Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki sa pou m fè si y ap ban m brimad sou Entènèt?

Ki sa pou m fè si y ap ban m brimad sou Entènèt?

 Sa w dwe konnen

 Entènèt fè l fasil pou moun bay brimad. Gen yon liv (CyberSafe) ki di sa “pèmèt menm bon timoun aji avèk mechanste paske moun pa wè figi yo dèyè ekran an”.

 Gen kèk moun yo pi fasil vize. Moun ki parèt timid, ki parèt diferan oubyen ki manke konfyans nan tèt yo.

 Brimad sou Entènèt gen gwo efè. Li ka fè moun ki viktim nan vin santi l pa gen zanmi e li ka fè l fè depresyon, epi sa konn menm fè kèk moun touye tèt yo.

 Men sa w ka fè

 Premye bagay la se mande tèt ou: ‘Èske se brimad vre?’ Pafwa, moun konn di bagay ki fè nou mal, san se pa t sa yo te vle. Lè sa rive, nou ka suiv konsèy Bib la bay:

 “Pa kouri fache, paske se mak fabrik moun sòt.” — Eklezyas 7:9, nòt.

 Yon lòt bò, lè yon moun fè espre l ap tingting yon lòt, li imilye l oswa li fè l menas sou Entènèt, sa se brimad.

 Si w ap sibi brimad sou Entènèt, sonje: Fason w reyaji ka ranje bagay yo oswa fè yo vin pi mal. Pami konsèy ki vin apre yo, eseye youn oswa plizyè.

 Pa okipe moun nan. Labib di: “Yon moun ki gen konesans kontwole sa l ap di, e yon moun ki gen bon konprann ap rete kalm.” — Pwovèb 17:27.

 Yon rezon ki fè konsèy sa a bay bon rezilta: “Premye sa moun k ap bay brimad la vle se pou moun l ap tingting nan pèdi kontwòl li. Donk, lè moun k ap sibi brimad la pèdi kontwòl li, se pouvwa yo bay moun k ap ba yo brimad la sou yo.” Sa yo se pawòl Nancy Willard te ekri nan yon liv li ekri (Cyberbullying and Cyberthreats).

 Sa w dwe sonje: Pafwa, pi bon reyaksyon an se pa reyaji.

 Pinga w tire revanj. Men sa Bib la di: “Pa rann mal pou mal, pa joure moun poutèt yo joure nou.” — 1 Pyè 3:9.

 Yon rezon ki fè konsèy sa a bay bon rezilta: “Lè yon moun an kòlè, sa montre l fèb, e sa ap fè yo ba l brimad plis toujou.” Se sa yon liv (Cyber-Safe Kids, Cyber-Savvy Teens) fè konnen. Si w tire revanj, sa ka montre tou se ou menm ki fè moun kontinye ap ba w brimad.

 Sa w dwe sonje: Pa mete gaz sou dife a.

 Poze aksyon. Men sa Bib la di: “Pa kite sa ki mal pot laviktwa sou ou.” (Women 12:21). Gen kèk bagay ou kapab fè pou w fè moun nan sispann ba w brimad, san w pa fè sitiyasyon vin pi mal.

 Pa egzanp:

  •    Bloke moun k ap voye mesaj yo. Men sa yon liv (Mean Behind the Screen) di: “Si w pa li yon bagay, li pa ka fè w mal.”

  •   Konsève tout prèv yo, menmsi ou pa li yo. Sa gen ladan l mesaj yo te voye pou ofanse w yo, tchat, imel, kòmantè sou paj oswa sou yon rezo sosyal, vòys oubyen nenpòt lòt mwayen yo te itilize.

  •   Di moun k ap ba w brimad la sispann. Voye yon mesaj fèm, ki pa chita sou santiman, tankou:

    •  “Pa voye mesaj ankò.”

    •  “Retire sa w poste a.”

    •  “Si w pa sispann, m ap fè lòt aksyon pou m fè w sispann.”

  •   Chèche gen konfyans nan tèt ou. Konsantre w sou pwen fò w, pa konsantre sou pwen fèb ou (2 Korentyen 11:6). Menm jan ak brimad fizik yo, brimad sou Entènèt vize moun ki parèt fèb.

  •   Mete yon granmoun okouran. Premye moun pou w fè konn sa se paran w. Epitou, ou ka fè sit Entènèt la oswa konpayi moun k ap bay brimad itilize a konn sa. Si sitiyasyon an grav, ou menm ak paran w ta dwe fè responsab nan lekòl ou a oswa lapolis konn sa, oubyen menm chèche konsèy sou sa lalwa di.

 Sa w dwe sonje: Gen bagay ou ka fè pou w fè moun sispann tizonnen w oswa pou w fè brimad li yo gen mwens efè sou ou.