Al gade sa k anndan l

Moun menm sèks avè m atire m — Èske sa vle di m omoseksyèl?

Moun menm sèks avè m atire m — Èske sa vle di m omoseksyèl?

 Non, se pa sa!

 Sa ki verite: Nan pifò ka, atirans ou santi pou moun ki menm sèks avè w se jis yon bagay ki rive pou yon ti tan.

 Se sa Lisette, yon jèn fi 16 an, te reyalize apre l te fin wè li gen atirans pou yon tifi parèy li nan yon epòk. Men sa l di: “Nan kou biyoloji nan lekòl la, m te aprann nivo òmòn yon adolesan varye anpil. M vrèman panse si plis jèn te konnen sa k ap pase nan kò yo, yo t ap konprann atirans pou yon moun menm sèks avè yo ka la pou yon ti tan sèlman, donk, yo pa t ap santi yo oblije vin omoseksyèl pou sa.”

Chak jèn gen pou yo fè yon chwa: swa pou yo adopte pwennvi degrade monn nan genyen sou sèks, swa pou yo suiv prensip moral wo nivo ki gen nan Pawòl Bondye a.

 Men, e si atirans pou moun menm sèks avè w la sanble pa vle pase? Èske se mechan Bondye mechan dèske li mande yon moun ki gen atirans pou moun menm sèks avè l pou l evite omoseksyalite?

 Si w reponn wi pou kesyon sa a, ou dwe konnen rezònman konsa chita sou lide defòme kèk moun genyen ki vle fè kwè moun dwe aji selon dezi ak atirans seksyèl yo genyen. Labib bay lèzòm anpil valè lè l ba yo asirans yo ka chwazi pa aji selon dezi seksyèl ki pa kòrèk yo genyen. — Kolosyen 3:5.

 Fason Labib wè bagay yo pa egzajere. An reyalite, li sèlman mande moun ki gen anvi omoseksyèl yo fè menm bagay ak moun ki gen anvi pou moun ki pa menm sèks ak yo, li mande yo “kouri pou imoralite seksyèl”. (1 Korentyen 6:18.) Alaverite, gen plizyè milyon moun ki santi yo gen atirans pou moun ki pa gen menm sèks ak yo ki dispoze obeyi prensib ki nan Bib la ki chèche metrize yo devan nenpòt tantasyon yo jwenn. Moun ki gen tandans omoseksyèl yo ka fè menm bagay la tou, depi yo vle fè Bondye plezi toutbon. — Detewonòm 30:19.