Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Èske di betiz pa bon toutbon?

Èske di betiz pa bon toutbon?

“M tèlman abitye tande moun di betiz, m pa sezi ankò. Li vin parèt nòmal.” — Christopher, 17 an.

“M te konn di anpil betiz lè m te jèn. Li te fasil pou m te kòmanse fè sa, men li te difisil pou m sispann.” — Rebecca, 19 an.

 Yon ti tès

  •   Ki jan w santi w lè w tande lòt moun ap di betiz?

    •  M pa menm rann mwen kont, li vin nòmal pou mwen.

    •  M santi m yon jan malalèz, men m jis aksepte l.

    •  Sa deranje m! M poko janm abitye ak sa.

  •   Chak konbyen tan ou menm ou di betiz?

    •  Jamè

    •  Detanzantan

    •  Souvan

  •   Ki enpòtans ou panse kesyon di betiz la genyen?

    •  Li pa enpòtan

    •  Li enpòtan anpil

 Rezon ki fè sa enpòtan

 Èske w bay kesyon di betiz la anpil enpòtans? Petèt ou ka di: ‘Pa vrèman, paske gen pi gwo pwoblèm nan monn nan. Epitou, tout moun di betiz!’ Men, èske se vre?

 Petèt ou ka pa kwè, men gen anpil moun ki pa di pawòl ki sal. E yo gen bon rezon ki fè yo pa fè sa, rezon petèt lòt moun pa konnen. Pa egzanp:

  •  Lè w di betiz ou montre lòt moun ki kalite moun ou ye. Pawòl ou itilize yo montre ki kalite moun ou ye toutbonvre. Donk, lè w itilize mo ki sal, sa ka fè lòt moun panse sa pa di w anyen si w blese santiman yo. Èske se yon moun konsa ou ye toutbon?

     Men sa Bib la di: “Sa ki sot nan bouch yon moun se nan kè l yo soti.” — Matye 15:18.

    Lè yon moun di betiz, se sal l ap sal anviwònman l ak pawòl ki pa pwòp. Poukisa pou w ta fè lòt moun ak tèt ou sa?

  •  Lè w di betiz sa ka fè lòt moun gen yon move pwennvi sou ou. Men sa yon liv ki pale konsènan di betiz fè konnen: “Fason nou pale ka detèmine moun k ap zanmi nou, respè nou jwenn nan fanmi n ak nan travay nou. Li gen efè tou sou relasyon n ak lòt moun, enfliyans nou sou lòt moun, pwomosyon nou jwenn nan travay nou ak fason lòt moun ki pa konnen n wè nou.” Men sa liv la di ankò: “Mande tèt ou, ‘èske m pa t ap gen pi bon relasyon ak lòt moun si m pa t di betiz?’” — Cuss Control.

     Men sa Bib la di: “Sispann joure moun.” — Efezyen 4:31.

  •  Kontrèman ak sa w ka panse, lè w di betiz, sa pa atire moun sou ou. Men sa doktè Alex Packer di nan yon liv li ekri: “Li fatigan pou w ret ap tande yon moun ki toujou ap di betiz.” Epitou, li di, lè yon moun toujou ap di betiz, “sa pa bay posiblite pou l eksprime panse l, entèlijans li ak senpati li gen pou lòt moun. Si yon moun pa pran san l pou l pale, si l pale yon fason ki vag oswa san reflechi, sandout, sa ap gen efè sou fason sèvo l fonksyone.” — How Rude!

     Men sa Bib la di: “Pa kite okenn pawòl pouri sot nan bouch nou.” — Efezyen 4:29.

 Sa w ka fè

  •  Fikse yon objektif. Èske w ka fè efò pou w sispann di betiz nan yon mwa oswa mwens? Ou ka ekri pwogrè w fè nan yon kaye oswa yon kalandriye. Men, pou ede w reyisi, petèt ou ka oblije suiv kèk lòt etap. Pa egzanp:

  •  Evite detant ki gen mo sal ladan yo. Bib la di: “Move frekantasyon fè moun pèdi bon prensip yo genyen.” (1 Korentyen 15:33, nòt). “Frekantasyon” gen ladan l nonsèlman moun nou frekante, men tou detant tankou fim, jwèt videyo ak mizik. Men sa Kenneth, ki gen 17 an, fè konnen: “Li fasil pou w kòmanse chante lè yon mizik ou renmen ap jwe, menm lè gen betiz ladan l, paske son an anfòm.”

  •  Montre w gen matirite. Gen moun ki di mo sal paske yo panse sa fè yo parèt granmoun. Men, an reyalite sa fè yo sanble yo manke matirite. Bib la di moun ki gen matirite “rive fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal paske yo antrene kapasite yo genyen pou yo konprann nan afòs yo sèvi avè l”. (Ebre 5:14.) Yo pa desann nivo prensip moral yo jis pou yo ka “enpresyone” lòt moun.

 An reyalite, sèl sa di betiz rive fè se sal lespri moun nan (ak anviwònman l) ak pawòl ki pa pwòp. E monn nan deja gen ase moun ki di betiz! Men sa liv ki pale konsènan di betiz la ankouraje n fè: “Pa ajoute nan salte a. Fè pati pa w pou w patisipe nan netwaye anviwònman nou lè w pa di betiz. W ap santi w pi byen e lòt moun ap wè w pi byen tou.” — Cuss Control.