Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki jan m ka fè fas ak erè m fè?

Ki jan m ka fè fas ak erè m fè?

 Ki sa ou menm ou t ap fè?

 Li sa k te rive Karina a, epi imajine sa rive w tou. Ki sa ou menm ou t ap fè nan sitiyasyon sa a?

 Karina: “M t ap kondui twò vit yon lè pandan m pral lekòl. Konsa, yon polisye te fè m siy pou m kanpe e l te ban m yon kontravansyon. Sa te afekte m anpil! M te fè manman m konn sa e l te di m al di papa m sa, yon bagay m pa t anvi fè ditou.”

Ki sa ou menm ou t ap fè?

  1.  Opsyon A: Pa di anyen, epi swete papa w pap janm konn sa.

  2.  Opsyon B: Di papa w egzakteman sa k rive a.

 Ou te ka anvi chwazi opsyon A a. Dayè, petèt manman w ap jis panse w te fè papa w konn sa. Men, toujou gen bonjan rezon pou w rekonèt erè w fè, kit sa gen rapò ak yon kontravansyon oswa yon lòt bagay.

 Twa rezon ki fè w dwe admèt erè w fè

  1.  1. Se pi bon bagay ou ka fè. Pou Bib la montre prensip tout kretyen dwe suiv, li di: “Nou vle konpòte nou yon fason ki dwat nan tout bagay.” — Ebre 13:18.

     “Mwen fè anpil gwo efò pou m montre m onèt, pou m responsab aksyon m yo e pou m admèt yon erè m fè tousuit mwen fin fè l.” — Alexis.

  2.  2. Li pi fasil pou yo padone yon moun ki admèt erè l fè. Bib la di: “Moun ki kache peche l pap reyisi, men, moun ki konfese yo e ki pa fè yo ankò, y ap fè l mizèrikòd.” — Pwovèb 28:13.

     “Sa mande kouraj pou w admèt erè w fè, men, se konsa lòt moun ap rive fè w konfyans piske yo wè w se yon moun ki onèt. Lè w admèt yon erè, ou fè yon move bagay vin tounen yon bon bagay.” — Richard.

  3.  3. Sa k pi enpòtan, sèke sa fè Jewova Dye plezi. Bib la di: “Jewova pa vle wè moun k ap fè sa k pa sa, men, li bon zanmi ak moun ki dwat.” — Pwovèb 3:32.

     “Apre m te fin fè yon erè grav, m te kòmanse rann mwen kont mwen bezwen fè lòt moun konn sa. Jewova pap beni m ditou si m pa fè bagay yo jan l vle a.” — Rachel.

 Ki jan bagay yo te fini pou Karina apre erè li te fè a? Li te eseye fè tout sa l kapab pou papa l pa konn si l te pran yon kontravansyon. Men, li pa t ka kache sa pou toutan. Men sa Karina di: “Anviwon ennan apre, pandan papa m t ap verifye dokiman asirans nou, li te remake m te pran yon kontravansyon. Konsa, m te vin nan gwo pwoblèm. Menm manman m te fache lefètke m pa t fè sa l te di m fè a!”

 Leson: Karina di: “Lè w kache erè w fè, sa toujou fè bagay yo vin pi mal. W ap peye sa yon lè kanmenm!”

 Fason pou w aprann nan erè w yo

 Tout moun konn fè erè (Women 3:23; 1 Jan 1:8). Men, jan n sot wè sa, lè yon moun rekonèt erè l fè san pèdi tan, sa montre l gen imilite ak matirite.

 Lòt etap la se aprann nan erè w yo. Malerezman, gen kèk jèn ki pa aprann nan erè yo lè yo jwenn okazyon an! Petèt yo ka santi yo menm jan ak yon jèn fi ki rele Priscilla. Men sa l di: “Erè m fè yo toujou fè m santi m vrèman dekouraje. Piske m pa fè tèt mwen konfyans, erè m yo vin tankou yon gwo pwa lou m pa ka pote. M tèlman konn santi m dekouraje, m konn di tèt mwen m se yon ka dezespere.”

 Èske w konn santi w konsa pafwa? Si se wi, sonje sa: Lè w ret ap reflechi ak erè w fè se kòmsi w t ap kondui yon machin epi w ret ap gade nan retwovizè a. Lè w ret konsantre sèlman sou sa k te pase w ap santi w pa vo anyen e sa ap fè w pa gen ase fòs pou w fè fas ak difikilte ki gen pou vini yo.

 Olye de sa, poukisa w pa eseye gen yon pwennvi ki pi ekilibre?

 “Reflechi ak erè w fè yo epi chèche aprann nan yo yon fason pou w pa refè yo. Men, pa ret konsantre twòp sou yo pou yo pa fin kraze w nèt.” — Elliot.

 “Mwen eseye konsidere erè m yo kòm yon eksperyans ki ka aprann mwen yon bagay. Nan chak erè m fè, m chèche aprann yon leson k ap ede m vin yon pi bon moun e k ap ede m jere sitiyasyon an yon lòt fason si m jwenn li ankò. Anfèt, se pi bon bagay m te ka fè paske sa ede m grandi.” — Vera.