Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Èske chwa m fè nan kesyon mizik gen enpòtans?

Èske chwa m fè nan kesyon mizik gen enpòtans?

 “Chak maten lè m ap prepare m pou jounen an, m ap fè mizik. Lè m nan machin, m ap fè mizik. Lè m ap pran detant lakay mwen, lè m ap fè netwayaj e menm lè m ap li, m ap fè mizik. M toujou ap tande mizik.” — Carla.

 Èske w renmen mizik menm jan ak Carla? Si se wi, atik sa ap ede w pwofite avantaj ki gen nan sa, l ap ede w evite danje yo e l ap ede w byen chwazi mizik w ap tande.

 Avantaj yo

 Nou ka konpare yon moun k ap tande mizik ak yon moun k ap manje yon bagay. Nan toude ka yo, si moun nan pran san l pou l chwazi ni kalite, ni kantite mizik oswa manje a, sa ap bon pou li. Konsidere sa:

  •   Mizik ka fè kè w kontan anpil.

     “Lè m ap pase yon move jounen, m konn annik kòmanse tande mizik m pi renmen an epi, menm kote a, m vin santi m byen.” — Mark.

  •   Mizik ka fè w sonje yon bèl moman.

     “Byen souvan, yon chante an patikilye konn fè m sonje yon bèl moman. Konsa, kè m kontan chak fwa m ap tande l.” — Sheila.

  •   Mizik ka kontribye pou gen inite.

     “Pandan m te nan yon kongrè entènasyonal Temwen Jewova yo, m te kòmanse kriye lè tout moun nan asistans lan t ap chante dènye kantik la. Se vre n pa t pale menm lang, men, mizik la te ini nou.” — Tammy.

  •   Mizik ka ede w devlope bèl kalite.

     “Ou dwe gen disiplin ak pasyans pou w rive aprann jwe yon enstriman mizik. Se pa yon bagay ou ka metrize byen vit. Sèl fason pou w pwogrese se fè pratik.” — Anna.

 Èske w te konnen? Liv Sòm nan, liv ki pi gwo nan Bib la, se yon liv ki gen 150 chante.

Pran san w pou w chwazi mizik w ap tande menm jan w fè sa pou manje w ap manje.

 Danje yo

 Menm jan ak manje ki gate, gen kèk mizik ki tankou pwazon pou ou. Ann wè sa k fè sa.

  •   Gen anpil mizik ki chaje ak vye pawòl sou sèks.

     “Sanble tout mizik ki popilè yo se mizik ki pale de sèks. Yo pa menm eseye kache sa ankò.” — Hannah.

     Bib la di: “Depi se fònikasyon, salte sou kèlkeswa fòm nan, oswa avaris, nou pa dwe menm pale de yo nan mitan nou.” (Efezyen 5:3). Mande tèt ou: ‘Èske mizik m konn tande yo anpeche m suiv konsèy sa a?’

  •   Gen kèk mizik ki ka fè tristès anvayi w.

     “Pafwa, m konn reveye lannuit epi m kòmanse tande mizik ki fè m panse ak bagay k ap dekouraje m. Mizik ki tris yo ka fè m kòmanse gen move panse nan lespri m.” — Tammy.

     Bib la di: “Plis pase tout lòt bagay, pwoteje kè w.” (Pwovèb 4:23). Mande tèt ou: ‘Èske mizik m konn tande yo fè m ret ap panse ak bagay negatif?’

  •   Gen kèk mizik ki ka fè w vin an kòlè.

     “Gen kèk mizik agresif ki pouse moun rayi tèt yo, mizik sa yo se yon danje anba anba pou mwen. M rann mwen kont santiman m toujou chanje apre m fin tande stil mizik sa yo. Fanmi m remake sa tou.” — John.

     Bib la di: “Kanta pou kòlè, raj, mechanste, jouman, voye tout bagay sa yo jete lwen nou toutbonvre, e mo sal pa dwe soti nan bouch nou.” (Kolosyen 3:8). Mande tèt ou: ‘Èske mizik m konn tande yo fè m vin agresif e yo fè m vin ensansib devan santiman lòt moun?’

 Sa w dwe sonje? Byen chwazi mizik w ap tande. Se sa yon jèn ki rele Julie eseye fè. Men sa l di: “M toujou analize stil mizik m ap tande yo e m efase nenpòt bagay m rann mwen kont ki pa apwopriye. Sa pa toujou fasil, men, m konnen se sa m dwe fè.”

 Gen yon jèn fi, ki rele Tara, ki dakò ak sa. Men sa l di: “Pafwa, yo konn ap pase yon mizik ki chofe anpil nan radyo a, men, apre m fin tande pawòl yo m konn rann mwen kont m dwe chanje pòs la. Lè m aji konsa, se kòmsi m te sispann manje yon bon ti gato apre yon sèl kout dan! Sepandan, m konnen si m gen ase fòs pou m rejte yon mizik ki pale de sèks, sandout, m ap gen fòs pou m evite sèks anvan maryaj. M pa vle souzestime efè mizik m ap tande yo ka gen sou mwen.”