Al gade sa k anndan l

Èske Labib se yon liv ki gen sajès lèzòm ladan l?

Èske Labib se yon liv ki gen sajès lèzòm ladan l?

Repons Bib la bay

 Pa gen dout nan sa, Labib, oubyen jan yo konn rele l Ekriti sakre yo, gen anpil pawòl sajès ladan l. Sepandan, remake yon deklarasyon Labib fè konsènan tèt li: “Tout sa ki nan Ekriti yo se Bondye ki enspire yo.” (2 Timote 3:16). Gen anpil prèv ki soutni deklarasyon sa a. Ann konsidere prèv ki vin annapre yo:

  •   Pa gen pèsonn ki rive montre sa Labib rapòte yo pa egzak.

  •   Moun ki te ekri Labib yo te onèt e yo te dwat nan kè yo. Sa fè sa yo ekri yo se verite.

  •   Labib gen yon tèm santral: Jistifikasyon dwa Bondye genyen pou l dirije lèzòm ak akonplisman objektif li pa mwayen Wayòm li an ki nan syèl la.

  •   Byenke gen plizyè milye ane depi yo te ekri Bib la, li pa gen okenn erè ki soti nan ide ki te gaye nan tan lontan nan domèn lasyans yo, yon seri ide pifò moun te aksepte.

  •   Listwa bay bonjan prèv ki montre pwofesi ki nan Bib la, oubyen sa l te anonse yo, te akonpli toutbonvre.