Matye 19​:​1-30

  • Maryaj ak divòs (1-9)

  • Don seliba (10-12)

  • Jezi beni timoun yo (13-15)

  • Yon jèn mesye ki rich poze Jezi kesyon (16-24)

  • Sakrifis moun fè pou Wayòm nan (25-30)

19  Lè Jezi fin di bagay sa yo, li kite Galile, l al nan fwontyè Jide, pa lòtbò Rivyè Jouden an+.  Epi, gen yon gwo foul moun ki suiv li, e li geri yo la.  Apre sa, Farizyen yo vin kote l nan entansyon pou yo teste l, yo mande: “Èske yon gason gen dwa divòse ak madanm li pou nenpòt rezon+?”  Li reponn yo, li di: “Èske nou pa li Sila a ki te kreye lòm depi nan kòmansman an te fè ni gason ni fi+,  e li te di: ‘Se pou rezon sa a, yon gason ap kite papa l ak manman l, li pral atache ak madanm li, e yo de a ap vin yon sèl chè+’?  Konsa, yo pa de ankò, men yo se yon sèl chè. Kidonk, sa Bondye mete anba menm jouk, pinga lòm separe l+.”  Yo di l: “Bon, poukisa Moyiz te mande pou gason an bay fi a yon papye divòs pou l divòse avè l+?”  Li di yo: “Se paske nou gen tèt di ki fè Moyiz te ban nou pèmisyon divòse ak madanm nou+, men se pa konsa sa te ye okòmansman+.  M ap di nou sa: Nenpòt moun ki divòse ak madanm li, eksepte pou imoralite seksyèl*, e k al marye ak yon lòt fi, moun sa a fè adiltè+.” 10  Disip yo di l: “Si se konsa sa ye pou yon gason ak madanm li, pito yon moun pa marye.” 11  Li di yo: “Se pa tout moun ki suiv pawòl sa a, eksepte moun ki gen don pou sa+. 12  Paske, gen moun ki pa marye poutèt yo gen yon pwoblèm depi yo fèt, gen lòt se moun ki chatre yo, e gen lòt ki pa marye poutèt Wayòm syèl la. Yon moun ki ka suiv pawòl sa a, li mèt suiv li+.” 13  Apre sa, yo mennen kèk timoun piti ba li pou l ka poze men l sou yo* e pou l priye pou yo. Men, disip yo t ap repouse yo+. 14  Lè sa a, Jezi di: “Kite timoun yo trankil, pa eseye anpeche yo vin jwenn mwen, paske se pou moun ki tankou yo Wayòm syèl la ye+.” 15  Epi, li poze men l sou yo*. Apre sa, li deplase kite zòn nan. 16  Epi, gen yon moun ki vin kote l ki di l: “Anseyan, ki bon bagay mwen dwe fè pou m gen lavi ki pap janm fini an+?” 17  Li di l: “Poukisa w poze m kesyon sou sa ki bon? Se yon sèl Moun ki bon+. Men, si w vle gen lavi, se pou w suiv kòmandman yo nètale+.” 18  Li di l: “Ki kòmandman konsa?” Jezi di: “Ebyen: ‘Nou pa dwe asasinen moun+’, ‘Nou pa dwe fè adiltè+’, ‘Nou pa dwe vòlè+’, ‘Nou pa dwe bay fo temwayaj+’, 19  ‘Onore papa nou ak manman nou+’, epi: ‘Nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou+.’” 20  Jennonm nan di l: “Mwen suiv tout kòmandman sa yo, ki sa m manke ankò?” 21  Jezi di l: “Si w vle bon nèt*, al vann byen w yo, bay pòv kòb la e w ap gen yon trezò nan syèl la+. Apre sa, vin suiv mwen+.” 22  Lè jennonm nan tande sa, li ale byen tris, paske li te gen anpil byen+. 23  Lè sa a, Jezi di disip li yo: “Anverite m ap di nou sa: L ap difisil pou yon moun rich antre nan Wayòm syèl la+. 24  Wi, m ap di nou sa ankò: Li pi fasil pou yon chamo pase nan yon je zegui pase pou yon moun ki rich antre nan Wayòm Bondye a+.” 25  Lè disip yo tande sa, yo sezi anpil, yo di: “Kiyès menm ki ka sove+?” 26  Jezi gade yo fiks, epi li di yo: “Pou lèzòm, sa enposib, men pou Bondye, tout bagay posib+.” 27  Lè sa a, Pyè reponn, li di: “Gade! Nou kite tout bagay pou nou suiv ou, ki sa n ap jwenn menm+?” 28  Jezi di yo: “Anverite m ap di nou sa: Lè tout bagay ap vin tounèf ankò, lè Pitit lòm nan va chita sou gran twòn li an, nou menm ki te suiv mwen, n ap chita sou 12 twòn pou nou jije 12 tribi Izrayèl yo+. 29  E nenpòt moun ki kite kay, oswa frè, oswa sè, oswa papa, oswa manman, oswa pitit, oswa tè poutèt non mwen, l ap jwenn 100 fwa plis pase sa, e l ap resevwa* lavi ki pap janm fini an+. 30  “Men, anpil moun ki premye ap dènye, e moun ki dènye yo ap premye+.

Nòt anba paj

Mo grèk la se pòneya. Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “pou l ka beni yo”.
Oswa: “li beni yo”.
Oswa: “vle konplè”.
Lit.: “l ap eritye”.