Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Kreyasyon oswa evolisyon? — 2yèm pati: Poukisa m dwe kesyone evolisyon?

Kreyasyon oswa evolisyon? — 2yèm pati: Poukisa m dwe kesyone evolisyon?

Alex pa konn sa pou l kwè. Li te toujou kwè nan Bondye ak nan kreyasyon an. Men, jodi a, pwofesè byoloji l la fè konnen evolisyon se yon reyalite ki byen tabli, li baze sou bonjan rechèch syantifik yo fè. Alex pa vle yo pran l pou yon egare. Konsa, li di tèt li: ‘Bon, si syantifik yo bay prèv ki montre evolisyon an reyèl, kiyès mwen ye pou m kesyone sa?’

 Èske w konn twouve w nan sitiyasyon sa a? Petèt pandan tout vi w, ou te kwè pawòl sa yo ki nan Bib la: “Bondye te kreye syèl la ak tè a.” (Jenèz 1:1). Sepandan, sa pa gen twò lontan depi kèk moun ap eseye konvenk ou kreyasyon an se yon lejann e se evolisyon an ki reyèl. Èske w dwe kwè yo? Poukisa w dwe kesyone evolisyon?

 De rezon ki fè w dwe kesyone evolisyon

  1.   Se pa tout syantifik yo ki dakò ak teyori evolisyon an. Aktout syantifik yo gen plizyè dizèn ane depi y ap fè rechèch sou teyori sa a, yo pa janm rive antann yo sou yon esplikasyon yo tout dakò.

     Fè yon ti reflechi: Si syantifik yo, yon bann swadizan espè, pa ka rive antann yo sou teyori evolisyon an, èske w pa gen rezon pou w kesyone teyori sa a? — Sòm 10:4.

  2.   Sa w kwè gen enpòtans. Gen yon jèn, ki rele Zachary, ki di: “Si se yon aksidan ki fè lavi a vin egziste, konsa, lavi nou ansanm ak tout sa ki egziste nan linivè nou an pa gen okenn sans.” Sa klè, li gen rezon. Dayè, si teyori evolisyon an te laverite, lavi a sanble pa t ap gen okenn objektif k ap dire (1 Korentyen 15:32). Yon lòt bò, si se kreye yo te kreye lavi, lè sa a, n ap ka jwenn bonjan repons pou kèk kesyon sou rezon ki fè n ap viv ak ki sa lavni rezève pou nou. — Jeremi 29:11.

     Fè yon ti reflechi: Lè w vin konn laverite sou kreyasyon ak teyori evolisyon an, ki fason sa ap gen efè sou lavi w? — Ebre 11:1.

 Kesyon w dwe konsidere

 SA YO DI: ‘Tout sa k nan linivè vin egziste akoz yon gwo eksplozyon (big bang).’

  •   Kiyès oswa ki bagay ki te lakòz eksplozyon sa a?

  •   Ki sa k fè plis sans: Kwè tout bagay annik rete konsa yo egziste oswa kwè gen yon moun oswa yon bagay ki lakòz tout bagay egziste?

 SA YO DI: ‘Lèzòm soti nan bèt.’

  •   Si lèzòm soti nan bèt, tankou makak pa egzanp, poukisa gen kokenn diferans sa a, nan kesyon entèlijans, ant lèzòm ak makak a?

  •   Poukisa menm fòm lavi ki pi senp lan parèt konplike anpil konsa b?

 SA YO DI: ‘Gen bonjan prèv ki kore teyori evolisyon an.’

  •   Èske moun ki fè deklarasyon sa a te fè rechèch pou l verifye sa l di a?

  •   Konbyen moun ki kwè nan evolisyon tou senpleman paske yo te di yo tout moun ki entèlijan kwè ladan l?

a Gen kèk moun ki fè konnen se paske sèvo lèzòm pi gwo pase sèvo makak ki fè yo pi entèlijan pase makak. Nan paj 28 bwochi Cinq questions à se poser sur l’origine de la vie a, yo esplike rezon ki fè ide sa a pa kanpe sou anyen.