Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki sa m dwe konnen sou kesyon fè plizyè bagay anmenmtan an?

Ki sa m dwe konnen sou kesyon fè plizyè bagay anmenmtan an?

 Èske w konn fè plizyè bagay anmenmtan?

 Èske w konn ki jan pou w fè plizyè bagay anmenmtan? Anpil moun panse moun ki abitye ak teknoloji depi yo piti pi fò nan fè plizyè bagay anmenmtan pase moun ki vin aprann sèvi ak teknoloji lè yo granmoun. Men, èske se vre?

 Vrè ou fo?

  •   Lè w fè plizyè bagay anmenmtan sa pèmèt ou fini pi vit.

  •   Tank ou fè plizyè bagay anmenmtan, w ap vin pi maton ladan l.

  •   Jèn yo ka fè plizyè bagay anmenmtan pi byen pase granmoun yo.

 Si w te reponn “vrè” pou omwen youn nan kòmantè ki fèt pi wo yo, li posib ou pran nan “kèk manti yo bay sou kesyon fè plizyè bagay anmenmtan an”.

 Kèk manti yo bay sou kesyon fè plizyè bagay anmenmtan an

 Èske w panse ou ka fè de bagay anmenmtan? Petèt ou ka konbine kèk aktivite menm lè w toujou ret konsantre sou sa w ap fè a. Pa egzanp, si w koute mizik pandan w ap netwaye kay la, petèt kay la ap parèt plizoumwen pwòp.

 Men, lè w eseye konbine de aktivite ki mande pou w konsantre sou yo chak, souvan ou pap reyisi fè youn nan yo byen. Petèt se sa k fè yon jèn fi ki rele Katherine di: “Fè plizyè bagay anmenmtan se an reyalite kapasite pou w gate tout bagay anmenmtan.”

 “M t ap pale ak yon moun epi m te resevwa yon SMS m te dwe reponn. Donk, m te eseye fè toude anmenmtan. Kòm rezilta, m pa t tande pifò sa moun m t ap pale avè l la te di e m te mal ekri prèske chak mo nan mesaj m te voye a.” — Caleb.

 Men sa Sherry Turkle, yon espè nan domèn teknoloji ekri: “Lè n eseye fè plizyè bagay anmenmtan, [...] kapasite pou n byen fè chak aktivite diminye a chak fwa nou ajoute yon lòt aktivite pou n fè anmenmtan. Lè n eseye fè plizyè bagay anmenmtan sa bay sèvo nou yon boustè, donk nou panse n ap pi byen fè bagay yo, men an reyalite, se pi mal n ap fè yo.” a

 “Gendelè, m panse m ap byen jere yon konvèsasyon ak yon moun toutpandan m ap voye mesaj tèks bay yon lòt moun. Jiskaske m rann mwen kont m reponn yon mesaj tèks awotvwa e m ekri repons m te dwe bay moun m ap pale avè l la nan mesaj tèks la!” — Tamara.

 Moun ki eseye fè plizyè bagay anmenmtan rann lavi yo pi konplike. Pa egzanp, souvan yo pran plis tan pou yo fini devwa yo. Oubyen yo ka oblije pran tan pou yo refè yon devwa yo pa t byen fè premye fwa a. Kit se paske yo pran plis tan pou yo fè yon travay, kit se paske yo oblije refè yon travay, an jeneral moun k ap eseye fè plizyè bagay anmenmtan gen mwens tan lib pou yo fè aktivite yo renmen fè!

 Se pou rezon sa a yon espè nan domèn sikoloji e yon konseye nan domèn edikasyon ki rele Thomas Kersting di: “Se kòmsi sèvo nou se yon mèb biwo ki byen òganize ak tout dosye nou yo, men sèvo moun k ap eseye fè plizyè bagay anmenmtan an pap byen òganize ditou, ap gen dosye ki gaye toupatou.” b

 “Tank w ap ajoute nan kantite bagay w ap eseye fè anmenmtan, se plis w ap pèdi detay ki enpòtan nan chak bagay sa yo. Alafen, gendwa se plis travay w ap bay tèt ou e se gaspiye w ap gaspiye tan ou pa t vle pèdi.” — Teresa.

Eseye fè plizyè bagay anmenmtan tankou yon moun k ap kondui sou de wout anmenmtan.

 Yon pi bon metòd

  •   Aprann konsantre sou yon sèl bagay alafwa. Li ka pa fasil, sitou si w abitye konbine kèk aktivite tankou voye mesaj tèks bay zanmi w pandan w ap etidye. Men, Bib la di se pou n: “Rekonèt bagay ki pi enpòtan yo.” ​(Filipyen 1:10). Se pa tout sa w gen pou w fè ki gen menm priyorite. Donk, deside ki sa ki pi enpòtan pou w fè epi konsantre sou li jiskaske w fini l.

     “Yon sèvo ki pa konsantre sou yon bagay tankou yon timoun piti, gendelè ou oblije di l non menm lè li t ap pi fasil pou w annik kite l fè nenpòt sa l vle fè.” — Maria.

  •   Elimine distraksyon. Èske w anvi gade si w gen mesaj sou telefòn ou lè w ap etidye? Si se wi, mete telefòn nan nan yon lòt pyès nan kay la. Etenn televizyon an epi pa fè erè al sou kont rezo sosyal ou yo. Men sa Bib la di: “Byen sèvi ak tan nou.” — Kolosyen 4:5.

     “M vin rann mwen kont li pi bon pou mwen si m konsantre m sou yon sèl bagay alafwa. Lè sa a, m ap ka note sa m fin fè a sou lis bagay mwen gen pou m fè yo epi m ap ka konsantre m sou yon lòt bagay sou lis mwen an. Konsa, m santi m satisfè ak travay mwen fè yo.” — Onya.

  •   Bay moun w ap pale avè l la tout atansyon w. Lè w ap gade telefòn ou pandan w ap pale ak yon moun, nonsèlman sa pa bèl men tou ou pap ka byen suiv konvèsasyon an. Bib la di nou dwe aji avèk lòt moun menm jan nou ta renmen yo aji avèk nou. — Matye 7:12.

     “Pafwa lè m ap pale avèk sè m nan, li konn ap voye mesaj tèks oswa li konn ap fè yon lòt bagay sou telefòn li. Sa deranje m anpil! Men, pou m di laverite, m konn fè menm bagay la tou.” — David.

a Selon liv Ann rekòmanse konvèsasyon nou an (Reclaiming Conversation).

b Selon liv Dekonekte a (Disconnected).