Al gade sa k anndan l

Ki sa chif yo vle di nan Bib la? Èske kesyon chèche yon sans mistik nan chif ann amoni ak Bib la?

Ki sa chif yo vle di nan Bib la? Èske kesyon chèche yon sans mistik nan chif ann amoni ak Bib la?

Repons Bib la bay

 Byen souvan, nan Bib la yo itilize chif yo yon fason literal, men pafwa yo itilize yo kòm senbòl. An jeneral, kontèks la ede nou konnen si se kòm senbòl yo sèvi ak yon chif. Ann egzamine sans senbolik chif ki annapre yo genyen nan Bib la:

  •   1 Inyon. Pa egzanp, men sa Jezi te mande pou Bondye fè pou disip li yo: “Pou yo tout ka vin youn, menm jan ou menm, Papa, ou ann inyon avè m e mwen ann inyon avèk ou.” — Jan 17:21; Matye 19:6.

  •   2 Nan kesyon legal, de temwen fè konnen yon bagay se laverite (Detewonòm 17:6). Menm jan an tou, lè yon vizyon oswa yon pawòl repete de fwa sa fè konnen bagay la sèten e l se laverite. Pa egzanp, lè Jozèf t ap entèprete rèv Farawon Ejip la te fè a, li te di: “Vrè Dye a fè Farawon fè rèv sa a de fwa, paske vrè Dye a pap fè bak nan sa l deside fè a.” ​(Jenèz 41:32). Lè se yon pwofesi, “de kòn” ka reprezante de dirijan k ap dirije anmenmtan, jan pwofèt Dànyèl te fè konn sa anrapò ak Anpi Medi ak Pès la. — Dànyèl 8:20, 21; Revelasyon 13:11.

  •   3 Menm jan twa temwen ap pwouve yon bagay se laverite, se konsa tou lè yo repete yon bagay twa fwa sanble se yon bagay ki byen etabli oswa yo fè sa pou mete aksan sou li. — Ezekyèl 21:27; Travay 10:9-16; Revelasyon 4:8; 8:13.

  •   4 Chif sa a kapab reprezante yon bagay ki konplè swa nan fòm li swa nan wòl li gen pou jwe, tankou chif kat ki nan ekspresyon “kat kwen tè a”. — Revelasyon 7:1; 21:16; Ezayi 11:12.

  •   6 Chif sis la, yon chif an mwens chif 7 la ki reprezante byen souvan sa ki konplè, kapab reprezante yon bagay ki pa konplè oswa ki enpafè oswa yon bagay ki gen rapò ak ènmi Bondye yo. — 1 Kwonik 20:6; Dànyèl 3:1; Revelasyon 13:18.

  •   7 Byen souvan yo sèvi ak chif sa a pou reprezante yon bagay ki konplè. Pa egzanp, Bondye te mande Izrayelit yo pou yo fè tou Jerizalèm pandan sèt jou suivi e sou setyèm jou a pou yo fè tou vil la sèt fwa (Jozye 6:15). Labib gen anpil egzanp kote yo sèvi ak chif sèt la konsa (Levitik 4:6; 25:8; 26:18; Sòm 119:164; Revelasyon 1:20; 13:1; 17:10). Lè Jezi te di Pyè li dwe padone frè l “pa jiska sèt fwa, men, jiska 77 fwa”, lefètke l te repete chif “sèt” la sa bay ide yon bagay “ki san limit”. — Matye 18:21, 22.

  •   10 Chif sa a kapab reprezante yon bagay ann antye oswa kantite total yon bagay. — Egzòd 34:28; Lik 19:13; Revelasyon 2:10.

  •   12 Chif sa a sanble reprezante yon dispozisyon Bondye pran ki konplè. Pa egzanp, nan vizyon apot Jan te fè sou syèl la, li te wè yon vil ki te fèt ak “12 wòch, e yo te gen non 12 apot [...] yo”. (Revelasyon 21:14; Jenèz 49:28.) Chif nou jwenn lè nou miltipliye 12 ak yon lòt chif kapab gen menm sans lan. — Revelasyon 4:4; 7:4-8.

  •   40 Gen plizyè peryòd kote Bondye te fè jijman oswa li te bay pinisyon ki makònen ak chif 40 lan. — Jenèz 7:4; Ezekyèl 29:11, 12.

Sans mistik nan chif yo

 Sans senbolik chif sa yo genyen nan Bib la se pa menm bagay ak sans moun yo eseye ba yo, paske moun yo chèche sans mistik nan chif yo, nan konbinezon yo ak total yo. Pa egzanp, Juif kabalis yo, yon seri Juif k ap chèche yon sans kache nan Bib la, te fè yon analiz sou liv ki te ekri ann ebre yo. Yo te itilize yon metòd espesyal kote y ap chèche yon swadizan kòd kache nan mo yo. Kesyon chèche sans nan chif yo se yon fòm divinasyon e Bondye kondane divinasyon. — Detewonòm 18:10-12.