Al gade sa k anndan l


Yon etid Labib avèk èd yon anseyan

Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan!

Nan etid gratis sa a k ap ede w konn Bib la, w ap jwenn repons kesyon tankou:

  • Ki jan m ka jwenn kè kontan nan lavi m?

  • Èske mechanste ak soufrans ap janm fini?

  • Èske m ap janm wè moun pa m yo ki mouri ankò?

  • Èske Bondye gen sousi pou mwen toutbonvre?

  • Ki jan pou m priye pou Bondye koute priyè m?

Li gratis

W ap jwenn tout pwogram etid la gratis ansanm ak liv Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an ak yon Bib si w bezwen sa.

Li fleksib

Ou ka pran randevou ak anseyan an fasafas oswa sou Entènèt nenpòt lè oswa nenpòt kote.

Pa gen obligasyon

Ou ka kanpe etid la nenpòt lè, san okenn obligasyon.

Ki jan nou fè etid Labib la?

Yon anseyan ap ede w aprann sa Bib la anseye sijè pa sijè. E lè w sèvi ak pwogram ki nan liv Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an, yon liv k ap ede w konn Bib la, tikras pa tikras w ap aprann mesaj ki nan Bib la ak fason li kapab ede w. Pou w aprann plis, gade videyo sa a oswa gade kèk kesyon moun konn poze souvan sou pwogram etid Labib la.

Èske w ta renmen fè yon ti gade?

Gade premye leson yo ki nan pwogram etid Labib la.

Èske w pare pou w eseye l?

Klike sou bouton an pou w pwograme premye etid Labib ou a.