Al gade sa k anndan l

Kiyès ki te madanm Kayen?

Kiyès ki te madanm Kayen?

Repons Bib la bay

 Kayen, pi gran pitit premye koup ki te egziste a, te marye ak youn nan sè l yo oswa ak yon lòt fi ki pwòch fanmi l. Nou ka jwenn menm repons lan lè n egzamine sa Bib la di sou Kayen ak fanmi l.

Kèk detay sou Kayen ak fanmi l

  •   Tout moun soti nan Adan ak Èv. Bondye “sèvi ak yon sèl moun pou l fè moun tout nasyon, pou yo abite sou tout kò tè a”. (Travay 17:26.) Èv, madanm Adan, te vin tounen “manman tout moun”. (Jenèz 3:20.) Se sa k fè, Kayen dwe te marye ak youn nan desandan Adan ak Èv yo.

  •   Se Kayen ak Abèl, frè l la, ki te fèt anvan nan tout pitit Èv yo. (Jenèz 4:1, 2). Lè Bondye te voye Kayen al byen lwen fanmi l paske l te touye frè l la, men sa Kayen te di: “Se sèten nenpòt moun ki jwenn avè m ap touye m.” (Jenèz 4:14). Ki moun Kayen te pè? Bib la fè konnen Adan “te vin gen plizyè pitit gason ak plizyè pitit fi”. (Jenèz 5:4.) Li klè, lòt pitit Adan ak Èv yo te ka yon danje pou Kayen.

  •   Byen bonè nan istwa lèzòm, moun te konn marye ak pwòch fanmi yo. Pa egzanp, Abraram, yon gason ki te fidèl ak Bondye, te marye ak yon demi sè l (Jenèz 20:12). Premye entèdiksyon kont maryaj ant fanmi pwòch te parèt nan Lwa Bondye te bay Moyiz plizyè syèk apre epòk Kayen an (Levitik 18:9, 12, 13). Sanble pitit moun ki fanmi pwòch yo te fè nan epòk sa yo pa t konn gen pwoblèm sante jan sa ye jodi a.

  •   Bib la fè konnen istwa Adan ak Èv ak fanmi yo se yon istwa ki reyèl. Nou kapab jwenn lis non fanmi ki soti depi Adan nonsèlman nan liv Jenèz, yon liv Moyiz te ekri, men tou nan liv istoryen tankou Esdras ak Lik te ekri (Jenèz 5:3-5; 1 Kwonik 1:1-4; Lik 3:38). Gen moun Bondye te itilize pou ekri Bib la ki te pale de istwa Kayen an, e pou moun sa yo, se yon istwa reyèl. — Ebre 11:4; 1 Jan 3:12; Jid 11.