Al gade sa k anndan l

Èske Mari se manman Bondye?

Èske Mari se manman Bondye?

Repons Bib la bay

 Non, Labib pa anseye Mari se manman Bondye, ni li pa fè konnen kretyen yo ta dwe ni adore Mari, ni venere l. a Ann egzamine pwen ki vin apre yo:

  •   Mari pa t janm fè konnen li se manman Bondye. Labib esplike li te fè “Pitit Bondye a”, men se pa Bondye. — Mak 1:1; Lik 1:32.

  •   Jezi Kris pa t janm di Mari se manman Bondye oswa Mari merite yon atachman espesyal. Anfèt, li te korije yon dam ki te atire atansyon sou wòl espesyal Mari jwe antanke manman Jezi, kòmkwa sa fè l byennere. Men sa Jezi te di l: “Now! Pito w di: Byennere moun ki tande pawòl Bondye e ki pratike l!” — Lik 11:27, 28.

  •   Ekspresyon “Rèn syèl la” ak “Teyotokòs” (Sila ki fè Bondye a) pa nan Bib la.

  •   Lè Labib pale de “Rèn syèl la”, li pap pale de Mari, men l ap pale de yon fo deyès Izrayelit ki te vire do bay Bondye yo te konn adore (Jeremi 44:15-19). Petèt “Rèn syèl la” se te Ichta (Astate), yon deyès peyi Babilòn.

  •   Kretyen nan premye syèk yo pa t konn adore Mari, ni yo pa t ba l yon onè espesyal. Gen yon istoryen ki di kretyen premye syèk yo “t ap rejte adorasyon yo bay Mari a, e yo t ap pè pou yo bay Mari yon atansyon ki pa kòrèk ki te ka montre y ap adore yon deyès”. — N ap chèche konn Mari, yon fi juif (anglè).

  •   Labib montre Bondye te toujou egziste (Sòm 90:1, 2; Ezayi 40:28). Piske li pa gen kòmansman, li pa ka gen manman. Anplis de sa, Mari pa t ap kapab pote Bondye nan vant li, paske Labib di byen klè menm syèl la pa ka kenbe Bondye. — 1 Wa 8:27.

Mari se manman Jezi, li pa “manman Bondye”

 Mari se te yon fi Juif, e l te soti nan liy fanmi wa David (Lik 3:23-31). Bondye te fè l yon gwo favè paske l te gen lafwa e li te gen atachman pou Bondye (Lik 1:28). Bondye te chwazi l pou l vin manman Jezi (Lik 1:31, 35). Mari te gen lòt pitit ak Jozèf, ki te mari l. — Mak 6:3.

 Bib la montre Mari te vin disip Jezi, men, li pa bay anpil lòt enfòmasyon sou li. — Travay 1:14.

a Gen plizyè relijyon ki fè konnen Mari se manman Bondye. Yo konn pale de li kòm “Rèn syèl la” oswa kòm Teyotokòs, yon mo grèk ki vle di “Sila ki te fè Bondye a.”