2 Timote 2​:​1-26

  • Konfye mesaj la bay gason ki kalifye yo (1-7)

  • Pòl te soufri pou bon nouvèl la (8-13)

  • Manyen pawòl verite a kòrèkteman (14-19)

  • Kouri pou dezi ki natirèl lakay jèn yo (20-22)

  • Fason pou nou boule ak moun ki opoze yo (23-26)

2  Se sa k fè, pitit mwen+, kontinye pran pisans nan favè san parèy ou genyen an ki nan Kris Jezi.  E bagay ou te tande m di w yo, bagay anpil temwen te apiye+, konfye yo bay gason ki fidèl. Yo menm, bò kote pa yo, y ap vin kalifye kòmsadwa pou yo anseye lòt moun.  Antanke bon sòlda+ Kris Jezi, pran lo soufrans pa w+.  Pa gen okenn moun k ap sèvi kòm sòlda k ap antre* nan fè komès*, dekwa pou moun ki anwole l kòm sòlda a ka apwouve l.  Epitou, si yon moun ap patisipe nan yon konpetisyon, li pap jwenn kouwòn nan si l pa suiv regleman yo+.  Kiltivatè ki travay di a, se li menm an premye ki dwe jwenn fwi travay li.  Se pou w toujou ap reflechi sou sa m ap di yo. Seyè a ap fè w konprann* tout bagay.  Pa bliye sa, selon bon nouvèl m ap preche a+, Jezi Kris leve sot nan lanmò+, e li se yon desandan David*+.  Se pou bon nouvèl sa a m ap soufri, e se pou li yo mete m nan prizon tankou yon kriminèl+. Epoutan, pawòl Bondye a pa nan chenn+. 10  Se pou rezon sa a mwen kontinye andire tout bagay pou moun Bondye chwazi yo+, dekwa pou yo menm tou, yo ka jwenn delivrans grasa Kris Jezi, e pou yo ka jwenn glwa ki la pou toutan an. 11  Men yon pawòl moun ka fè konfyans: Si nou mouri ansanm avè l, se sèten n ap viv tou ansanm avè l+. 12  Si nou kontinye andire, n ap dirije tou antanke wa ansanm avè l+. Si nou nye l, li menm tou l ap nye nou+. 13  Si nou pa fidèl, li menm l ap rete fidèl, paske li pa ka demanti tèt li. 14  Kontinye fè yo sonje bagay sa yo. Ba yo enstriksyon* devan Bondye pou yo pa fè diskisyon sou mo, yon bagay ki pa itil anyen ditou, paske li kraze* lafwa moun k ap koute yo. 15  Fè tout sa w kapab pou w prezante tèt ou bay Bondye antanke moun li apwouve, antanke yon ouvriye ki pa gen anyen pou l wont e ki manyen pawòl verite a kòrèkteman+. 16  Men, evite pawòl san valè ki opoze ak sa ki sen+, paske moun k ap di pawòl sa yo ap vin pi pa gen respè pou Bondye, 17  e pawòl yo ap gaye tankou gangrenn. Pami moun sa yo, gen Imene ak Filèt+. 18  Mesye sa yo kite laverite, yo di rezirèksyon an fèt deja+, e y ap kraze lafwa kèk moun. 19  Epoutan, Bondye poze yon fondasyon solid ki ret kanpe, e men pawòl li gen sou li tankou yon so: “Jewova* konnen moun ki pou li yo+”, epi: “Se pou tout moun ki met konfyans yo nan non Jewova*+ sispann fè sa ki mal.” 20  Nan yon gwo kay, se pa sèlman veso ki fèt annò ak veso ki fèt ann ajan ki genyen, men genyen tou ki fèt an bwa e genyen ki fèt an tè. Genyen ki la pou yon sèvis ki onorab, men gen lòt ki la pou yon sèvis ki pa onorab. 21  Konsa, si yon moun rete lwen veso ki la pou sèvis ki pa onorab yo, moun sa a ap tounen yon veso ki la pou yon sèvis ki onorab, yon veso ki pirifye, ki itil mèt li, ki prepare pou tout kalite bon travay. 22  Kidonk, kouri pou dezi ki natirèl lakay jèn yo, men chèche gen ladwati, lafwa, lanmou, lapè, ansanm avèk moun ki met konfyans yo nan* Seyè a avèk yon kè ki pwòp. 23  Anplis de sa, rejte vye diskisyon ki pa gen sans yo+, piske w konnen yo lakòz moun fè kont. 24  An reyalite, yon esklav Seyè a pa dwe nan goumen, men li dwe dou* ak tout moun+, li dwe gen kapasite pou l anseye, li dwe metrize tèt li lè yo fè l ditò+, 25  e li dwe enstwi moun ki pa byen dispoze yo avèk dousè+. Petèt, Bondye ka byen pèmèt yo repanti*, e sa ap fè yo jwenn konesans egzak sou verite a+, 26  konsa, yo ka vin nan bonsans yo, e yo ka retire kò yo nan pyèj Dyab la, li menm ki te pran yo tou vivan pou yo fè volonte l+.

Nòt anba paj

Lit.: “k ap mele”.
Se kapab tou: “nan fè aktivite k ap fèt chak jou”.
Oswa: “ap fè w gen bon jijman nan”.
Lit.: “semans David”.
Lit.: “Bay yon temwayaj konplè”.
Oswa: “li detwi; li boulvèse”.
Lit.: “ki rele”.
Oswa: “li dwe aji avèk tak”.
Oswa: “pèmèt yo chanje lespri yo”.