Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Renmen — Premye pati: Èske m pare pou m renmen?

Renmen — Premye pati: Èske m pare pou m renmen?

Ki sa sa vle di renmen?

  Gen kèk moun ki jis renmen pou plezi. Men, nan atik sa a lè n ap pale de renmen nou vle pale de de moun, yon gason ak yon fi, ki pase tan ansanm pou yo kapab wè si youn kapab marye ak lòt. Donk, renmen an gen yon objektif. Se pa jis yon fason pou yon moun jwenn atansyon nan men yon moun ki pa menm sèks avè l.

 Apre yon tan, de moun ki renmen dwe pran yon desizyon: swa yo marye, swa yo mete yon fen nan relasyon an. Anvan w renmen, ou dwe pare pou youn oswa lòt nan desizyon sa yo.

 Sa pou w sonje: Si w kwè ou pare pou w renmen, sa vle di w kwè tou ou pare pou w marye.

Lè yon moun renmen san l pa gen nan tèt li li pral marye se tankou, yon moun ki ale nan yon entèvyou pou yon djòb san l pa gen nan tèt li pou l jwenn djòb la.

Èske w pare pou w renmen?

  Piske yon renmen kapab debouche sou maryaj, li t ap bon pou w reflechi pou w wè ki kalite w genyen ki pral ede nan relasyon sa a. Kòm egzanp, annou egzamine pwen ki annapre yo:

  •   Relasyon w ak fanmi w. Byen souvan, fason w trete paran w ak frè w oswa sè w, sitou lè w anba strès, montre ki jan w pral boule ak mari w oswa ak madanm ou.

     Prensip biblik: “Se pou nou retire tout kalite rankin malveyan lakay nou ansanm ak kòlè ak move san. Sispann rele sou moun, sispann joure moun e sispann fè kèlkeswa mechanste a.” — Efezyen 4:31.

     Mande tèt ou: ‘Èske paran m oswa frè m ak sè m ap di mwen trete yo avèk respè? Lè mwen pa dakò ak youn ladan yo, èske m rive pale sou pwoblèm nan avèk kalm oswa èske mwen vin fache epi m kòmanse fè diskisyon?’

    Si w pa ka jere dezakò ou genyen ak paran w, èske vrèmanvre w ap ka jere dezakò ak moun ou pral marye avè l la?

  •   Fè sakrifis. Lè w marye, w ap bezwen pran preferans moun ou marye avè l la an konsiderasyon. E byen souvan, w ap oblije pase sou preferans pa w.

     Prensip biblik: “Se pou chak moun kontinye chèche, non pa pwòp avantaj pa l, men avantaj pa lòt moun.” — 1 Korentyen 10:24.

     Mande tèt ou: ‘Èske m toujou santi bagay yo dwe fèt jan m vle a? Èske lòt moun wè m kòm yon moun ki rezonab? Ki fason mwen deja montre mwen mete enterè lòt moun anvan enterè pa m?’

  •   Imilite. Yon bon konjwen se yon moun ki rekonèt lè l fè erè e ki mande padon sensèman pou sa l fè.

     Prensip biblik: “Nou tout nou fè erè tanzantan.” — Jak 3:2, nòt.

     Mande tèt ou: ‘Èske l fasil pou m rekonèt erè m fè, oswa èske m toujou ap chèche eskiz pou erè m yo? Èske m fache fasil lè moun ban m konsèy?’

  •   Kesyon lajan. Lè yon moun konn ki jan pou l byen jere lajan l, sa ap fè li evite youn nan pi gwo sous konfli ki genyen nan maryaj.

     Prensip biblik: “Kiyès nan nou la a ki vle bati yon fò ki pap chita anvan pou l kalkile konbyen sa ap koute l, dekwa pou l ka wè si l gen ase lajan pou l fini l?” — Lik 14:28.

     Mande tèt ou: ‘Èske m rive kontwole sa m ap depanse, oswa èske byen souvan mwen gen dèt? Ki fason mwen deja montre mwen konn byen jere lajan m?’

  •   Sante espirityèl. Si w se yon Temwen Jewova, ou ta dwe gen yon bon pwogram pou w etidye Bib la e pou w asiste reyinyon yo.

     Prensip biblik: “Byennere moun ki pran konsyans yo bezwen Bondye.” — Matye 5:3.

     Mande tèt ou: ‘Èske m fè efò pou m kenbe lafwa m djanm? Èske abitid espirityèl mwen genyen yo gen premye plas nan lavi m oswa èske m kite lòt bagay pran plas yo?’

 Sa pou w sonje: Moun nou pral marye a merite pou l jwenn yon bon konjwen. Donk, si w ap fè efò pou w vin yon bon moun, gen anpil chans pou w atire yon moun k ap fè menm bagay la tou.