Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki jan m ka fòme konsyans mwen?

Ki jan m ka fòme konsyans mwen?

 Nan lis ki vin apre a, ak ki sa ou ka konpare konsyans ou?

  •   yon bousòl

  •   yon glas

  •   yon zanmi

  •   yon jij

 Repons lan se toule kat. Atik sa a pral esplike rezon ki fè sa.

 Ki sa konsyans lan ye?

 Konsyans lan se kapasite nou genyen ki pèmèt nou distenge sa ki byen ak sa ki mal. Bib la fè konnen: konsyans nou tankou yon lwa ki “ekri nan kè” nou (Women 2:15, Bib la). Yon konsyans ki byen fonksyone ede w egzamine yon desizyon ou vle pran oswa youn ou deja pran.

  •   Konsyans ou tankou yon bousòl. Li gide w nan bon chemen an, konsa ou ka evite pwoblèm.

  •   Konsyans ou tankou yon glas. Li montre w ki kalite moun ou ye nan domèn moral, konsa li ede w wè moun ou ye pa anndan an.

  •   Konsyans ou tankou yon bon zanmi. Li ka ba w bon konsèy e li ka ede w reyisi, si w koute l.

  •   Konsyans ou tankou yon jij. Li fè w konnen lè w fè yon bagay ki mal.

Yon konsyans ki byen fonksyone ka ede w pran bon desizyon.

 Sa w dwe sonje: Konsyans ou se yon zouti enpòtan ki ka ede w 1) pran bon desizyon e 2) regrèt epi repare erè w te fè yo.

 Poukisa ou bezwen fòme konsyans ou?

 Bib la di: “Se pou konsyans nou rete klè.” ​(1 Pyè 3:16). Men, sa ap difisil si w pa t janm fòme konsyans ou.

 “Mwen te konn bay manman m ak papa m manti konsènan kote m te ye, m pa t vle yo konnen. Okòmansman, konsyans mwen te konn kale m men avèk letan, sa pa t deranje m ankò.” — Jennifer.

 Rive yon lè, konsyans Jennifer te pouse l di manman l ak papa l laverite e l te sispann ba yo manti.

 Fè yon ti reflechi: Ki lè anvan sa konsyans Jennifer te kapab avèti l?

 “Lavi a pa fasil lè w ap mennen de vi, li bay anpil strès. Yonfwa konsyans ou pèmèt ou pran yon move desizyon, li vin pi fasil pou w pran lòt move desizyon annapre.” — Matthew.

 Gen kèk moun ki pa koute konsyans yo ditou. Bib la di: moun sa yo “pa gen [moralite] menm ankò.” ​(Efezyen 4:19). Tradiksyon Bib La di: “Yo san wont.”

 Fè yon ti reflechi: Èske se vre moun ki pa santi yo mal pou move aksyon yo fè yo viv pi byen? Nan ki kalite pwoblèm y ap tonbe kanmenm pi devan?

 Sa w dwe sonje: Pou w rive gen yon bon konsyans, ou bezwen “antrene kapasite [w] genyen pou [w] konprann nan.” — Ebre 5:14.

 Ki jan w ka fòme konsyans ou?

 Pou yon moun rive antrene konsyans li, li bezwen gen yon bon egzanp, apre sa l ap kapab konpare sa l vle fè yo avèk egzanp sa a. Gen kèk moun ki suiv prensip:

  •   fanmi ak kilti

  •   lòt jèn

  •   vedèt

 Men, prensip nou jwenn nan Bib la sou fason nou dwe viv pi bon lontan pase lòt prensip sa yo. Nou pa sezi pou sa piske pawòl nou jwenn nan Bib la “se Bondye ki enspire yo,” Sila a ki kreye nou an e ki konn sa k pi bon pou nou an. — 2 Timote 3:16.

 Ann pran kèk egzanp.

 PRENSIP LA: “Nou vle konpòte nou yon fason ki dwat nan tout bagay.” — Ebre 13:18.

  •   Ki efè prensip sa a ka genyen sou konsyans ou lè w anvi pran poul nan yon egzamen, bay paran w manti oswa vòlè yon bagay?

  •   Si konsyans ou pouse w konpòte w yon fason ki dwat nan tout bagay, ki jan w panse sa ka itil ou depi kounye a e alavni?

 PRENSIP LA: “Kouri pou imoralite seksyèl.” — 1 Korentyen 6:18.

  •   Ki efè prensip sa a ka genyen sou konsyans ou si w ta anvi gade pònografi oswa fè sèks anvan w marye?

  •   Si konsyans ou pouse w kouri pou imoralite seksyèl, ki jan sa ap itil ou depi kounye a e alavni?

 PRENSIP LA: “Se pou nou aji byen youn ak lòt, se pou nou gen kè sansib ak tandrès, se pou youn padone lòt ak tout kè l.” — Efezyen 4:32.

  •   Ki jan prensip sa a ka ede w lè gen yon pwoblèm ant ou menm avèk yon frè w oswa yon sè w oswa avèk yon zanmi?

  •   Si konsyans ou pouse w padone lòt moun e gen kè sansib, ki jan sa ap itil ou depi kounye a e alavni?

 PRENSIP LA: “Jewova [...] rayi nenpòt moun ki renmen vyolans.” — Sòm 11:5.

  •   Ki jan prensip sa a ka ede w lè w ap chwazi fim ak emisyon televizyon ou deside gade oswa jwèt videyo ou jwe?

  •   Si konsyans ou pouse w rayi detant ki gen vyolans, ki jan sa ap itil ou depi kounye a e alavni?

 TEMWAYAJ: “M gen kèk zanmi ki te konn jwe jwèt videyo ki vyolan, e m te konn jwe yo tou. Papa m te di m mwen pa t ka jwe jwèt sa yo ankò. Donk, m te annik konn jwe yo lè m al lakay zanmi m yo. Lè m te tounen lakay, m konn rete san m pa di anyen. Papa m te konn mande m si tout bagay anfòm, e m te konn di l wi. Men, yon jou, m te li Sòm 11:5 e m te kòmanse santi m mal pou sa m t ap fè a. M te rann mwen kont m dwe sispann jwe jwèt sa yo. E m te sispann vre. Lè youn nan zanmi m yo wè m te sispann, sa te pouse l sispann jwe jwèt vyolan tou.” — Jeremy.

 Fè yon ti reflechi: Ki lè konsyans Jeremy te kòmanse travay? Men, ki lè Jeremy te kòmanse koute l? Ki sa w ka aprann nan egzanp Jeremy an?

 Sa w dwe sonje: Konsyans yon moun montre ki moun li ye e ki prensip l ap soutni. Ki sa konsyans ou fè konnen sou ou?