Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Èske m dwe fè yon tatwaj?

Èske m dwe fè yon tatwaj?

 Ki sa k pouse moun fè l?

 Gen yon jèn gason ki rele Ryan ki di: “M panse gen kèk tatwaj ki se vrèman yon bèl travay atis.”

 Rezon ki pouse yon moun fè yon tatwaj ka gen efè sou fason l konsidere yo. Pa egzanp, men sa yon jèn fi ki rele Jillian fè konnen: “Gen yon tifi ki te nan menm klas avè m ki te pèdi manman l lè l te piti. Lè l vin adolesan, li te fè tatwaj non manman l dèyè kou l. M panse yon tatwaj konsa vrèman bon.”

 Kèlkeswa rezon an, ou ta dwe pran tan pou w reflechi anvan w deside fè nenpòt bagay sou kò w k ap ret pou toutan! Ki kesyon w ta dwe poze tèt ou si w ap reflechi pou w fè yon tatwaj? Ki prensip biblik ki ka ede w pran pi bon desizyon an?

 Ki kesyon w ta dwe poze tèt ou?

 Ki danje sa genyen pou sante moun? Men sa yon sit Entènèt, ki rele Mayo Clinic, fè konnen: “Piske yon moun dwe pèse kò l pou l fè yon tatwaj, sa fè l vin posib pou l fè enfeksyon nan po oswa pou l gen lòt konplikasyon. Pafwa, konn gen yon seri gwo boul (granulom) ki leve toutotou tatwaj la. Anplis de sa, tatwaj yo ka lakòz moun gen yon maladi ki rele cheloyid (yon seri kwout ki leve sou po moun nan akoz sikatris la).” Men sa sit la ajoute: “Si aparèy yo itilize pou fè tatwaj la kontamine ak san ki enfekte, yon pakèt maladi ka antre nan san w.”

 Ki jan sa ka gen efè sou repitasyon w? Kit ou vle kit ou pa vle, aparans ou fè lòt moun konn kiyès ou ye. Nonsèlman li fè yo konn si w se yon moun ki responsab oswa ki pa gen matirite, men tou, li fè yo konnen si w diy pou yo fè w konfyans. Men sa yon jèn fi ki rele Samantha fè konnen: “Depi m wè yon moun ki gen tatwaj, otomatikman mwen mete l nan kategori moun ki konn bwè e ki renmen banbòch.”

 Melanie, ki gen 18 an, wè l nan yon lòt ang. Men sa l di: “Pou mwen menm, tatwaj yo kache bote natirèl moun. Se kòmsi moun ki fè l yo pa vle w wè kiyès yo ye toutbon, konsa, yo kache tèt yo dèyè tatwaj yo fè yo.”

 Èske w ap toujou renmen l? Rive yon lè, yon tatwaj ka vin defòme si moun ki genyen l lan vin gwosi oswa l vin vyeyi. Gen yon jèn gason ki rele Joseph ki di: “M gentan wè ki jan tatwaj yo parèt plizyè dizèn ane apre, e yo pa bèl ditou.”

 Men sa Allen, ki gen 21 an, fè konnen: “Byen souvan, tatwaj yo vin pase mòd. Yon bagay ki te gen anpil siyifikasyon pou moun ki gen tatwaj la gendwa vin pa enpòtan kèk ane annapre.”

 Allen gen rezon. Verite a sèke, tank yon moun ap antre nan laj se tank pwennvi l, gou l ak sa l renmen ap chanje. Men, tatwaj yo pa janm chanje. Gen yon jèn fi, ki rele Teresa, ki di: “Fè yon tatwaj ki sèlman la pou fè m sonje yon santiman foli, se yon bagay m pa vle ajoute nan lis sa m gen pou m regrèt pi devan yo.”

 Ki prensip biblik ki ka ede w?

 Yon moun ki gen matirite pran tan pou l egzamine tout bagay anvan l pran yon desizyon (Pwovèb 21:5; Ebre 5:14). Donk, egzamine prensip biblik ki vin apre yo ki konsène tatwaj.

  •  Kolosyen 3:20: “Nou menm timoun, se pou nou obeyi paran nou nan tout bagay, paske sa fè Seyè a plezi anpil.”

      Ki sa k ka rive w si w ap viv lakay paran w e w pa respekte konsèy yo ba w?

  •  1 Pyè 3:3, 4: “Abiman nou, se pa dwe sa ki parèt pa deyò a, tankou trese cheve, met bijou annò oubyen met rad ki chè, men, se ta dwe moun nou ye nan fon kè nou an ki abiye ak yon rad ki pa ka blaze, anpalan de yon lespri ki dou e ki pezib.”

      Dapre ou menm, poukisa Bib la met anpil aksan sou “moun nou ye nan fon kè nou” an?

  •  1 Timote 2:9: “Medam yo dwe fè bèbèl ak tèt yo [...] yon fason ki senp e avèk bonsans.”

      Ki sa ekspresyon “yon fason ki senp” lan vle di? Nan ki sans ou pi bèl lè w senp pase lè w fè tatwaj?

  •  Women 12:1: “Prezante kò nou kòm yon sakrifis ki vivan, ki sen, ki fè Bondye plezi. Konsa, n ap ba li yon sèvis sakre avèk kapasite nou genyen pou nou rezone.”

      Poukisa fason w trete kò w gen anpil enpòtans pou Bondye?

 Gen anpil moun ki deside pa fè tatwaj apre yo fin reflechi sou prensip sa yo. Anfèt, yo rive jwenn yon bagay ki pi bon pase tatwaj. Men sa Teresa, nou te pale de li pi wo a, fè konnen: “Si w gen yon fraz oswa yon slogan ou renmen anpil, oubyen w gen yon moun ki enpòtan pou ou, chèche viv ann amoni ak fraz la oswa slogan an, oubyen fè moun nan konnen jis nan ki pwen l enpòtan pou ou. Olye w fè yon tatwaj, viv sa w kwè a.”