Al gade sa k anndan l

Ki sa lagè Amagedon an ye?

Ki sa lagè Amagedon an ye?

Repons Bib la bay

 Lagè Amagedon fè referans ak dènye gè ki pral fèt ant Bondye ak gouvènman lèzòm yo. Gouvènman yo ansanm ak moun k ap soutni yo opoze ak Bondye depi kounye a lefètke yo refize soumèt anba dominasyon l (Sòm 2:2). Lagè Amagedon pral mete fen nan dominasyon lèzòm. — Dànyèl 2:44.

 Mo “Amagedon” an parèt yon sèl fwa nan Bib la nan Revelasyon 16:16. Pwofesi ki nan vèsè sa a nan Revelasyon an montre “wa ki sou tout tè a pral “rasanble [...] pou lagè ki gen pou fèt nan gran jou Bondye a, li menm ki Toupisan an” nan “zòn yo rele ann ebre: Amagedon” an”. — Revelasyon 16:14.

 Kiyès ki pral goumen nan Amagedon? Jezi Kris pral dirije lame ki nan syèl la pou yo ranpòte laviktwa sou ènmi Bondye yo (Revelasyon 19:11-16, 19-21). Ènmi sa yo gen ladan yo moun ki opoze ak otorite Bondye e ki pa gen respè pou Bondye. — Ezekyèl 39:7.

 Èske se nan Mwayenn oryan toutbon lagè Amagedon an ap fèt? Non. Lagè Amagedon an pap fèt nan yon sèl zòn, li pral fèt sou tout tè a. — Jeremi 25:32-34; Ezekyèl 39:17-20.

 Amagedon (ann ebre yo di Amegidon) vle di “Mòn Megido”. Megido se te yon vil nan tèritwa Izrayèl nan tan lontan an. Listwa pale de yon seri batay enpòtan ki te fèt nan zòn Megido a, e gen kèk nan batay sa yo yo rapòte nan Bib la (Jij 5:19, 20; 2 Wa 9:27; 23:29). Men, Amagedon pa ka fè referans ak zòn ki te rele Megido nan tan lontan an. Pa gen yon gwo mòn nan zòn nan ki ka pran tout moun ki pral goumen kont Bondye yo, menm tout vale Jizreyèl ki toupre l la pa kapab. Amagedon se sitiyasyon ki pral genyen nan monn nan kote nasyon yo pral rasanble pou yo kanpe kont dominasyon Bondye.

 Ki jan bagay yo pral ye lè lagè Amagedon? Byenke nou pa konnen ki jan Bondye pral sèvi ak pouvwa l, l ap gen yon seri bagay ki egziste li te deja itilize kòm zam nan tan lontan tankou: lagrèl, tranblemanntè, gwo lapli ki fè dlo desann, dife ak souf, zèklè ak maladi (Jòb 38:22, 23; Ezekyèl 38:19, 22; Abakouk 3:10, 11; Zakari 14:12). Akoz ènmi Bondye yo ap nan konfizyon, omwen kèk ladan yo pral touye youn lòt, men rive yon lè y ap rann yo kont se Bondye k ap goumen kont yo. — Ezekyèl 38:21, 23; Zakari 14:13.

 Èske Amagedon se lafendimonn? Planèt nou an pap kraze nan Amagedon paske tè a se kote pou lèzòm rete pou toutan (Sòm 37:29; 96:10; Eklezyas 1:4). Amagedon pap detwi limanite, okontrè, li pral sove l paske gen yon “gwo foul moun” k ap sèvi Bondye k ap chape. — Revelasyon 7:9, 14; Sòm 37:34.

 Byenke mo “monn” nan fè referans ak tè a, nan Bib la pafwa yo sèvi ak mo sa a pou pale de moun mechan ki opoze ak Bondye yo (1 Jan 2:15-17). Nan sans sa a, Amagedon ap lakòz “lafen di monn”. — Matye 24:3, Bib Kreyòl la.

 Ki lè Amagedon ap vini? Men sa Jezi te di lè l t ap pale de “gwo tribilasyon” an, k ap gen pou fini nan Amagedon: “Kanta pou jou sa a ak lè sa a, pèsonn pa konnen yo, ni zanj ki nan syèl la, ni Pitit la, men se sèl Papa a ki konnen yo.” ​(Matye 24:21, 36). Sepandan, Bib la montre Amagedon ap fèt pandan prezans Jezi, ki te kòmanse an 1914. — Matye 24:37-39.