Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki sa m dwe konnen konsènan vyolans seksyèl? — 2yèm pati: Gerizon

Ki sa m dwe konnen konsènan vyolans seksyèl? — 2yèm pati: Gerizon

 Lè w santi se ou ki lakòz

 Anpil nan moun ki sibi vyolans seksyèl yo konn santi yo wont sa k pase a. Yo ka menm santi se yo ki reponsab. Ann pran egzanp Karen, ki gen 19 an kounye a e ki te sibi vyolans seksyèl lè l te gen ant 6 a 13 an. Men sa l di: “Sa k te fè m pi mal se lefètke m te santi se mwen ki lakòz. M te konn mande tèt mwen: ‘Ki jan m te fè kite sa kontinye pandan tout tan sa a?’ ”

 Si sitiyasyon w fè w santi w menm jan, konsidere pwen ki vin apre yo:

  •   Kit se nan domèn afektif, kit se fizikman, timoun yo pa pare pou yo gen relasyon seksyèl. Piske yo pa konn ki sa aktivite sa a enplike, yo pap janm ka dakò fè l toutbonvre. Sa vle di, se pa fòt yon timoun si yo fè vyolans seksyèl sou li.

  •   Piske timoun gen tandans fè moun ki pi gran pase yo konfyans e yo pa konn ki jan pou yo mefye yo kont move moun, sa ka fè yo pran nan pyèj byen fasil. Gen yon liv ki fè konnen: “Moun k ap fè vyolans seksyèl yo konn ki jan pou yo ‘bay may’ e yon timoun pa tèlman abil pou l defann tèt li kont yo.” — Dwa moun genyen pou yo inosan, anglè.

  •   Lè y ap fè vyolans seksyèl sou yon timoun, li ka jwenn plezi nan sa. Si sa rive w, ou mèt asire w se yon reyaksyon otomatik ki fè kò w aji konsa lè yo touche w fason sa a. Men, sa pa vle di se dakò w dakò ak sa paske w te ka evite plezi a, ni sa pa vle di w dwe blame tèt ou pou sa.

 Konsèy: Panse ak yon timoun ou konnen kounye a ki gen menm laj ak laj ou te genyen lè yo te fè vyolans seksyèl sou ou a. Mande tèt ou: ‘Si timoun sa a ta sibi vyolans seksyèl, èske l t ap rezonab pou m di se li ki lakòz?’

 Karen te reflechi ak dènye pwen an pandan l t ap veye sou twa timoun. Gen youn nan yo ki te prèske gen sizan, sa vle di laj Karen te genyen lè yo te kòmanse fè vyolans seksyèl sou li a. Men sa Karen di: “M te rann mwen kont jis nan ki pwen l fasil pou yo twonpe yon timoun ki nan laj sa a ak ki jan l te fasil tou pou yo te twonpe m lè mwen te nan laj sa a.”

 Reyalite: Se moun ki fè vyolans lan sèlman ki responsab. Bib la di: “Moun ki mechan an ap jwenn pinisyon poutèt li mechan.” — Ezekyèl 18:20.

 Enpòtans pou w pale de sa ak yon moun

 Lè w pale de vyolans lan ak yon moun ki pi gran ou fè konfyans, sa ka fè w santi w soulaje. Bib la di: “Yon bon zanmi demontre lanmou toutan, e li se yon frè yo ka konte sou li lè gen malè.” — Pwovèb 17:17.

 Nòmalman, ou ka santi w yon ti jan an sekirite si w pa pale de sa k te rive a. Petèt silans sa a ka tankou yon miray ou bati pou pwoteje w kont lòt atak ou ka rankontre. Sepandan, pa bliye miray silans ou bati pou pwoteje w kont lòt atak la ka anpeche w jwenn èd tou.

Lè w fè silans, sa ka tankou yon miray ki la pou pwoteje w kont lòt atak, konsa tou, li ka anpeche w jwenn èd.

 Gen yon jèn fi ki rele Janèt ki te rann li kont jan l te santi l vrèman soulaje lè l te pale de vyolans seksyèl li te sibi a. Men sa l di: “Lè m te pi piti, gen yon moun mwen byen konnen e m te fè konfyans ki te fè vyolans seksyèl sou mwen. M te kenbe sa sekrè pandan plizyè ane. Men, yonfwa m te fin pale de sa ak manman m, m te santi se kòmsi m te retire yon pwa lou sou zepòl mwen.”

 Piske sa te rive Janèt, li ka konprann rezon ki fè kèk moun gendwa pè pale. Men sa l di: “Li vrèman difisil pou yon moun pale de vyolans seksyèl. Men, lefètke m t ap eseye viv ak sa, sa te fè m soufri anpil. Li te pi bon pou m te fè fas ak pwoblèm sa a byen vit pase pou m te tann pi ta.”

 “Yon lè pou moun geri”

 Lè yo fè vyolans seksyèl sou ou, sa ka fè w vin gen yon move konsepsyon de tèt ou. Pa egzanp, ou ka santi w pap janm menm moun nan ankò epi w pa vo anyen, oswa w ka santi w egziste sèlman pou satisfè dezi seksyèl lòt moun. Kounye a, ou gen posiblite pou w pa kite manti sa yo pran pye sou ou epi pou w pwofite yon moman “pou moun geri”. (Eklezyas 3:3.) Ki sa k ka ede w fè sa?

 Etidye Labib. Nan Bib la, w ap jwenn panse Bondye yo ki “gen pisans pou yo ranvèse yon seri bagay ki byen anrasinen”, e pami bagay sa yo gen fo rezònman kòmkwa w pa vo anyen (2 Korentyen 10:4, 5). Pa egzanp, li vèsè ki vin apre yo epi medite sou yo: Ezayi 41:10; Jeremi 31:3; Malachi 3:16, 17; Lik 12:6, 7; 1 Jan 3:19, 20.

 Lapriyè. Lè santiman kòmkwa w pa vo anyen oswa se ou ki lakòz vle anvayi w, “lage chay ou [yo] sou Jewova” nan lapriyè (Sòm 55:22). Li pap janm kite w poukont ou!

 Ansyen yo nan kongregasyon an. Kretyen sa yo jwenn fòmasyon pou yo aji “tankou yon kote pou moun kache lè gen van, yon kote pou moun abrite yo lè gen gwo lapli”. (Ezayi 32:2.) Yo ka ede w vin gen yon pwennvi ekilibre sou tèt ou epi pou w kontinye viv lavi w.

 Bon frekantasyon. Byen suiv gason ak fi ki bay bon egzanp nan fason y ap viv antanke kretyen yo. Prete atansyon sitou ak fason youn aji ak lòt. Rive yon lè, w ap vin rann ou kont se pa tout moun ki konn sèvi ak otorite yo genyen pou yo fè vyolans seksyèl sou moun yo di yo renmen.

 Gen yon jèn fi ki rele Tanya ki aprann leson enpòtan sa a. Nan kòmansman adolesans li, gen anpil gason ki te trete l kòm yon moun ki la pou satisfè dezi seksyèl yo. Men sa Tanya di: “Tout gason ki te pwòch avè m te fè m ditò.” Rive yon lè, Tanya te vin rann li kont gen kèk gason ki demontre vrè lanmou an. Ki jan l te fè wè sa?

 Pwennvi Tanya te vin chanje lè l te vin zanmi ak yon mari ak madanm ki bay bon egzanp nan fason yo viv antanke kretyen. Men sa l di: “Fason mari a te konn aji te ka fè m wè se pa tout gason ki konn fè medam yo abi. Mari a te pwoteje madanm li e se konsa Bondye vle pou bagay yo ye a.” — Efezyen 5:28, 29.

a Si w ap fè fas ak kèk pwoblèm tankou depresyon kwonik, twoub alimantè, otomitilasyon, dwòg, pwoblèm somèy oswa w anvi touye tèt ou, l ap bon pou w chèche jwenn èd nan men yon doktè ki kalifye pou sa.