Al gade sa k anndan l

Labib

Orijin ak prèv ki montre li veridik

Ki sa Bib la ye?

Kòmanse fouye nan mesaj Bondye ban nou an, sètadi Pawòl Bondye a.

Èske Labib se yon liv ki gen sajès lèzòm ladan l?

Remake deklarasyon Labib fè konsènan tèt li.

Èske se panse Bondye ki nan Bib la?

Poukisa anpil nan moun ki te ekri Bib la di se Bondye ki te di yo sa pou yo ekri?

Èske se Moyiz ki te ekri Bib la?

Moyiz te patisipe nan ekri Bib la. Konbyen moun ankò ki te patisipe?

Èske yon moun ka konnen kiyès ki ekri Labib toutbonvre?

Moun ki ekri Labib yo di se Bondye ki te gide yo e se li ki Mèt Bib la. Kòman nou ka kwè sa ki te ekri ladan l yo?

Èske yo chanje sa ki nan Bib la?

Lefètke Bib la se yon liv ansyen, ki jan nou fè konnen mesaj ki rive jwenn nou an egzak?

Ki lè Bondye te kòmanse kreye linivè a?

Nou kapab jwenn repons lan lè n egzamine fason yo sèvi ak mo “okòmansman” an ak mo “jou” a nan liv Jenèz la.

Èske lasyans ann akò ak Labib?

Èske gen erè syantifik nan Bib la?

Èske Labib se yon liv ki fèt pou blan yo?

Ki kote moun ki te ekri nan Bib la te fèt, nan ki kote nan monn nan yo te ye?

Ki lè yo te ekri istwa sou Jezi yo?

Ki kantite tan ki te pase ant lè Jezi mouri ak lè yo te ekri Evanjil yo?

Li Bib la e konprann li

Èske Bib la gen kontradiksyon ladan l?

Egzamine kèk enfòmasyon nan Bib la ki sanble kontradiksyon ansanm ak prensip ou ka itilize pou w byen konprann sans enfòmasyon sa yo.

Kiyès ki Pawòl Bondye a oswa ki sa l ye?

Fason yo sèvi ak ekspresyon sa a nan Bib la montre l gen plis pase yon sèl siyifikasyon.

Ki sa lwa “je pou je” a vle di?

Èske lwa “je pou je” a ankouraje moun bay tèt yo jistis?

Ki sa dis kòmandman Bondye te bay yo ye?

Ki moun Bondye te bay kòmandman yo? Èske Kretyen yo dwe suiv yo?

Ki sa Tora a ye?

Kiyès ki te ekri l? Èske ansèyman ki ladan l yo la pou toutan e yo pa dwe janm mete yo yon kote?

Pwofesi ak sa kèk bagay reprezante

Ki sa yon pwofesi ye?

Èske pwofesi Bondye enspire yo toujou anonse sa k pral rive? Non, pa toujou.

Èske pwofesi ki gen rapò ak Mesi a bay prèv se Jezi ki Mesi a?

Èske pwofesi anrapò ak Mesi a te ka akonpli sou plizyè moun?

Ki sa chif yo vle di nan Bib la? Èske kesyon chèche yon sans mistik nan chif ann amoni ak Bib la?

Egzamine kèk egzanp konsènan sans chif yo genyen nan Bib la, epi w ap wè sa diferan ak kesyon chèche sans mistik chif yo genyen.

Ki sa kwonoloji ki nan Bib la fè konprann konsènan ane 1914 la?

Pwofesi konsènan “sèt tan” ki nan Dànyèl chapit 4 la idantifye yon moman enpòtan nan dominasyon lèzòm.

Ki sa liv Revelasyon an vle di?

Liv sa a di moun ki li mesaj ki ladan l lan, ki konprann li e ki aplike l t ap gen kè kontan lefètke yo fè sa.

Ki sa Nouvo Jerizalèm nan ye?

Nan ki sans vil sa a ki san parèy konsène w?

Ki sa bèt sovaj ki gen sèt tèt ki nan Revelasyon 13 la ye?

Bèt sovaj la gen pouvwa, pisans ak yon twòn. Ki lòt bagay pwofesi nan Bib la fè konnen?

Ki sa bèt ki gen koulè wouj vif Revelasyon 17 la reprezante?

Sis bagay k ap ede n idantifye gwo bèt sovaj sa a.

Ki sa 666 vle di?

Labib bay sans nimewo 666 la ak sans mak bèt la.

Ki sa Gran Babilòn nan ye?

Labib di nonsèlman li se yon pwostitye men tou li se yon vil.

Ki sa letan dife a ye? Èske se menm bagay ak lanfè oswa Jeyèn?

Jezi gen “kle Tonm” nan, men èske se li gen yon kle pou letan dife a?

Lafendimonn

Ki sa ki siy “dènye jou yo” oswa “tan lafen an”?

Bib la te predi gen anpil evènman ki t ap rive ansanm ki t ap montre n ap viv nan dènye jou yo.

Ki sa gwo tribilasyon an ye?

‘Pwofesi konsènan tan lafen an’ pale de pi gwo peryòd latwoublay ki poko janm rive limanite. Ki sa n ka atann k ap rive?

Ki sa lagè Amagedon an ye?

Mo Amagedon an parèt sèlman yon fwa nan Bib la, men Bib la fè referans ak gè a.

Èske y ap detwi tè a?

Labib fè konnen objektif Bondye gen pou tè a byen klè.

Ki lè lafendimonn ap fèt?

Pou n jwenn repons lan, nou bezwen konprann, selon Labib, ki sa lafen an ye toutbonvre.

Ki sa Wayòm Bondye a pral fè?

Gade ki sa nou kapab jwenn lè Wayòm Bondye a pral dirije tout tè a.

Moun, peyi ak bagay

Medam yo pale de yo nan Bib la: Ki sa n ka aprann nan egzanp yo?

Gade diferans ki gen ant yon seri bon fi yo pale de yo nan Bib la ak yon seri lòt fi ki te mechan.

Èske Mari se manman Bondye?

Bib la ansanm ak istwa relijyon kretyen an ban nou yon repons ki byen klè sou kwayans sa a.

Kiyès ki Jan ki te konn batize moun nan?

Mesaj li t ap preche a te prepare kè juif parèy li yo pou yo rekonèt Mesi Bondye te pwomèt la.

Kiyès Mari, moun Magdala, te ye?

Gen kèk bagay moun yo kwè sou li ki pa ann amoni ak sa Bib la di.

Kiyès “twa nèg save yo” te ye? Èske yo te suiv yon “etwal” pou yo rive Betleyèm?

An reyalite, plizyè ekspresyon yo itilize nan tradisyon fèt nwèl la pa parèt okenn kote nan Bib la.

Ki sa Bib la di sou Dànyèl?

Bondye te fè l wè vizyon sou sa k t ap gen pou pase nan epòk nou an.

Kiyès ki te madanm Kayen?

Lè nou rezone sou sa Bib la di, nou rive jwenn yon bon repons pou kesyon sa a.

Ki sa lach alyans lan ye?

Bondye te bay Izrayelit yo lòd pou yo fè bagay sa a. Pou ki rezon?

Èske se ak moso twal ki nan vil Tiren an yo te antere Jezi?

Gen twa bagay enpòtan konsènan moso twal la ki ede n jwenn repons lan.

Ki sa Bib la di sou dinozò yo?

Èske lasyans ann akò ak Labib?

Èske Bondye te sèvi ak evolisyon pou l kreye lavi?

Sa Bib la di sou kreyasyon an pa an kontradiksyon ak sa syantifik yo konstate anrapò ak varyasyon ki genyen nan diferan gwoup yo.

Valè pratik

Èske Labib ka ede fanmi m viv ak kè kontan?

Konsèy saj ki soti nan Bib la deja ede plizyè milyon gason ak fi pou fwaye yo gen kè kontan.

Ki sa Bib la di sou fè zanmi?

Bon zanmi gen bon efè youn sou lòt e youn ka ede lòt vin pi bon moun. Byen chwazi moun k ap zanmi w!

Ki sa Règ annò a ye?

Lè Jezi te pale de Règ annò a, li t ap pale nonsèlman sou fason nou dwe trete moun an jeneral, men tou fason nou dwe trete ènmi nou yo.

Ki sa “renmen ènmi nou” vle di?

Li ka difisil pou nou aplike pawòl sa yo Jezi te di ki senp men ki enpòtan anpil.

Èske lajan se rasin tout bagay ki mal?

Ekspresyon popilè “lajan se rasin tout move bagay” la se yon pati nan yon deklarasyon ki soti nan Bib la.

Pwoblèm lajan ak dèt — Èske Bib la ka ede nou?

Lajan pa ka bay lajwa, men gen kat prensip nan Bib la ki kapab ede w avèk depans w ap fè yo.

Èske Bib la kapab ede m si m ap viv ak gwo pwoblèm sante?

Wi! Gade twa etap ki kapab ede w andire anba gwo pwoblèm sante.

Ki sa Bib la di sou kesyon fè kòlè a?

Èske nou toujou gen rezon pou n fè kòlè? Ki sa w dwe fè lè w kòmanse an kòlè?

Èske Bib la ka ede m si m fè depresyon?

Gen twa bagay Bondye bay agogo ki ka ede moun ki fè depresyon.

Lavi m pa gen okenn sans — Ki sa k ka ede m? Relijyon, Bondye oswa Bib la?

Gade ki jan lè w zanmi Bondye sa ka amelyore lavi w ni jodi a ni alavni.

Ki sa Bib la di konsènan renmen tèt nou?

Jezi te di: “Ou dwe renmen pwochen w menm jan ou renmen tèt ou.” Ki sa Jezi te vle di?