Al gade sa k anndan l

Ki sa pou m fè si m pa renmen lekòl?

Ki sa pou m fè si m pa renmen lekòl?

Nan ka sa a, ou bezwen gen

 Yon pwennvi pozitif sou sa w ap aprann nan. Eseye analize kesyon an sou tout ang. Petèt ou rann ou kont se pa tout matyè yo ki enpòtan, omwen pou kounye a. Aktout sa, yon konesans sou plizyè sijè ap pèmèt ou pi byen konprann monn nan. L ap ede w “vin tout bagay pou tout kalite moun,” e l ap pèmèt ou gen kapasite pou w pale ak moun ki soti nan plizyè kouch sosyal (1 Korentyen 9:22). Omwen, l ap ede w amelyore kapasite w genyen pou w reflechi a, yon kapasite k ap itil ou sandout pi devan.

Lekòl menm jan ak lè yon moun ap fè wout pou l pase nan yon gwo forè, men, li bezwen gen bon zouti pou l fè sa.

 Yon pwennvi pozitif sou pwofesè w yo. Si w panse pwofesè w la annuyan, ret konsantre plis sou sijè a olye w konsantre sou moun nan. Toujou sonje sandout pwofesè w la te deja fè menm kou sa a nan lòt klas plizyè dizèn oswa menm plizyè santèn fwa. Petèt sa ka fè l vin difisil pou l kenbe menm nivo antouzyas li te prezante sijè a pou premye fwa a.

 Konsèy: Pran nòt, avèk respè mande plis enfòmasyon epi montre w apresye sijè a. Sa ka fè lòt moun fè menm jan tou.

 Yon bon pwennvi sou kapasite w genyen. Lekòl kapab fè w dekouvri kèk kapasite w genyen ou pa t menm konnen. Men sa Pòl te ekri Timote: “Pa neglije don Bondye te ba w [la].” (2 Timote 1:6). Li klè, Timote te resevwa don sa a pa mwayen lespri sen. Sepandan li te bezwen sèvi ak “don” li te resevwa a yon fason pou don an pa t vin initil oswa pou l pa t pèdi l. Natirèlman, atitid ou nan lekòl pa soti dirèkteman nan Bondye. Sepandan, talan w genyen yo se ou sèl ki genyen yo. Lekòl ka ede w dekouvri talan w genyen ou pa t menm konnen si w genyen yo e l ka ede w devlope yo.