Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Èske n dwe kraze renmen an? (2yèm pati)

Èske n dwe kraze renmen an? (2yèm pati)

 Toudabò, chwazi yon kad ki apwopriye pou fè konvèsasyon an. Ki kad li ta dwe ye?

 Ebyen, reflechi sou fason ou ta renmen yo trete w (Matye 7:12). Èske w ta renmen yo anonse w sa devan tout moun? Sandout non.

 Li pa t ap bon pou w kraze yon relasyon pa mwayen yon repondè telefòn, yon mesaj tèks oswa yon imel, sof si sikonstans lan pèmèt sa. Olye de sa, chwazi yon lè ak yon kote ki apwopriye pou w pale sou sijè enpòtan sa a.

 Ki sa w ta dwe di lè moman an rive pou w pale? Apot Pòl te ankouraje kretyen yo pou youn di lòt “laverite”. — Efezyen 4:25.

 Donk, sa k pi enpòtan an se montre w gen ladrès toutpandan w fèm. Esplike byen klè rezon ki fè w panse relasyon an pap bon pou ou.

 Ou pa bezwen site tout bagay ou pa t renmen lakay moun nan ni w pa bezwen plede kritike l. Anfèt, olye w di: “Ou pa janm fè si” oswa “Ou pa janm fè sa”, li ta pi bon pou w sèvi ak fraz ki atire atansyon sou sa w santi. Pa egzanp ou ka di: “Mwen bezwen yon moun ki...” oswa “M santi relasyon an ta dwe kraze paske...”

 Se pa moman pou w ap bwete sou de opinyon oswa pou w kite yo fè w chanje lide. Sonje w te chwazi kraze renmen an pou yon rezon enpòtan. Donk, ou dwe fè atansyon si zanmi w lan ap eseye sèvi ak kèk teknik anba anba pou l fè w chanje lide. Gen yon jèn fi ki rele Lori ki te di: “Apre m te fin kraze renmen an, ansyen menaj mwen an te kòmanse fè kòmsi l deprime toutan. Mwen panse l te fè sa pou m ka gen pitye pou li. M te santi m mal. Men, m pa t kite fason l t ap aji a fè m chanje lide.” Menm jan ak Lori, ou bezwen konn sa w vle. Kenbe desizyon w fèm. Se pou non w vle di non. — Jak 5:12.