Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Èske m pare pou m kite kay la?

Èske m pare pou m kite kay la?

 Ou ka chofe pou w kite kay paran w men anmenmtan ou ka pè. Ki jan w ka konnen si w pare pou w responsab tèt ou?

 Byen egzamine rezon w yo

 Gen plizyè rezon ki ka ba w anvi pou w kite kay paran w, men gen ladan yo ki pa fin rezonab. Pa egzanp, men sa yon jèn gason ki rele Mario te admèt: “M te vle kite kay la paske m pa t vle kontinye fè travay m te gen pou m fè yo.”

 An reyalite, w ap gen mwens libète si w kite kay paran w. Men ki sa Onya, ki gen 18 an, di: “Si w kite kay paran w, w ap gen pou w netwaye kote w rete a, pou w prepare manje w poukont ou, pou w peye sa w bezwen ak kòb ou e w pap gen paran w avè w pou ede w!”

 Sa w dwe sonje: Ou bezwen byen konprann poukisa w vle kite kay paran w pou w ka konnen si ou vrèman pare pou w fè sa.

 Kalkile depans yo

 Men sa Jezi te di: “Pa egzanp, kiyès nan nou la a ki vle bati yon fò ki pap chita anvan pou l kalkile konbyen sa ap koute l, dekwa pou l ka wè si l gen ase lajan pou l fini l?” (Lik 14:28). Ki jan w ka “kalkile konbyen sa ap koute w” si w kite kay paran w? Egzamine tèt ou nan domèn sa yo.

  ÈSKE W KONN BYEN JERE LAJAN W?

 Men sa Bib la di: “Lajan se yon pwoteksyon.” — Eklezyas 7:12.

  •  Èske l difisil pou w fè ekonomi?

  •  Èske w toujou ap depanse kòb ou san kontwòl?

  •  Èske w gen abitid prete kòb nan men moun?

 Si w reponn wi pou nenpòt nan kesyon sa yo, ou ka tonbe nan gwo tètchaje si w al viv sou kont tèt ou!

 “Frè m nan te kite kay la lè l te gen 19 an. Nan yon sèl ane, tout kòb li te fini, labank te sezi machin li an, yo pa t vle prete l lajan ankò paske kredi l pa t bon menm, e l te oblije sipliye paran m pou l tounen nan kay la.” — Danielle.

 Sa w ka fè kounye a: Mande paran w ki sa depans yo ye an jeneral pou yon mwa. Ki depans yo gen pou yo fè, e ki jan yo planifye bidjè yo pou yo ka peye yo? Ki jan yo fè ekonomi?

 Sa w dwe sonje: Lè w aprann jere lajan kounye a pandan w kay paran w, sa ap prepare w pou w viv ak reyalite difisil ki mache ak jesyon lajan lè w pral viv sou kont tèt ou.

  ÈSKE W GEN LÒD?

 Bib la di: “Paske, chak moun ap pote pwòp chay pa l.” — Galat 6:5.

  •  Èske w se yon moun ki toujou ap voye travay ou dwe fè pou pita?

  •  Èske se paran w ki pou fè w sonje travay ou gen pou w fè nan kay la?

  •  Èske sa rive souvan ou pa respekte lè paran w fikse pou w rantre nan kay la?

 Si w reponn wi pou nenpòt nan kesyon sa yo, li ka pi difisil pou w pran responsablite w lè w vin ap viv poukont ou.

 “Lè w ap viv poukont ou, gen kèk bagay ou ka pa renmen fè, men ou dwe pran tan pou w fè yo. Pa gen moun ki pral di w fè yo, donk ou bezwen motive tèt ou epi kenbe yon bon pwogram pou w ka fè bagay sa yo.” — Jessica.

 Sa w ka fè kounye a: Pandan yon mwa, eseye pran tout responsablite w ka pran nan kay la. Pa egzanp, netwaye kay la, lave rad ou yo, ale nan mache, fè yon manje chak jou, epi lèfini, lave asyèt yo. Konsa, w ap gen yon ide sou sa k ap tann ou lè w pral viv poukont ou.

 Sa pou w sonje: Li enpòtan anpil pou w gen lòd lè w ap viv poukont ou.

Kite kay paran w san w pa t prepare pou sa se tankou w te vole sot nan yon avyon san w pa t aprann sèvi ak yon parachit anvan sa a

  ÈSKE W BYEN JERE EMOSYON W?

 Men sa Bib la di: “Kanta pou kòlè, raj, mechanste, jouman, voye tout bagay sa yo jete lwen nou nèt.” — Kolosyen 3:8.

  •  Èske l difisil pou w antann ou ak lòt moun?

  •  Èske l difisil pou w kontwole tanperaman w?

  •  Èske w toujou vle pou bagay yo fèt jan ou menm ou vle a?

 Si w reponn wi pou nenpòt nan kesyon sa yo, li ka difisil pou w abite ak yon lòt moun e li ka menm difisil, lè w marye, pou w viv ak moun nan.

 “Se lè m te vin abite ak lòt moun mwen te vin wè defo m genyen yo. M te aprann mwen pa dwe atann lòt moun tolere move san m yo, menmsi se strès ki lakòz yo. Mwen te oblije jwenn yon pi bon fason pou m jere strès mwen.” — Helena.

 Sa w ka fè kounye a: Aprann antann ou ak paran w, ansanm ak frè ak sè w yo. Paske, fason w jere defo moun w ap viv avèk yo kounye a ap montre fason w pral jere defo moun ou pral viv avèk yo a pi devan.

 Sa w dwe sonje: Pou w viv poukò w ou bezwen fè bonjan preparasyon paske sa pap retire sou responsablite w yo. Sa w panse si w ta pale ak moun ki te reyisi fè sa? Ou ka mande yo, lè yo fè yon ti reflechi, ki bagay yo t ap fè yon lòt jan si yo te konnen sa yo konnen kounye a. Li bon pou n chèche enfòmasyon pou tout gwo dezisyon n ap pran!