Al gade sa k anndan l

Ki sa Bib la di sou maryaj ant moun menm sèks?

Ki sa Bib la di sou maryaj ant moun menm sèks?

Repons Bib la bay

 Kreyatè nou an te mete lwa konsènan maryaj byen lontan anvan gouvènman yo te kòmanse fè sa. Premye liv nan Bib la fè nou konnen: “Yon gason ap kite papa l ak manman l, li pral atache ak madanm li, e y ap vin yon sèl chè.” (Jenèz 2:24). Selon yon diksyonè, mo ebre lè yo tradui l yo met “madanm” pou li a “gen rapò ak yon fi”. (Vine’s Expository Dictionary of Biblical Words.) Jezi te di ak pwòp bouch pa l de moun k ap marye dwe se ‘gason ak fi’. — Matye 19:4.

 Konsa, Bondye te vle pou maryaj se yon lyen entim ki dire pou toutan ant yon gason ak yon fi. Gason ak fi te fèt pou youn konplete lòt yon fason pou yo satisfè bezwen afektif ak bezwen seksyèl youn lòt epi fè pitit.