Al gade sa k anndan l

Mwen vle mouri — Èske Bib la ka ede m lè m anvi touye tèt mwen?

Mwen vle mouri — Èske Bib la ka ede m lè m anvi touye tèt mwen?

Repons Bib la bay

 Wi! Bib la soti nan “Bondye, ki konn konsole moun ki dekouraje”. (2 Korentyen 7:6.) Se vre, Bib la pa yon liv sou sante mantal, men li ede anpil moun pou yo sispann anvi touye tèt yo. Bonjan konsèy li gen ladan l yo ka ede w tou.

 Ki konsèy pratik Bib la bay?

  • Fè moun konnen ki jan w santi w.

     Men sa Bib la di: “Yon bon zanmi demontre lanmou toutan e li se yon frè yo ka konte sou li lè gen malè.” — Pwovèb 17:17.

     Sa vle di: Nou bezwen èd lòt moun lè nou tris anpil.

     Si nou pa fè konnen jan nou santi nou, n ap gen yon chay sou do nou ki ka twò lou pou nou. Men lè nou fè konnen jan nou santi nou, santiman negatif ak tristès nou genyen ka vin mwens e nou ka menm kòmanse santi nou soulaje.

     Eseye fè sa: Pale ak yon moun jodi a, petèt yon manm fanmi oswa yon zanmi ou fè konfyans a. Yon lòt bagay ou ka fè se ekri sa w santi yo.

  • Chèche èd nan men doktè ki la pou sa yo.

     Men sa Bib la di: “Se pa moun ki an sante ki bezwen doktè, men se moun ki malad ki bezwen doktè.” — Matye 9:12.

     Sa vle di: Nou ta dwe chèche èd nan men doktè lè nou malad.

     Si nou anvi touye tèt nou se kapab yon sentòm ki montre nou gen yon maladi mantal oubyen yon pwoblèm emosyonèl. Menm jan nou pap wont si nou gen yon maladi fizik, se konsa tou nou pa dwe wont si nou gen yon maladi mantal. Maladi mantal ak pwoblèm emosyonèl se bagay ki ka trete.

     Eseye fè sa: Chèche èd nan men yon doktè ki kalifye pou sa kou sa posib.

  • Sonje Bondye gen sousi pou ou.

     Men sa Bib la di: “Èske yo pa vann senk tikit pou de pyès monnen ki prèske pa gen valè? Epoutan, Bondye pa bliye menm youn ladan yo. […] Nou pa bezwen pè, nou gen plis valè pase anpil tikit.” — Lik 12:6, 7.

     Sa vle di: Ou gen anpil valè nan je Bondye.

     Petèt ou santi w poukont ou, men Bondye wè ki sa w ap viv. Li gen sousi pou ou, menm lè w santi w pa anvi viv ankò. Sòm 51:17 di: “O Bondye, ou pap rejte yon kè k ap fann.” Bondye vle w kontinye viv paske l renmen w.

     Eseye fè sa: Egzamine prèv Bib la bay ki montre Bondye renmen w. Pa egzanp, gade chapit 24 nan liv Annou pwoche bò kote Jewova a.

  • Priye Bondye.

     Men sa Bib la di: “Lage tout tètchaje nou genyen sou [Bondye], paske li gen sousi pou nou.” — 1 Pyè 5:7.

     Sa vle di: Bondye vle pou w fè l konnen jan w santi w toutbon ak sa k ap enkyete w.

     Nonsèlman Bondye ka ba w lapè nan lespri w, men tou, li ka ba w fòs pou w andire sitiyasyon w (Filipyen 4:6, 7, 13). Se konsa li soutni moun ki priye l pou yo mande l èd yo. — Sòm 55:22.

     Eseye fè sa: Priye Bondye jodi a. Sèvi ak non l, Jewova, epi fè l konnen ki sa w santi (Sòm 83:18). Mande l ede w kontinye avanse.

  • Medite sou esperans Bib la bay pou lavni.

     Men sa Bib la di: “Esperans sa a nou genyen an tankou yon lank batiman pou vi nou, li sèten e anmenmtan li solid.” — Ebre 6:19, nòt.

     Sa vle di: Menm jan ak yon bato ki nan yon tanpèt k ap fè monte desann sou vag lanmè yo, se konsa santiman w genyen yo ka ap chanje tanzantan. Men, esperans Bib la bay la ka ede w pou w vin stab.

     Esperans sa a se pa yon rèv, men li chita sou pwomès Bondye fè pou l retire tout sa k lakòz nou soufri. — Revelasyon 21:4.

     Eseye fè sa: Aprann plis sou esperans Bib la bay lè w li leson 5 nan bwochi ki gen tit: Bon nouvèl Bondye bay la!

  • Fè yon aktivite ou renmen.

     Men sa Bib la di: “Kè kontan se bon remèd.” — Pwovèb 17:22.

     Sa vle di: Lè nou fè aktivite ki fè nou gen kè kontan, nou ka vin santi nou pi byen, ni nan domèn mantal, ni nan domèn emosyonèl.

     Eseye fè sa: Fè yon aktivite ou konn renmen fè. Pa egzanp koute mizik ki remonte moral ou, li yon bagay ki ankourajan, oubyen chèche gen yon pastan ou renmen. W ap vin gen plis kè kontan tou si w fè yon bagay pou w ede lòt moun, menm lè se pa gwo bagay. — Travay 20:35.

  • Pran swen sante fizik ou.

     Men sa Bib la di: “Fè egzèsis fizik itil.” — 1 Timote 4:8.

     Sa vle di: Nou jwenn byenfè lè nou fè egzèsis, lè nou dòmi ase ak lè nou manje manje ki bon pou sante nou.

     Eseye fè sa: Al fè yon ti tan ap mache rapid, menm lè se pou 15 minit sèlman.

  • Sonje santiman nou ak lòt bagay nan lavi a pa toujou ret menm jan an.

     Men sa Bib la di: “Nou pa menm konnen sa k ap rive nou demen.” — Jak 4:14.

     Sa vle di: Yon gwo pwoblèm, menm lè se yon pwoblèm ki pa sanble gen solisyon gendwa la pou yon tan sèlman.

     Kèlkeswa jan sitiyasyon w ta ka sanble tris jodi a, li ka chanje demen. Donk, chèche mwayen pou w sipòte l (2 Korentyen 4:8). Sitiyasyon difisil ou ladan l lan ka chanje avèk letan, men si w touye tèt ou tout bagay fini, pa gen mwayen pou w chanje sa.

     Eseye fè sa: Li istwa nan Bib la ki pale sou moun ki te tèlman santi yo dekouraje sa te fè yo anvi mouri, epi gade ki jan lavi yo te vin amelyore pi devan, souvan yon fason yo pa t menm imajine. Ann gad kèk egzanp.

 Èske Bib la pale de moun ki te vle mouri?

 Wi. Bib la pale nou de yon seri moun ki te di: “Mwen vle mouri.” Bondye pa t repwoche yo, men li te ofri yo pou l ede yo. Li ka fè menm bagay la pou ou.

Eli

  •  Kiyès li te ye? Eli te yon pwofèt ki te gen anpil kouraj. Men, pafwa li menm tou li te konn santi l dekouraje. Jak 5:17 fè nou konnen “Eli te yon moun menm jan avèk nou”.

  •  Poukisa l te vle mouri? Rive yon moman, Eli te santi l poukò l, li te pè e l te santi l pa gen valè. Se sa k fè li te sipliye Jewova nan yon priyè, li te di: “O Jewova, se pou w pran lavi m.” — 1 Wa 19:4.

  •  Ki sa k te ede l? Eli te vide kè l bay Bondye. Ki jan Bondye te ankouraje l? Bondye te fè Eli wè li gen sousi pou li e Bondye te fè l wè pisans Li. Mete sou sa, Bondye te bay Eli asirans li toujou bezwen l e li te ba l yon moun pou ede l ki te gen sousi pou li.

  •  Li kèk bagay sou Eli: 1 Wa 19:2-18.

Jòb

  •  Kiyès li te ye? Jòb te yon mesye ki rich ki te gen madanm ak pitit e ki te sèvi vrè Dye a fidèlman.

  •  Poukisa l te vle mouri? Lavi Jòb te chavire tèt anba. Li te pèdi tout sa l te posede. Tout pitit li te mouri nan yon katastwòf. Li te vin gen yon maladi ki t ap fè l soufri anpil. Anplis de sa, yo te lage yon fo akizasyon sou li kòmkwa se li ki lakòz pwoblèm li yo e sa te kraze l. Jòb te di: “Mwen rayi lavi m, mwen pa vle kontinye viv.” — Jòb 7:16.

  •  Ki sa k te ede l? Jòb te priye Bondye e l te pale ak lòt moun (Jòb 10:1-3). Eliyou, yon zanmi l ki te gen konpasyon, te ankouraje l e li te ede l wè sitiyasyon l yon lòt jan. Mete sou sa, Jòb te aksepte konsèy ak èd Bondye te ba li.

  •  Li kèk bagay sou Jòb: Jòb 1:1-3, 13-22; 2:7; 3:1-13; 36:1-7; 38:1-3; 42:1, 2, 10-13.

Moyiz

  •  Kiyès li te ye? Moyiz te yon chèf nan Izrayèl tan lontan an e li te yon pwofèt ki fidèl.

  •  Poukisa l te vle mouri? Moyiz te gen yon pakèt responsablite, yo te toujou ap kritike l e li te fatige anpil. Se sa k fè, li te di Bondye: “Ou mèt touye m kounye a menm.” — Nonb 11:11, 15.

  •  Ki sa k te ede l? Moyiz te fè Bondye konnen jan l te santi l. Bondye te ede Moyiz lè l te retire yon pati nan responsablite l yo, pou l te ka gen mwens strès.

  •  Li kèk bagay sou Moyiz: Nonb 11:4-6, 10-17.

a Si w vrèman anvi touye tèt ou e moun ou fè konfyans yo pa pre w, rele youn nan nimewo ijans ki disponib yo.