Al gade sa k anndan l

Ki sa m ka fè si paran m ap divòse?

Ki sa m ka fè si paran m ap divòse?

Sa w ka fè

 Di sa ki enkyete w. Fè paran w konnen ki jan sitiyasyon an fè w tris oswa ki jan li lage w nan konfizyon. Petèt yo ka esplike w sa k ap pase a, e konsa w ap mwens enkyè.

 Si paran w pa ka ba w èd ou bezwen an, ou ka pale ak yon zanmi ki gen matirite. — Pwovèb 17:17.

 Sa k pi enpòtan an, ou ka pale ak Papa w ki nan syèl la, li menm “ki tande lapriyè” a (Sòm 65:2). Vide kè w ba li, “paske li gen sousi pou [ou]”. — 1 Pyè 5:7.

Sa pou w pa fè

Menm jan lè w gen yon ponyèt ki kase, ou soufri e li pran tan pou l geri, se konsa tou lè paran w divòse, ou soufri men tikras pa tikras w ap rive geri.

 Pa kenbe yo nan kè. Men sa Daniel, yon jèn ki te gen setan lè paran l te divòse, di: “Paran m te egoyis. Yo pa t vrèman panse avè n, nitou yo pa t panse ak fason sa yo fè a t ap gen efè sou nou.”

 Si Daniel ret fache ak paran l e l kontinye kenbe yo sou kè, ki move efè ou panse sa ka genyen sou li? — Ide: Li Pwovèb 29:22.

 Ki byenfè Daniel ap jwenn si l eseye padone paran l pou mal yo te fè l? — Ide: Li Efezyen 4:31, 32.

 Evite aji fason ki ka lakòz ou soufri. Men sa Denny di: “Apre paran m te fin divòse, mwen pa t kontan ditou e m te dekouraje. M te kòmanse gen pwoblèm lekòl la e m te double yon klas. Apre sa, [...] m te timoun ki pi dezòd nan klas la e m te konn goumen anpil.”

 Dapre ou menm, ki sa Denny t ap eseye fè lè l t ap dezòd oswa lè l te konn goumen ak lòt elèv?

 Ki jan prensip ki nan Galat 6:7 la ka ede yon moun tankou Denny pou l evite aji fason ki ka lakòz li soufri?

 Soufrans nan domèn afektif pran tan pou yo geri. Men, plis w ap reprann ou se plis w ap santi w tounen nan ou menm ankò.