Al gade sa k anndan l

Ki sa Bib la di sou moun ki omoseksyèl yo?

Ki sa Bib la di sou moun ki omoseksyèl yo?

Repons Bib la bay

 Lè Bondye te kreye lèzòm, li te vle se yon gason ak yon fi ki marye youn ak lòt ki gen dwa gen relasyon seksyèl (Jenèz 1:27, 28; Levitik 18:22; Pwovèb 5:18, 19). Selon Bib la, yon gason ak yon fi ki pa marye youn ak lòt pa dwe gen relasyon seksyèl, e yo pa dwe gen yon konduit omoseksyèl oubyen yon konduit kòmkwa youn vle fè sèks ak lòt san yo pa marye (1 Korentyen 6:18). Konduit konsa gen ladan l fè relasyon seksyèl, karese pati jenital yon lòt moun ak fè sèks nan bouch oswa nan dèyè.

 Malgre Bib la kondane aksyon kote gason ak gason oswa fi ak fi ap fè sèks, li pa dakò ak moun ki rayi moun k ap fè bagay sa yo. Okontrè, Bib la ankouraje kretyen yo pou yo “bay chak moun respè li merite”. — 1 Pyè 2:17, Bib la.

 Èske yon moun ka fèt tou omoseksyèl?

Bib la pa pale dirèkteman sou anvi yon moun genyen pou l fè sèks ak moun menm sèks avè l, byenke li rekonèt nou tout fèt ak tandans pou n pa fè sa Bondye mande (Women 7:21-25). Olye Bib la met aksan sou rezon ki fè yon moun gen dezi omoseksyèl, li kondane aksyon omoseksyèl yo fè.

 Fason yon moun ka fè Bondye plezi menmsi l gen dezi omoseksyèl lakay li.

Men sa Bib la di: “Fè manm kò nou ki sou tè a mouri anrapò ak imoralite seksyèl.” (Kolosyen 3:5). N ap rive fè manm kò nou mouri pou n pa fè sa ki mal lè n metrize panse nou. Si nou ranpli lespri nou avèk bagay ki pwòp regilyèman, n ap vin plis ka rejte move dezi sa yo (Filipyen 4:8; Jak 1:14, 15). Menmsi okòmansman sa pa fasil pou w goumen ak tandans sa a, annapre l ap vin pi fasil. Bondye pwomèt l ap ede w “renouvle fòs k ap fè lespri [w] aji a”. — Efezyen 4:22-24.

 Gen plizyè milyon moun k ap goumen ak dezi pou yo fè sèks ak moun ki pa menm sèks ak yo yon fason pou yo ka viv ann amoni ak prensip ki nan Bib la. Pa egzanp, gen selibatè ki pa gen anpil posiblite pou yo marye e gen lòt moun ki marye men, konjwen yo pa ka fè sèks avèk yo nòmalman, ki deside kontwole dezi seksyèl yo devan tout kalite tantasyon. Moun sa yo rive viv ak kè kontan! Kidonk, moun ki gen dezi seksyèl pou moun ki gen menm sèks ak yo kapab fè menm bagay la tou si yo vle fè Bondye plezi toutbonvre. — Detewonòm 30:19.