Matye 28​:​1-20

  • Bondye resisite Jezi (1-10)

  • Yo peye sòlda yo pou yo bay manti (11-15)

  • Jezi bay lòd pou yo fè disip (16-20)

28  Premye jou nan semèn nan, apre jou saba a, lè l te kòmanse fè klè, Mari, moun Magdala, ak lòt Mari a vin gade tonm nan+.  Epi, gade! gen yon gwo tranblemanntè ki fèt, paske yon zanj Jewova* te desann sot nan syèl la, li vini, li woule wòch la sou kote e li chita sou li+.  Li te klere kou zèklè, e rad sou li te blan kou nèj+.  Mesye ki t ap veye yo te tèlman pè zanj lan, yo te pran tranble e yo te vin tankou moun ki mouri.  Men, zanj lan di medam yo: “Nou pa bezwen pè, paske mwen konnen se Jezi yo te kloure sou poto a n ap chèche+.  Li pa isit la, paske, jan l te di a, Bondye leve l sot nan lanmò+. Vin wè kote yo te depoze l la.  Epi, fè vit al di disip li yo Bondye leve l sot nan lanmò, li pran devan l al Galile+. Se la n ap wè l. Se sa m te gen pou m di nou+.”  Konsa, yo kite tonm nan byen vit, yo kouri al di disip yo sa. Yo te pè, men yo te kontan anpil+.  Epi, Jezi rankontre yo, li di: “Bonjou!” Yo pwoche, yo kenbe pye l e yo pwostène devan l. 10  Epi, Jezi di yo: “Nou pa bezwen pè. Al pot nouvèl la bay frè m yo pou yo ka al Galile. Se la y ap wè m.” 11  Pandan yo te sou wout, gen kèk nan sòlda+ ki t ap veye tonm nan ki antre nan vil la al rakonte prèt an chèf yo tout sa k te pase. 12  E lè prèt an chèf yo fin reyini ak ansyen yo e yo fin pale youn ak lòt, yo bay sòlda yo yon bon valè pyès monnen ann ajan, 13  epi yo di yo: “Men sa pou nou di: ‘Pandan nou t ap dòmi, disip li yo vini nan nuit lan, yo vòlè kò a+.’ 14  E si pawòl sa a rive nan zòrèy gouvènè a, n ap esplike l sa k te pase*, epi nou pap bezwen bay tèt nou pwoblèm.” 15  Se konsa, sòlda yo pran pyès monnen ann ajan yo, e yo fè sa yo di yo fè a. Pawòl sa a gaye nan mitan Juif yo pou jis jodi a. 16  Men, 11 disip yo t al Galile+, sou mòn kote Jezi te ba yo randevou a+. 17  E lè yo wè l, yo pwostène devan l, men gen kèk nan yo ki te gen dout. 18  Jezi pwoche, li pale avèk yo, li di: “Mwen resevwa tout pouvwa ni nan syèl la ni sou tè a+. 19  Kidonk, ale, epi fè disip pami moun tout nasyon+. Batize yo+ nan non Papa a, nan non Pitit la ak nan non lespri sen an. 20  Anseye yo pou yo obeyi tout bagay mwen te ban nou lòd pou nou fè yo+. Epi gade! mwen avèk nou toule jou rive jis nan fen sistèm nan*+.”

Nòt anba paj

Lit.: “n ap konvenk li”.
Oswa: “fen tan an”. Gade Lis mo yo esplike yo.