Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki sa pou m fè si m ap sibi brimad?

Ki sa pou m fè si m ap sibi brimad?

 Brimad se yon bagay ki grav. Selon yon etid yo fè nan Grann Bretay, plis pase 40 pousan nan jèn medya nasyonal yo rapòte ki te touye tèt yo se jèn ki te sibi brimad.

 Ki sa brimad ye?

 Brimad gen ladan l plis pase atak fizik. Li ka gen bagay ki vin apre yo ladan l tou:

  •   Pawòl blesan. Men sa Celine, ki gen 20 an, fè konnen: “Pafwa, medam yo ka matirize w ak pawòl ki sot nan bouch yo. M pap janm bliye non yo te konn ban m ak pawòl yo te konn di m yo. Yo te fè m santi m pa gen okenn valè, moun pa bezwen m e m pa itil anyen. Pito yo te ban m kou.”

  •   Yo pa fè zanmi avè w. Haley, yon jèn ki gen 18 an, fè konnen: “Elèv nan lekòl la te kòmanse evite m. Nan rekreyasyon, yo te konn fè kòmsi pa gen plas kote yo a ankò pou m ka pa chita ak yo. M te fè tout ane a ap kriye e m te konn ret poukont mwen.”

  •   Brimad sou Entènèt. Men sa Daniel, ki gen 14 an, di: “Ak kèk klik sèlman, ou ka detwi repitasyon oswa lavi yon moun. Sa parèt egzajere, men, sa kapab rive!” Brimad sou entènèt gen ladan l sèvi ak telefòn pou voye foto oswa mesaj tèks pou fè lòt moun wont.

 Poukisa yo bay lòt moun brimad?

 Men kèk nan rezon ki fè sa.

  •   Yo menm tou yo te sibi brimad. Gen yon jèn gason ki rele Antonio ki di: “M te tèlman santi m fatige dèske lòt jèn parèy mwen te konn maltrete m opwen m te kòmanse bay kèk jèn brimad jis pou yo te ka aksepte m. Annapre, m te vin rann mwen kont jan sa m t ap fè yo pa t bon.”

  •   Yo pa gen bon modèl. Men sa Jay McGraw te ekri nan yon liv: “Souvan, jèn k ap brimad yo ap imite lòt moun. [...] Yo imite fason paran yo, gran frè ak gran sè yo oswa lòt moun nan fanmi yo ap trete lòt moun.” — Strateji pou fè fas ak moun k ap bay brimad (anglè).

  •   Yo aji kòmsi yo pi fò alòske yo fèb. Men sa Barbara Coloroso fè konnen nan yon liv li ekri: “Timoun k ap bay brimad yo vle montre yo pi fò, men, byen souvan se kache y ap kache jan y ap soufri pa anndan.” — Moun k ap bay brimad, moun k ap pran ak moun k ap gade (anglè).

 Ki kalite moun ki ka sibi brimad pi fasil?

  •   Jèn ki izole tèt yo. Gen kèk jèn, akoz li difisil pou yo fè zanmi, ki konn izole tèt yo, e konsa, yo vin tounen bon sib pou moun k ap bay brimad yo.

  •   Jèn ki parèt diferan. Gen kèk jèn ki viktim brimad akoz aparans yo, ras yo, relijyon yo oswa menm paske yo gen yon andikap. Moun k ap bay brimad yo ka sèvi ak nenpòt nan rezon sa yo.

  •   Jèn ki manke konfyans nan tèt yo. Li fasil pou moun k ap bay brimad yo rive wè kiyès ki pa gen konfyans nan tèt li. Byen souvan, yo se sib fasil piske yo pap fè anyen pou defann yo.

 Ki sa w ka fè si w ap sibi brimad?

  •   Pa reyaji. Gen yon jèn fi, ki rele Kylie, ki di: “Moun k ap bay brimad yo vle konnen y ap fè w soufri. Si w rete kalm, y ap kite sa.” Bib la di: “Moun ki gen sajès la pran san l pou l kontwole tèt li.” — Pwovèb 29:11.

  •   Pa tire revanj. Lè w tire revanj, sa pap rezoud pwoblèm nan, okontrè, l ap fè l vin pi mal. Bib la di: “Pa rann pèsonn mal pou mal.” — Women 12:17; Pwovèb 24:19.

  •   Evite met tèt ou nan pwoblèm. Toutotan sa posib, evite moun ki ka ba w brimad ak sitiyasyon ki ka fè yo ba w brimad. — Pwovèb 22:3.

  •   Eseye bay yon repons moun nan pa t ap atann. Bib la di: “Yon repons ki dous kalme kòlè.” — Pwovèb 15:1.

  •   Fè blag ak sa. Pa egzanp, si yon moun k ap ba w brimad di w twò gwo, ou ka monte zepòl ou epi w di: “Wi, m panse m ta dwe pèdi yon ti pwa!”

  •   Al fè wout ou. Men sa Nora, ki gen 19 an, di: “Lè w pa di anyen, ou montre w gen matirite e w pi djanm pase moun k ap ba w brimad la. Konsa, ou montre w gen metriz, yon kalite moun k ap ba w brimad la pa genyen.”

  •   Chèche gen plis konfyans nan tèt ou. Men sa yon jèn fi ki rele Rita fè konnen: “Moun k ap bay brimad yo remake lè w strese e yo ka sèvi ak sa pou fè w pèdi konfyans nan tèt ou.”

  •   Pale de sa ak yon moun. Selon yon ankèt, gen plis pase mwatye nan moun ki jwenn brimad sou Entènèt yo ki pa pale de sa ak lòt moun, petèt paske yo wont (sitou gason yo) oswa yo pè pou sa k ka rive yo. Men, pa bliye, moun k ap bay brimad yo vle w fè silans pou yo ka kontinye. Lè w pale de sa, se kapab premye etap pou yo sispann ba w brimad.