteje kè nou ak lespri nou.” — Filipyen 4:6, 7.

     Men yon ide: Nonsèlman w ka fè Jewova konnen pwoblèm ou yo, men tou, eseye di l mèsi pou omwen yon bagay li te fè pou ou pandan jounen an (Kolosyen 3:15). Lè yon moun gen rekonesans sa ka ede l ret konsantre sou bon bagay li gen nan lavi l.

 Si sa rive ou pa anvi viv ankò, chèche èd. Se sa Jonathan, nou te site pi wo a, te fè. Men sa l di: “Mwen te bezwen pran ti tan pou m pale avèk paran m plizyè fwa e pou m chèche èd doktè. Kounye a, m santi m pi byen. Menm lè m konn santi m tris pafwa, m pa anvi touye tèt mwen ankò.”

a Se Sant pou prevansyon ak kontwòl maladi (Centers for Disease Control and Prevention) ki nan peyi Etazini ki te fè sondaj sa a an 2019.