Filipyen 4​:​1-23

  • Se pou nou ini, se pou nou rejwi e se pou panse nou pwòp (1-9)

    • Pa enkyete nou pou anyen (6, 7)

  • Pòl bay bagay frè nan Filip yo voye ba li yo anpil valè (10-20)

  • Salitasyon nan fen lèt la (21-23)

4  Se poutèt sa, frè m yo, nou menm mwen renmen e mwen anvi wè anpil, nou menm ki jwa mwen e ki kouwòn mwen+, nou menm byenneme m yo, se pou nou kenbe fèm+ nan Seyè a jan m sot di nou an.  Mwen ankouraje Evodi e mwen ankouraje Sentich pou yo gen menm panse nan Seyè a+.  Wi, m ap mande w, ou menm tou, antanke bonjan konpayon k ap travay* ansanm avè m, pou w kontinye ede medam sa yo ki te lite kòtakòt avèk mwen pou bon nouvèl la, ansanm ak Kleman ak lòt konpayon travay mwen yo, yo menm ki gen non yo nan liv lavi a+.  Se pou nou toujou rejwi nan Seyè a! M ap di nou ankò: Se pou nou rejwi+!  Se pou tout moun konnen nou kòm moun ki rezonab+. Seyè a toupre.  Pa enkyete nou pou anyen+, men fè Bondye konnen demann nou yo+ nan tout bagay, pa mwayen lapriyè ak siplikasyon toutpandan n ap di l mèsi.  E lapè+ Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann, ap pwoteje kè nou+ ak lespri nou* pa mwayen Kris Jezi.  Anfen, frè m yo, kontinye reflechi sou* tout bagay ki vrè, tout bagay ki merite konsiderasyon, tout bagay ki jis, tout bagay ki pwòp, tout bagay ki merite pou yo renmen yo, tout bagay ki gen bon repitasyon, tout bagay ki bon e tout bagay ki merite louwanj+.  Bagay nou te aprann e nou te aksepte yo, sa nou te tande yo ak sa nou te wè anrapò avèk mwen yo, pratike yo+, e Bondye lapè a ap avèk nou. 10  Mwen rejwi anpil nan Seyè a dèske kounye a, anfen, nou rekòmanse gen sousi pou mwen+. Byenke nou te gen sousi pou mwen, nou potko jwenn okazyon pou nou montre sa. 11  Se pa paske m nan nesesite ki fè m di sa, dayè mwen aprann kontante m nan kèlkeswa sitiyasyon m ye+. 12  Mwen konn sa sa vle di gen tikras pwovizyon+, e mwen konn sa sa vle di gen anpil pwovizyon. Nan tout bagay e nan tout sitiyasyon, mwen aprann sekrè ki genyen ni nan vant plen ni nan grangou, ni nan gen anpil ni nan pa gen anyen. 13  Mwen gen fòs pou tout bagay grasa Sila a ki ban m pisans lan+. 14  Epoutan, nou te byen fèt ede m nan tribilasyon m nan. 15  Anfèt, nou menm frè ki nan vil Filip yo, nou konnen lè m te kite Masedwàn, apre nou te fin tande bon nouvèl la premye fwa a, pa t gen okenn kongregasyon ki te ede m oswa ki te aksepte èd mwen, eksepte nou menm sèl+. 16  Paske, pandan m te Tesalonik, nou te voye kichòy ban mwen pou bezwen m. Nou pa t fè sa yon fwa sèlman, men nou te fè sa de fwa. 17  Se pa chèche m ap chèche jwenn yon kado, men, mwen ta renmen nou fè bon aksyon k ap fè nou jwenn plis avantaj. 18  Sepandan, mwen gen tout sa mwen bezwen e mwen menm gen plis pase sa mwen bezwen. Mwen pa manke anyen, piske kounye a, mwen resevwa bagay nou te voye ban mwen yo nan men Epafwodit+. Yo se pafen santi bon+, yon sakrifis agreyab ki fè Bondye plezi. 19  Bondye m nan, bò kote pa l, selon jan li gen anpil glwa, ap ban nou tout sa nou bezwen+ pa mwayen Kris Jezi. 20  Glwa pou Bondye nou an, Papa nou an, pou tout tan gen tan. Amèn. 21  Salye chak moun ki sen ki ann inyon ak Kris Jezi pou mwen. Frè ki ansanm avè m yo voye salye nou. 22  Tout moun ki sen yo voye salye nou, sitou sa ki lakay Seza yo+. 23  Mwen swete pou nou gen favè san parèy Seyè a, Jezi Kris, poutèt bon mantalite nou genyen an.

Nòt anba paj

Lit.: “bonjan konpayon ki anba jouk”.
Oswa: “ak panse nou”.
Oswa: “medite sou”.