Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Poukisa m dwe fè lapè avèk frè ak sè m yo?

Poukisa m dwe fè lapè avèk frè ak sè m yo?

 “Se lang ak dan”

 Anpil moun dakò frè ak sè “se lang ak dan”. Nou youn renmen lòt, men dèfwa nou jis pa ka antann nou. Helena ki gen 18 an di: “Ti frè m nan [renmen] annuiye m. Li konnen egzakteman ki sa pou l fè pou l fè m fè kòlè, e li konnen nan ki moman pou l fè sa!”

 Byen souvan, gen pwoblèm frè ak sè konn genyen ki ta ka rezoud si de moun yo te annik pran yon ti tan pou yo pale pou yo rezoud pwoblèm nan. Pa egzanp:

  •   De frè ki nan menm chanm ka nan diskisyon paske youn vle pou lòt la pa deranje l sitou nan kèk moman. Ki sa ki solisyon an? Se pou youn aprann sede pou l bay lòt la yon ti moman kote l poukont li. Aplike prensip nou jwenn nan Lik 6:31 an.

  •   Yon sè ka abitye pran rad sè l san l pa mande l pèmisyon, e sa ka bay pwoblèm. Ki sa ki solisyon an? Pale de sa epi fikse limit ki rezonab. Aplike prensip nou jwenn nan 2 Timote 2:24 la.

 Gendelè pwoblèm ant frè ak sè gendwa pi serye e konsekans yo ka grav. Annou wè de egzanp nan Bib la:

  •   Miryam ak Arawon te jalou Moyiz frè yo e konsekans yo te vrèman grav. Li istwa a nan Nonb 12:1-15, epi mande tèt ou: ‘Kòman m ka evite jalou frè m ak sè m?’

  •   Kayen te vin sitèlman fache avèk frè l la, Abèl, li te touye l. Li istwa a nan Jenèz 4:1-12, epi mande tèt ou: ‘Kòman m ka metrize m pou m pa fè kòlè sou frè ak sè m?’

 De rezon pou nou fè lapè

 Menmsi l vrèman difisil pou w antann ou ak frè w ak sè w, gen omwen de rezon ki fè ou dwe fè efò pou w fè sa.

  1.   Se yon siy ki montre ou pa timoun ankò. Gen yon jèn gason ki rele Alex ki di: “M te konn fache fasil sou de ti sè m yo, men kounye a m gen plis dousè e m pi pasyan avè yo. M ka di m pa timoun ankò.”

     Bib la di: “Moun ki pa fè kòlè fasil se moun ki gen anpil lespri, men, moun ki pa gen pasyans lan fè wè jan l sòt.” — Pwovèb 14:29.

  2.   Se yon bon fòmasyon k ap itil ou pi devan. Si w pa ka tolere enpèfeksyon frè w ak sè w, ki jan w ap fè pou w boule ak mari w oubyen madanm ou, moun nan travay ou, patwon w, oubyen nenpòt lòt moun ou gen pou w boule avè yo?

     Reyalite a: Pou relasyon n ap genyen ak lòt moun pi devan reyisi, sa ap mande pou nou byen kominike, e pa gen pi bon kote pou w aprann devlope yon seri bon abitid pase nan fanmi w.

     Bib la di “depi sa depann de nou, se pou nou anpè ak tout moun”. — Women 12:18.

 Èske w ta renmen jwenn èd pou ede w rezoud pwoblèm ou genyen avèk yon frè w oubyen yon sè w? Li “Sa lòt jèn di”, e gade fich ki mache avèk atik sa a ki rele: “Byen boule ak frè w ak sè w.”