Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki jan m ka esplike kwayans mwen anrapò ak sèks?

Ki jan m ka esplike kwayans mwen anrapò ak sèks?

“Pa di m ou vyèj toujou?”

Si w vle reponn yon kesyon konsa e si repons w ap bay la se wi, èske w pa ta renmen reponn avèk konviksyon? Atik sa a ap ede w.

 Ki lè yon moun vyèj?

 Yon moun ki vyèj se yon moun ki poko janm gen relasyon seksyèl.

 Natirèlman, relasyon seksyèl se pa sèlman kontak seksyèl. Gen kèk moun ki di yo vyèj paske yo pa t fè kontak seksyèl, alòske yo fè tout lòt bagay yo.

 Pa egzanp, ekspresyon relasyon seksyèl la ka fè referans ak sèks nan bouch, sèks nan dèyè oswa lè yon moun ap karese pati entim yon lòt.

 Sa w dwe sonje: Si yon moun fè sèks nan bouch, sèks nan dèyè oswa si li nan karese pati entim lòt moun oswa si yo karese pati entim li, li pa ka di li vyèj.

 Ki sa Labib di sou sèks?

 Labib di relasyon seksyèl ta dwe fèt sèlman ant yon gason ak yon fi ki marye ansanm (Pwovèb 5:18). Kidonk, yon moun ki vle fè Bondye plezi pa dwe antre nan relasyon seksyèl toutotan li pa marye. — 1 Tesalonisyen 4:3-5.

 Gen kèk moun ki di fason Bib la wè bagay yo pase mòd, li pa mache ak monn n ap viv la. Men sonje, nan monn nan gen anpil moun ki divòse, fi ki ansent san yo pa vle ak maladi moun pran nan fè sèks. Vrèmanvre, monn nan pa byen plase ditou pou l di moun sa ki byen ak sa ki mal. — 1 Jan 2:15-17.

 Lè w byen reflechi, sa Bib la di sou sa ki byen ak sa ki mal la fè sans. Ann pran yon egzanp: Imajine yon moun fè w kado $1 000 kach. Èske w t ap ret kanpe anlè yon do kay epi w voye lajan an anba pou premye moun k ap pase a?

 Se menm bagay la anrapò ak sèks. Men sa yon jèn fi ki rele Sierra ki gen 14 an di: “Mwen pa vle bay nenpòt moun vijinite m, yon moun petèt mwen ka pa menm sonje non l nan kèk ane.” Tammy ki gen 17 an dakò ak sa, li di: “Relasyon seksyèl se yon kado ki tèlman espesyal, mwen pa vle gaspiye l.”

 Sa w dwe sonje: Selon Labib, yon moun ki poko marye dwe rete vyèj e li dwe gen yon konduit ki pwòp. — 1 Korentyen 6:18; 7:8, 9.

 Ki sa ou menm ou kwè?

  •   Èske w kwè sa Bib la di sou sèks la rezonab oswa ou twouve l twò strik?

  •   Dapre ou menm, si de moun di yo renmen youn lòt, èske yo pa ka fè sèks?

 Gen anpil jèn, apre yo fin reflechi sou sijè sa a, ki twouve pi bon bagay la se rete vyèj anvan yo marye epi gen yon bon konduit. Yo pa regrèt desizyon sa a yo pran an ni yo pa santi yo manke yon bagay. Gade sa kèk nan yo di:

  •  “M byen kontan mwen vyèj! Pa gen anyen mal lè w evite pwoblèm mantal, fizik ak afektif moun konn genyen paske yo fè sèks san yo pa marye.” — Emily.

  •  “Mwen byen kontan mwen pa t gen relasyon seksyèl ak pèsonn, e m santi m byen lefètke pa gen okenn chans pou m trape yon maladi moun pran nan fè sèks.” — Elaine.

  •  “Mwen tande plizyè jèn fi laj mwen oswa pi gran pase m ki di yo regrèt yo pa t tann yo marye anvan yo gen relasyon seksyèl. Mwen pa vle fè menm erè a.” — Vera.

  •  “Mwen wè anpil moun ki pèdi vijinite yo oswa ki gentan kouche ak plizyè moun e ki gen gwo pwoblèm afektif. Selon mwen menm, se pa yon bon fason pou moun viv.” — Deanne.

 Sa w dwe sonje: Se depi anvan ou fè fas ak presyon oswa tantasyon pou w fè sèks ou bezwen konnen ki sa ou vle fè. — Jak 1:14, 15.

 Ki jan w ka esplike lòt moun sa w kwè?

 Ki sa w ka di si yon moun mande w ki pozisyon w parapò ak sèks? Sa depann de sikonstans yo.

 “Si yon moun se fawouche l ap fawouche m, mwen pap annik kanpe m pa di anyen. M ap di l: ‘Sa pa konsène w’ epi m ap vire do m.” — Corinne.

 “Malerezman, nan lekòl, gen kèk moun ki renmen bay lòt moun brimad jis pou plezi. Si se pou rezon sa a yon moun ta poze m yon kesyon konsa, mwen t ap annik pa reponn.” — David.

 Èske w te konnen? Pafwa, lè moun te konn poze Jezi kesyon pou pase l nan rizib, li te konn annik pa reponn. — Matye 26:62, 63.

 Men, e si moun nan poze w kesyon an avèk respè e li sensè? Si w panse moun nan ka gen respè pou Bib la, ou ka site yon pasaj nan Bib la pou li tankou 1 Korentyen 6:18 ki fè konnen moun ki gen relasyon seksyèl anvan li marye ap fè pwòp tèt li mal.

 Kit ou site Bib la tousuit kit ou pa fè sa, li enpòtan pou w pale ak konviksyon. Sonje, ou gen tout rezon pou w fyè dèske ou chwazi rete pwòp nan domèn moral. — 1 Pyè 3:16.

 “Lè w reponn ak konviksyon, sa montre ou pa gen dout sou sa w kwè yo, e sa montre tou desizyon w pran an se pa paske lòt moun di w pran l ki fè w pran l, men se paske w konnen se li ki bon.” — Jill.

 Sa w dwe sonje: Si w sèten kwayans ou anrapò ak kesyon sèks bon, w ap kapab esplike lòt moun li. E w ka byen sezi wè reyaksyon yo. Men sa Melinda ki gen 21 an di: “Moun ki travay menm kote avè m yo fè m konpliman lefètke mwen vyèj toujou. Yo pa twouve sa dwòl. Pou yo menm, sa montre mwen gen kontwòl tèt mwen e m gen yon wo nivo moralite.”

 Konsèy: Si w bezwen vin gen plis konviksyon sou kesyon sèks, telechaje fich aktivite ki rele “Fason pou w esplike kwayans ou anrapò ak sèks” la. Epitou, gade liv Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze a nan:

 “M renmen rezònman ki nan liv ‘Kesyon jèn yo konn poze’ yo. Pa egzanp, nan paj 187 nan Volim 1 an, yo montre lè yon moun fè sèks san l pa marye se kòmsi li ta gen yon kolye ki gen anpil valè epi li bay li gratis. Ou denigre tèt ou. Nan paj 177 la, yo montre ki jan lè yon moun fè sèks san l pa marye se kòmsi li ta gen yon bèl tablo epi li mete l devan pòt lakay li kòm yon tapi pou moun siye pye yo sou li. Men, egzanp m pi renmen an se sa ki nan paj 54 nan Volim 2 a. Nan pawòl ki anba imaj la, yo di: ‘Lè w fè sèks anvan w marye se kòmsi w ta ouvè yon kado anvan yo ba ou l.’ Se kòmsi ou ta vòlè yon bagay ki pou yon lòt moun, anpalan de moun ou pral marye avè l alavni an.” — Victoria.