Al gade sa k anndan l

Mwen santi m koupab, èske Bib la ka ede m?

Mwen santi m koupab, èske Bib la ka ede m?

Repons Bib la bay

 Wi. Bib la ka ede n fè sa ki nesesè pou n pa santi n koupab ankò (Sòm 32:1-5). Si n te fè yon bagay ki mal e n vrèman regrèt sa, Bondye ap padone nou e l ap ede n ak santiman nou yo (Sòm 86:5). Selon Labib, li pa toujou yon move bagay lè n santi n koupab, paske sa ka ede n sispann fè yon bagay ki mal e sa ka pouse n fè plis efò pou n pa fè menm erè a ankò (Sòm 51:17; Pwovèb 14:9). Men, Bib la konseye n pou n evite santi n twò koupab, pou n ta panse nou pa gen valè nan je Bondye. Si n ta wè tèt nou konsa, sa ka lakòz ‘yon twò gwo lapenn kraze n.’ — 2 Korentyen 2:7, Bib la.

 Ki sa k ka lakòz yon moun santi l koupab?

 Gen divès rezon ki fè yon moun ka santi l koupab. Nou ka santi n blese yon moun nou renmen oswa nou pa fè yon bagay nou panse n te dwe fè. Gendelè, nou ka santi n koupab menm lè nou pa vrèman koupab. Pa egzanp, si nou gen objektif ki pa rezonab, n ap toujou santi n koupab lefètke n pa atenn objektif sa yo. Se pou rezon sa a Bib la ankouraje n pou n rezonab. — Eklezyas 7:16.

 Ki sa m ka fè si m santi m koupab?

 Olye w pèdi espwa lefètke w santi w koupab, fè sa w kapab pou w chanje sitiyasyon w lan. Ki jan w ka fè sa?

  •   Admèt erè ou fè. Priye Jewova a Dye, mande l pou l padone w (Sòm 38:18; Lik 11:4). Ou ka gen asirans Bondye ap koute w si w repanti e si w vrèman regrèt erè w te fè a, epitou ou fè anpil efò pou w pa repete l ankò (2 Kwonik 33:13; Sòm 34:18). Li ka wè sa lòt moun pa ka wè, moun ou ye pa anndan an. Lè Bondye wè n ap fè efò pou n sispann fè sa ki mal, “l ap padone nou, e l ap pirifye nou anba tout enjistis”. — 1 Jan 1:9; Pwovèb 28:13.

     Si w te fè yon moun mal, sandout, ou ka bezwen admèt sa epi mande l padon ak tout kè w. Sa ka difisil! Sa mande kouraj ak imilite. Men, lè w mande padon ak tout kè w, sa pèmèt de bagay enpòtan rive. Toudabò, sa retire yon gwo chay sou do w, epitou sa pèmèt ou fè lapè ak lòt moun nan. — Matye 3:8; 5:23, 24.

  •   Reflechi sou vèsè ki gen rapò ak mizèrikòd Bondye. Pa egzanp, ann egzamine 1 Jan 3:19, 20. Vèsè sa a fè konnen, “kè nou [ka] kondane nou”, oswa nou ka twò egzijan ak sa nou atann de tèt nou, petèt nou ka menm santi n pa merite lanmou Bondye. Men, vèsè a di tou, “Bondye pi gran pase kè nou”. Sa k fè l di sa? Bondye konn tout bagay, li byen konprann santiman nou ak feblès nou. Epitou, li konnen nou fèt ak enpèfeksyon, sa ki fè n gen tandans fè sa ki mal b (Sòm 51:5). Donk, Bondye pa rejte moun ki vrèman regrèt erè yo te fè. — Sòm 32:5.

  •   Pa ret ap panse ak erè w te fè. Gen anpil egzanp gason ak fi yo pale de yo nan Bib la ki te konn fè move bagay, men annapre ki te chanje. Sòl moun Tas la, pi devan yo te rele apot Pòl, se youn nan egzanp sa yo. Antanke Farizyen, li te konn pèsekite disip Jezi yo anpil (Travay 8:3; 9:1, 2, 11). Men, lè l te aprann se ak Bondye e ak Mesi oswa Kris la li t ap opoze, li te chanje e l te vin yon bon kretyen. Sandout, Pòl te vrèman regrèt fason l te konn aji a, men li pa t ret ap panse sou sa. Li te konnen Bondye te gen mizèrikòd pou li. Pòl te vin yon moun ki zele nan travay predikasyon an e l te kontinye reflechi sou esperans lavi ki pap janm fini an. — Filipyen 3:13, 14.

 Kèk vèsè ki gen rapò ak padon e ak lè yon moun santi l koupab

 Sòm 51:17: “O Bondye, ou pap rejte yon kè k ap fann.”

 Sa sa vle di: Bondye pap rejte n si nou vrèman regrèt erè n fè ki blese l. Li gen mizèrikòd.

 Pwovèb 28:13: “Moun ki kache peche l pap reyisi, men, moun ki konfese yo e ki pa fè yo ankò, y ap fè l mizèrikòd.”

 Sa sa vle di: Bondye ap padone nou si n konfese peche nou yo e n pa kontinye fè menm peche yo.

 Jeremi 31:34: “Paske, m ap padone sa yo fè ki pa bon, mwen pap sonje peche yo ankò.”

 Sa sa vle di: Yonfwa Bondye padone nou, li pap raple n erè nou te fè a ankò. L ap fè n mizèrikòd yon fason ki sensè.

a Jewova se non Bondye. — Egzòd 6:3.

b Se nan Adan, premye moun nan, nou eritye tandans pou n fè sa ki mal. Adan ak madanm li, Èv, te peche kont Bondye e yo te pèdi lavi pafè ni pou yo menm, ni pou desandan yo. — Jenèz 3:17-19; Women 5:12.