Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki jan Bib la kapab ede m? — 2yèm pati: Pran plezi nan li Bib la

Ki jan Bib la kapab ede m? — 2yèm pati: Pran plezi nan li Bib la

 Men sa yon adolesan ki rele Will di: “Bib la ka parèt raz pou w li l, si w pa konn bon fason pou w li l.”

 Èske w ta renmen konnen ki sa w ka fè pou w pran plezi li l? Atik sa a pral ede w nan sans sa a.

 Imajine sa w ap li a

 Se pou w enterese nan sa w ap li a. Men yon fason ou kapab fè sa:

  1.   Chwazi yon istwa Bib la rakonte ou ta renmen konn plis sou li. Ou kapab pran yon istwa ki nan Bib la oswa yon pati nan Evanjil yo oubyen youn nan lekti Labib ki sou fòm dram yo mete sou sit jw.org la.

  2.   Li istwa a. Ou kapab li l poukont ou oubyen ou kapab li l avèk zanmi w oubyen ankò avèk moun nan fanmi w. Yon moun kapab li pati kote se istwa a y ap rakonte e lòt moun yo kapab li pati kote se pèsonaj yo k ap pale.

  3.   Pami konsèy ki vin apre yo, eseye youn oswa plizyè:

    •   Fè desen sa k ap pase nan istwa a. Oubyen, fè desen pou moun wè jan istwa a dewoule, pa egzanp ou ka fè plizyè ti desen byen senp ki montre ki jan evènman yo te rive nan istwa a. Mete kèk nòt tou kout k ap esplike sa k ap pase nan chak etap.

    •   Fè kèk chema. Pa egzanp, pandan w ap li istwa yon moun ki te fidèl ak Bondye, fè yon chema ki montre koneksyon ki genyen ant kalite moun sa a te genyen e aksyon li te poze yo ak benediksyon l te jwenn.

    •   Chanje istwa a fè l tounen yon nouvèl w ap bay. Rakonte sa k te pase a selon jan diferan moun te kapab wè evènman yo, epi fè kèk entèvyou ak pèsonaj yo oubyen ak temwen ki te wè sa ki te pase a.

    •   Si yon pèsonaj te pran yon move desizyon, eseye imajine yon lòt fason istwa a te ka fini. Pa egzanp, egzamine sa Pyè te fè a lè l te nye Jezi. (Mak 14:66-72). Ki jan Pyè te kapab pi byen reyaji anba presyon l te jwenn nan?

    •   Si w santi w ta ekri, ou kapab ekri yon istwa ki baze sou youn nan evènman Bib la rakonte. Epi ekri leson nou ka aprann nan istwa sa a. — Women 15:4.

      Ou kapab rann istwa ki nan Bib la vivan!

 Fè bonjan rechèch!

 Ou kapab dekouvri kèk trezò ki kache nan yon istwa si w analize ti detay ki gen ladan l. An reyalite, youn oswa de mo nan yon istwa Bib la rakonte kapab gen anpil enpòtans pou w konprann li.

 Pa egzanp, ann konpare sa Matye 28:7 ak Mak 16:7 di.

  •   Poukisa Mak mete detay sa a anplis lè l di Jezi t ap gen pou l parèt devan disip yo ansanm “avèk Pyè?

  •  Men yon ti èd: Mak pa t youn nan moun ki te wè sa k te pase yo; li klè se Pyè ki te fè l jwenn enfòmasyon sa yo.

  •  Trezò ki kache a: Sa k fè Pyè dwe te santi l soulaje lè l te tande Jezi te vle wè l apre sa k te pase a (Mak 14:66-72)? Ki jan Jezi te montre li se yon bon zanmi pou Pyè? Ki jan w ka imite Jezi lè w chèche vin yon bon zanmi tou?

 Lè w viv sa w ap li nan Bib la e ou fè rechèch sou ti detay ou jwenn yo, w ap pran plezi li Labib!