Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Poukisa w dwe asiste reyinyon ki fèt nan Sal Wayòm yo?

Poukisa w dwe asiste reyinyon ki fèt nan Sal Wayòm yo?

 Temwen Jewova yo fè reyinyon de fwa pa semèn nan lokal yo genyen yo, ki rele Sal Wayòm. Ki sa yo fè nan reyinyon sa yo, e ki jan w ka jwenn byenfè lè w asiste yo?

 Ki sa yo fè nan Sal Wayòm yo?

 Sal Wayòm yo se lokal kote yo anseye moun Labib. Reyinyon yo fè yo ka ede w:

  •   aprann konnen Bondye.

  •   konprann sa evènman k ap pase jodi yo vle di.

  •   vin yon pi bon moun.

  •    jwenn bon zanmi.

 Èske w te konnen? Yo rele lokal kote Temwen Jewova yo fè reyinyon yo Sal Wayòm paske nan lokal sa yo, se sou Wayòm Bondye a yo pale pi souvan. — Matye 6:9, 10; 24:14; Lik 4:43.

 Poukisa w dwe asiste reyinyon yo?

 Konesans y ap bay la ap ede w. Nan reyinyon Temwen Jewova yo, yo egzamine prensip ki nan Bib la, e prensip sa yo ap ede w “gen sajès”. (Pwovèb 4:5.) Anfèt, sa vle di Bib la ka ede w pran bon desizyon nan lavi w. Epitou, li ka ede w reponn yon seri gwo kesyon nan lavi a tankou:

 Men tit kèk diskou yo bay nan reyinyon nou fè nan fen semèn nan:

  •   Poukisa nou dwe kite Bib la gide nou?

  •   Ki kote nou ka jwenn èd nan moman detrès?

  •   Sa Wayòm Bondye a ap fè pou nou kounye a.

 “Gen yon kamarad lekòl mwen ki te vin nan youn nan reyinyon yo. Li te chita ansanm avèk fanmi nou, li te suiv nan liv nou yo. Annapre, li te di m sa te vrèman touche l lè l t ap tande kòmantè kèk moun t ap fè nan patisipasyon kote asistans lan t ap patisipe yo. Li te di m tou yo pa etidye jan nou fè a nan legliz li a.” — Brenda.

 Èske w te konnen? Moun pa peye pou plas yo nan Sal Wayòm yo, epi yo pa janm fè lakòlèt.

 Reyinyon avèk zanmi yo ap ankouraje w. Labib aprann nou youn nan rezon ki fè kretyen yo dwe reyini ansanm se pou “youn ankouraje lòt”. (Ebre 10:24, 25.) Lè nou ansanm ak moun ki mete Bondye ak lòt moun anvan tèt yo, sa ban nou fòs nan monn sa a kote pifò moun se tèt yo yo wè sèlman.

 “Apre yon jounen byen long, mwen konn santi m tris epi fatige, men moun nan Sal Wayòm nan toujou fè m santi m pi byen. Apre reyinyon an, lè m pral lakay mwen, mwen santi m kontan e m pare pou yon lòt jou.” — Elisa.

 Èske w te konnen? Gen plis pase 120 000 kongregasyon Temwen Jewova nan monn nan, yo reyini nan plis pase 60 000 lokal. Chak ane, yo konstwi anviwon 1 500 Sal Wayòm an mwayèn pou pakèt moun ki kontinye ap vin sèvi Jewova yo ka jwenn kote pou yo reyini a.

a Pou w jwenn yon lokal kote n fè reyinyon, ale sou paj “Reyinyon Temwen Jewova yo”, epi klike sou “Adrès ki pi pre lakay mwen”.