Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Èske m ta dwe kite lekòl?

Èske m ta dwe kite lekòl?

 “M pa renmen lekòl!” Si se konsa w santi w, petèt ou ka anvi kite lekòl. Atik sa a ap ede w jwenn kèk pi bon solisyon.

 Rezon ki fè kèk jèn kite lekòl

 Men kèk rezon moun ki nan domèn edikasyon bay:

  •   Difikilte pou aprann. ‘De jou an jou nòt mwen yo ap vin pi mal.’

  •   Manke enterè. ‘M pa wè sa m ap aprann yo ap itil mwen.’

  •   Pwoblèm ekonomik. ‘Fò m travay pou m ede fanmi m.’

 Reflechi sou konsekans yo

 Men sa Bib la di: “Moun ki gen lespri a veye chak pa l fè.” ​(Pwovèb 14:15). Ki leson w ka aprann? Si w gen entansyon kite lekòl, ou dwe reflechi sou konsekans yo.

 Mande tèt ou:

  •   ‘Si m kite lekòl, èske m ap ka jwenn yon travay pi devan?’

     “Panse ak lè w ap bezwen jwenn yon travay ak lè w ka bezwen pran swen yon fanmi pi devan. Ki jan w ap ka fè sa si pifò patwon yo mande pou w gen diplòm lekòl segondè pou pi piti?” — Julia.

  •   ‘Si m kite lekòl, èske l ap fasil pou m jere pwoblèm mwen jwenn pi devan?’

     “Lekòl prepare w pou lavi a. Pi devan, moun ou rankontre yo, tantasyon w jwenn yo ak travay ou fè ap sanble ak sa w te jwenn lekòl yo.” — Daniel.

  •   ‘Si m kite lekòl èske m ap ka travay kalite m ap bezwen genyen antanke granmoun?’

     “Lekòl ka pa sanble itil pou kounye a, men lè w gen 23 an epi w ap eseye fè yon bidjè, w ap di tèt ou ‘M kontan m te konn suiv kou matematik yo.’” — Anna.

 Yon pi bon solisyon

  •   Mande èd. Men sa Bib la di: “Tout bagay mache byen lè gen anpil moun k ap bay konsèy.” ​(Pwovèb 11:14). Si w ap fè move nòt lekòl, mande yon paran, yon pwofesè, oswa yon lòt granmoun ou fè konfyans kèk konsèy sou fason pou w amelyore.

     “Pale ak pwofesè w si w pa ka travay byen lekòl. Gende lè w ka panse se pwofesè a ki pwoblèm nan, men ou ka amelyore sitiyasyon w si w annik mande èd.” — Edward.

  •   Reflechi sou fason sa w ap aprann lekòl yo ka ede w pi devan. Men sa Bib la di: “Jan yon bagay fini pi bon pase jan l kòmanse.” ​(Eklezyas 7:8). Lè w fini lekòl, nonsèlman w ap aprann sa yo te anseye w nan kou yo, men tou w ap aprann gen lòt kalite k ap ede w pi devan.

     “Lè w vin yon granmoun, petèt yo pap mande w ekri disètasyon oubyen yo pap mande w etidye pou w al nan egzamen, men fason w te konn jere strès sa yo lè w te lekòl ap ede w fè fas ak pwoblèm ou ka rankontre pi devan.” — Vera.

    Kite lekòl se tankou yon moun ki desann yon bato anvan l rive sou waf la. Pi devan, l ap regrèt li pa t rete nan bato a.

  •   Egzamine opsyon w genyen yo. Men sa Bib la di: “Tout moun ki twò prese ap pòv kanmenm.” ​(Pwovèb 21:5). Pa kouri panse kite lekòl se sèl opsyon w genyen. Petèt, ou ka fini lekòl pa mwayen kou sou Entènèt, oubyen ou ka kontinye suiv pwogram lekòl la lakay ou.

     “Lekòl aprann ou travay di, li aprann ou rezoud pwoblèm epi kowopere ak lòt moun. Bagay sa yo ap itil ou pandan tout vi w. Li vo lapenn pou w fini lekòl.” — Benjamin.

 Sa w dwe sonje: Lè w fini lekòl, w ap pi byen prepare pou w jere responsablite w antanke granmoun.