Al gade sa k anndan l

Ki sa Bib la di sou tatwaj?

Ki sa Bib la di sou tatwaj?

Repons Bib la bay

 Se sèlman nan Levitik 19:28 Bib la pale de tatwaj, e men sa l di: “Nou pa dwe fè tatwaj sou nou.” Bondye te bay pèp Izrayèl la kòmandman sa a pou yo te ka montre yo diferan ak pèp ki te ozalantou yo ki te konn met non oswa senbòl dye yo t ap sèvi yo sou po yo (Detewonòm 14:2). Menmsi kretyen yo pa oblije obsève Lwa Bondye te bay pèp Izrayèl la, prensip ki gen nan Lwa sa a merite pou yo byen egzamine yo.

Èske yon kretyen ta dwe fè tatwaj oswa desen sou kò l?

 Vèsè ki vin apre yo kapab ede n rezone sou kesyon sa a:

  •   “Mwen vle pou medam yo abiye [...] yon jan ki senp.” (1 Timote 2:9, Bib Kreyòl la). Prensip sa a valab ni pou gason, ni pou fi. Nou dwe respekte santiman lòt moun e nou pa dwe atire atansyon sou nou san nesesite.

  •   Gen moun ki fè tatwaj paske yo vle montre kiyès yo ye oubyen yo vle fè wè yo granmoun, e gen lòt menm ki fè sa pou yo montre yo ka fè sa yo vle ak kò yo. Sepandan, men sa Bib la ankouraje kretyen yo fè: “Prezante kò nou kòm yon sakrifis ki vivan, ki sen, ki fè Bondye plezi. Konsa, n ap [ka] ba li yon sèvis sakre avèk kapasite nou genyen pou nou rezone [a].” (Women 12:1). Se pou w sèvi ak “kapasite nou [tout] genyen pou nou rezone” a pou w konnen pou ki sa w vle fè yon tatwaj. Si se paske w vle vin alamòd, oubyen w vle montre ou fè pati yon gwoup, sonje pi devan ou ka anvi chanje lide, men tatwaj la ap toujou la. Lè w byen reflechi sou rezon ki fè w vle fè yon tatwaj, sa ka ede w pran yon desizyon ki montre ou gen sajès. — Pwovèb 4:7.

  •   Men sa Bib la di: “Moun ki konn travay byen an planifye sa l ap fè, e konsa bagay yo byen mache pou li, men, tout moun ki twò prese ap pòv kanmenm.” (Pwovèb 21:5). Byen souvan, se nan kouri moun yo prese fè tatwaj sou kò yo, men sa ka gen gwo enpak sou relasyon yo ak lòt moun e sou travay yo kapab jwenn. Epi, yo ka oblije peye anpil lajan pou yo retire tatwaj yo te fè a sou kò yo e yo konn soufri lè y ap retire yo. Rezilta rechèch ki fèt yo ak enfòmasyon ki sot nan biznis k ap fè anpil kòb nan retire tatwaj sou moun yo montre gen anpil moun ki te fè tatwaj sou kò yo ki vin regrèt yo te fè sa annapre.