Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki efè rezo sosyal yo genyen sou mwen?

Ki efè rezo sosyal yo genyen sou mwen?

 Èske paran w kite w itilize rezo sosyal yo? Si w reponn wi, atik sa a ap ede w nan twa domèn enpòtan.

Nan paj sa a

 Ki efè rezo sosyal yo genyen sou fason m sèvi ak tan m?

 Lè w sou rezo sosyal se kòmsi w te sou yon cheval ki pa donte. Si w pa kontwole l se li k ap kontwole w.

 “M konn planifye pou m al sou rezo sosyal pou ‘kèk minit sèlman’, epi se gade m gade m wè plizyè èdtan gentan pase! Rezo sosyal yo ka fè w vin esklav, e yo ka fè w gaspiye tan w.” — Joanna.

 Èske w te konnen? Li fasil pou nou vin esklav rezo sosyal yo paske yo fè yo pou sa menm. Moun ki fè rezo sosyal yo konnen lè yon sit popilè e moun pase anpil tan sou li, konpayi yo ap peye plis kòb pou yo ka pase reklam yo sou li.

 Mande tèt ou: ‘Lè m sou rezo sosyal yo èske sa rive souvan tan an pase san m pa rann mwen kont? Èske m pa ta ka sèvi ak tan sa a pou m fè lòt bagay ki pi enpòtan?’

 Sa w ka fè. Deside ki kantite tan w ap pase sou rezo sosyal epi respekte desizyon w lan.

Mete yon limit nan kantite tan w ap pase sou rezo sosyal.

 “M mete yon alam sou telefòn mwen ki anpeche m kontinye itilize yon seri aplikasyon depi tan m te prevwa a rive. Piske m te kenbe konsa pandan yon bon ti tan, sa te vin fè l posib pou m kenbe ekilib mwen lè m sou rezo sosyal yo san m pa gaspiye tan m.” — Tina.

 Prensip biblik: “Se pou nou byen sèvi ak tan nou.” — Efezyen 5:16.

 Ki efè rezo sosyal yo genyen sou kantite tan m fè ap dòmi?

 Anpil espesyalis fè konnen adolesan yo bezwen pou pi piti uit èdtan somèy chak swa, men anpil ladan yo pa dòmi kantite tan sa a. Youn nan rezon yo se paske adolesan yo konn sou rezo sosyal nan lè pou yo ta dòmi.

 “Anvan m al dòmi, m gade telefòn mwen pou m wè si m pa gen okenn bagay enpòtan. Men, m wè yon bagay ki enterese m epi konsa, m pase plizyè èdtan ap gade foto moun poste sou rezo yo. Se yon move abitid m ap fè efò pou m kite.” — Maria.

 Èske w te konnen? Lè yon moun pa dòmi ase sa ka fè l gen plis enkyetid e sa ka fè l fè depresyon. Selon Jean Twenge, yon pwofesè sikoloji, youn nan pi gwo rezon ki fè moun yo pa santi yo byen e kè yo pa kontan se paske yo pa dòmi ase. Li di tou “rive yon lè” lè yon moun manke dòmi konsa, sa ka bay “gwo pwoblèm mantal.” a

 Mande tèt ou: ‘Ki kantite tan m fè ap dòmi chak swa?’ ‘Èske m konn ap navige sou rezo sosyal nan lè pou m ta kòmanse prepare m pou m dòmi?’

 Sa w ka fè. Pa kite aparèy elektwonik yo nan chanm ou nan aswè. Depi sa posib, sispann itilize aparèy elektwonik yo dezèdtan anvan w al dòmi. Si w bezwen yon alam pou reveye w nan maten, eseye itilize youn ki pa sou tablèt ou oswa sou telefòn ou.

Sispann itilize rezo sosyal yo anvan w al dòmi.

 “Pafwa m konn ret byen ta ap itilize aparèy mwen, se yon pwoblèm, men m ap travay sou sa. M bezwen gen plis matirite, sa vle di pou m vin yon moun ki pi responsab. M bezwen dòmi pi bonè pou m byen repoze, konsa, nan demen, m ka fè tout sa m gen pou m fè.” — Jeremy.

 Prensip biblik: “Rekonèt bagay ki pi enpòtan yo.” — Filipyen 1:10.

 Ki efè rezo sosyal yo genyen sou fason m santi m?

 Nan yon ankèt yo te fè, apeprè mwatye nan elèv nan lekòl segondè ki te patisipe ladan l fè konnen yo santi yo “toujou tris oswa yo sanzespwa”. Youn nan rezon ki lakòz sa se rezo sosyal yo. Men sa doktè Leonard Sax di: “Plis ou pase tan sou rezo sosyal e w ap konpare tèt ou ak lòt moun, se plis li fasil pou w tris.” b

 “Jèn yo gen tandans konpare tèt yo ak lòt moun, e rezo sosyal yo ka fè yo plis gen tandans sa a. Ou ka pase plizyè èdtan ap gade foto moun poste epi w tonbe konpare lavi w ak lavi pa yo, oubyen ou ka wè jan zanmi w ap amize yo epi w santi ou pa fè anyen enteresan.” — Phoebe.

 Èske w te konnen? Menm lè rezo sosyal yo ka pèmèt ou rete an kontak avèk zanmi w, li pa ka ranplase konvèsasyon nou genyen fasafas. Men sa doktè Nicholas Kardaras ekri: “Lè nou kominike pa mwayen aparèy elektwonik, sa pa fè nou gen kè kontan menm jan ak lè nou kominike fasafas. Kominikasyon konsa pa ban nou satisfaksyon paske antanke moun, nou bezwen gen kontak ak lòt moun an pèsòn.” c

 Mande tèt ou: ‘Èske m konn santi m poukò m apre m fin gade sa zanmi m yo ap fè?’ ‘Lè m gade sa zanmi m yo poste sou rezo sosyal ki montre swadizan bèl vi y ap mennen, èske sa konn fè m santi lavi m raz?’ ‘Lè m poste yon bagay epi pa gen anpil moun ki klike sou li pou di yo renmen l oswa pèsonn pa fè sa, èske sa konn fè m dekouraje?’

 Sa w ka fè. Eseye sa yo rele yon “detoksikasyon anrapò ak rezo sosyal yo”, sa vle di pa al sou rezo sosyal pandan kèk jou, yon semèn oswa menm yon mwa. Eseye pase plis tan fasafas ak zanmi w oswa nan telefòn. Gade pou w wè si w pa gen mwens strès e si w pa santi w pi kontan lè w itilize rezo sosyal mwens.

Èske w ka pase plis tan ak zanmi w yo an pèsòn?

 “Lè m te sou rezo sosyal, m te plis enterese nan sa lòt moun ap fè. Apre m te fin efase kont mwen yo, m te santi tankou yon pwa lou ki sot sou mwen, epi m te vin gen plis tan pou bagay ki pi enpòtan.” — Briana.

 Prensip biblik: “Se pou chak moun egzamine sa l fè, e lè sa a l ap gen rezon pou l rejwi parapò ak tèt li sèlman, men se pa nan konparezon ak yon lòt moun.” — Galat 6:4.

a Selon liv iGen nan.

b Selon liv Why Gender Matters la.

c Selon liv Glow Kids la.