Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Èske omoseksyalite se yon bagay mal?

Èske omoseksyalite se yon bagay mal?

 “Toutpandan m t ap grandi, youn nan bagay ki te pi difisil pou m lite kont li se atirans m te gen pou moun ki gen menm sèks avè m. M te panse se jis pou yon moman e sa t ap pase, men, m toujou santi menm bagay yo.” — David, 23 an.

 David se yon kretyen ki vle fè Bondye plezi. Èske l ka rive fè sa toutpandan l gen atirans pou moun ki gen menm sèks avè l? Ki sa Bondye panse toutbon sou omoseksyalite?

 Ki sa Bib la di?

 Fason yon moun konsidere omoseksyalite ka varye selon kilti moun nan ak epòk l ap viv la. Sepandan, kretyen yo pa moun k ap suiv opinyon ki popilè ni yo pa kite ‘tout van ansèyman pote yo ale adwat agoch’. (Efezyen 4:14.) Olye de sa, pwennvi yo sou konduit omoseksyèl (ak nenpòt lòt kalite konduit menm jan an) baze sou yon seri prensip yo jwenn nan Bib la.

 Prensip Bib la bay konsènan konduit omoseksyèl yo byen klè. Pawòl Bondye a di:

  •  “Ou pa dwe fè relasyon seksyèl ak yon gason menm jan w fè relasyon seksyèl ak yon fi.” — Levitik 18:22.

  •  “Akoz dezi ki nan kè yo, Bondye [...] lage yo e li kite dezi seksyèl san kontwòl yo genyen yo domine yo, paske fi yo kite fason natirèl pou yo sèvi ak kò yo, y al fè sa ki pa natirèl.” — Women 1:24, 26.

  •  “Pa twonpe tèt nou. Moun k ap fè imoralite seksyèl, moun k ap adore zidòl, moun k ap fè adiltè, gason ki dakò lòt gason kouche yo, gason k ap kouche ak gason, moun k ap vòlè, moun ki ava, moun ki bwasonyè, moun k ap joure moun, moun ki dechèpiyè pap benefisye Wayòm Bondye a.” — 1 Korentyen 6:9, 10.

 An reyalite, prensip Bondye yo aplikab pou tout moun, kit yo gen tandans omoseksyèl kit yo renmen moun ki gen lòt sèks. Sa k enpòtan an sèke tout moun dwe demontre metriz lè yo anvi fè yon bagay Bondye rayi. — Kolosyen 3:5.

 Èske sa vle di...?

 Èske sa vle di Bib la ankouraje n rayi moun ki omoseksyèl?

 Non. Anfèt, Bib la pa ankouraje n rayi pèsonn, kit se omoseksyèl kit se moun ki renmen moun lòt sèks. Olye de sa, li ankouraje n “chèche viv anpè ak tout moun” kèlkeswa lavi moun nan ap mennen an (Ebre 12:14). Konsa, li pa bon pou n nan bay omoseksyèl yo brimad, pou n nan fè krim sou yo oswa pou n aji nenpòt lòt move fason ak yo.

 Èske sa vle di kretyen yo dwe kanpe kont lwa ki pèmèt de moun ki gen menm sèks marye?

 Bib la montre pwennvi Bondye anrapò maryaj se inyon yon gason ak yon fi (Matye 19:4-6). Sepandan, diskisyon anrapò ak lwa lèzòm bay sou kesyon maryaj ant de moun ki gen menm sèks la se yon sijè politik, li pa yon sijè moral. Bib la mande kretyen yo pou yo rete net nan zafè politik (Jan 18:36). Konsa, yo pa ni pou, ni kont lwa gouvènman yo bay anrapò ak maryaj moun ki gen menm sèks oswa anrapò ak konduit omoseksyèl.

 Men, e si...?

 Men, e si yon moun se omoseksyèl? Èske l ka chanje?

 Wi. Anfèt, gen kèk moun nan premye syèk la ki te rive fè sa! Apre Bib la fin di moun ki omoseksyèl yo pap benefisye Wayòm Bondye a, li di: “Se sa kèk nan nou te ye.” — 1 Korentyen 6:11.

 Èske sa vle di moun ki sispann pratik sa a pap gen okenn anvi retounen nan kalite lavi yo t ap mennen an? Non. Bib la di: “Abiye nou ak nouvo pèsonalite a, li menm k ap renouvle grasa konesans egzak la.” (Kolosyen 3:10.) Chanjman sa a se yon pwosesis k ap kontinye.

 Men, e si yon moun ki vle suiv prensip Bondye yo toujou gen tandans omoseksyèl?

 Menm jan ak nenpòt lòt tandans, yon moun ka chwazi rejte tandans sa yo. Ki jan l ka fè sa? Bib la di: “Kontinye viv selon lespri a, e nou pap akonpli okenn dezi lachè.” — Galat 5:16.

 Remake vèsè a pa di moun nan pap gen okenn dezi lachè. Olye de sa, si moun nan gen yon bon woutin espirityèl lè l li Labib e l priye Jewova, l ap jwenn fòs li bezwen pou l reziste kont dezi sa yo.

 David, nou te pale de li okòmansman an, twouve sa se laverite, sitou apre l te fin met paran l yo ki kretyen okouran konsènan lit l ap mennen an. Men sa l di: “Se tankou yon gwo chay byen lou ki sot sou zepòl mwen, e sandout, m te ka pi byen pwofite adolesans mwen si m te fè yo konn sa pi bonè.”

 Yon bagay ki sèten, sèke n pi kontan lè n viv ann amoni ak prensip Jewova yo paske n gen konviksyon yo “jis, yo fè kè moun kontan” e “moun ki suiv yo jwenn anpil avantaj”. — Sòm 19:8, 11.