Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Èske n dwe kraze renmen an? (1ye Pati)

Èske n dwe kraze renmen an? (1ye Pati)

 Pafwa, lè yon moun kraze yon renmen se yon benediksyon sa ye. Konsidere eksperyans yon jèn fi ki rele Jill. Men sa l di: “Okòmansman, m te kontan lefètke menaj mwen te toujou ap enkyete l pou l konn kote m ye, ki sa m ap fè e ak kiyès mwen ye. Men, sa te rive nan yon pwen kote m pa t ka pase tan ak okenn lòt moun, sèlman avè l. Li te menm konn fè jalouzi lè m pase tan ak fanmi m, sitou papa m. Lè m te kraze renmen an ak menaj mwen, m te santi se tankou yon pwa lou ki sot sou zepòl mwen!”

 Sarah te fè yon eksperyans menm jan an. Li te kòmanse rann li kont John, jèn gason li te remen avè l la, te yon moun ki fawouchè, ki egzijan e ki malelve. Men sa Sarah sonje “Yon lè, li te vin chèche m twazèdtan anreta! Li te fè kòmsi l pa wè manman m lè manman m te vin ouvri pòt la, epi apre sa, li di m ‘Ann ale. Nou anreta.’ Li pa di: ‘Mwen anreta’, men, ‘nou anreta’. Li ta dwe mande m eskiz oswa l ta dwe esplike rezon ki fè l anreta. Sa k pi enpòtan an, li ta dwe montre respè pou manman m!”

 Se vre, yon sèl aksyon oswa yon sèl move bagay pa vle di pou w kraze yon relasyon pou sa (Sòm 130:3). Men, lè Sarah te rann li kont konduit malelve John genyen an se yon abitid, se pa yon ka izole, li te deside kraze relasyon an.

 E si, menm jan ak Jill ak Sarah, ou rann ou kont moun w ap frekante a pa ka fè yon bon konjwen pou ou? Nan ka sa a, pa fèmen je w sou santiman w! Menmsi sa ka difisil pou w aksepte, petèt li t ap pi bon pou w kraze renmen an. Pwovèb 22:3 di: “Moun ki gen lespri a wè danje a, li kache.”

 Se vre, kraze yon renmen pa fasil. Men, maryaj se yon angajman k ap dire pou toutan. Li pi bon pou w viv ak yon ti doulè kounye a olye w ret ap soufri paske w regrèt pou rès vi w!