Al gade sa k anndan l

Èske se ak moso twal ki nan vil Tiren an yo te antere Jezi?

Èske se ak moso twal ki nan vil Tiren an yo te antere Jezi?

Repons Bib la bay

 Bib la pa pale de moso twal ki nan vil Tiren an. Se yon twal len anpil moun panse se avè l yo te antere Jezi Kris. Lefètke anpil moun kwè sa, sa fè kèk moun konsidere l kòm youn nan bagay ki pi sakre kretyen yo genyen. Kounye a, se nan yon katedral nan vil Tiren, ann Itali, yo mete moso twal la nan yon bwat ki byen pwoteje pa mwayen dènye teknoloji yo.

 Èske gen istwa nan Bib la ki soutni ide kòmkwa se ak moso twal ki nan vil Tiren an yo te antere Jezi? Non.

 Ann egzamine twa bagay konsènan moso twal la ki depaman ak sa Bib la di.

  1.   Moso twal la se yon sèl moso twal ki mezire 442 santimèt longè, 113 santimèt lajè plis yon lòt moso yo koud sou li nan sans longè ki mezire 8 santimèt.

     Sa Bib la di: Se pa ak yon sèl moso twal yo te vlope kò Jezi, men se ak plizyè moso twal. Yo te vlope tèt li nan yon moso twal apa. Apre Jezi te fin resisite, gen youn nan apot li yo ki t al nan tonm nan ki te vid e ki te “wè twal len yo depoze yon kote”. Men sa Bib la di ankò: “Twal ki te vlope tèt Jezi a pa t ansanm ak lòt twal bandaj yo, men li te vlope yon kote apa.” — Jan 20:6, 7.

  2.   Moso twal la gen tach san ki ta soti nan yon kadav ki pa t lave.

     Sa Bib la di: Lè Jezi fin mouri, disip li yo te prepare kò l “jan Juif yo abitye prepare kadav pou antèman”. (Jan 19:39-42.) Youn nan bagay yo te konn fè se lave kadav la epi pase luil ak plant sou li anvan yo antere l (Matye 26:12; Travay 9:37). Kidonk, disip Jezi yo te lave kò a anvan yo te vlope l nan twal yo.

  3.   Moso twal la gen imaj yon mesye ki “kouche sou mwatye yon twal e lòt mwatye twal la te kouvri tout kò l soti nan tèt al nan pye nan sans longè twal la” selon sa yon ansiklopedi fè konnen (Encyclopædia Britannica).

     Sa Bib la di: Disip Jezi yo te pale de lanmò Jezi, de tonm nan ki te vid e konsènan medam ki te wè “zanj ki parèt ki di li vivan” an (Lik 24:15-24). Si moso twal la te nan tonm Jezi a, se sèten disip li yo t ap pale de li ak imaj ki t ap sou li yo. Men, Bib la pa di nou yo te di anyen sou sa.

Èske n ta dwe venere moso twal la?

 Non. Menmsi se ta moso twal ki te vlope kò Jezi a vre, sa t ap toujou mal pou nou venere l. Ann egzamine prensip nan Bib la ki esplike rezon ki fè sa.

  1.   Sa pa nesesè. Men sa Jezi te fè konnen: “Bondye se yon Espri, e moun k ap adore l yo dwe adore l avèk lespri ak laverite.” (Jan 4:24). Vrè adorasyon an pa sèvi ak imaj oswa ak bagay ki swadizan sakre.

  2.   Bib la kondane sa. Dis kòmandman yo te kondane idolatri (Detewonòm 5:6-10). Nan menm sans lan, men lòd Bib la bay kretyen yo: “Timoun, veye kò nou ak zidòl.” (1 Jan 5:21). Gen kèk moun ki ka fè konprann moso twal la se pa yon zidòl men se yon imaj oswa yon senbòl ki montre nan ki sa yo kwè. Men, yon imaj vin yon zidòl pou moun ki venere l la a. Kidonk, yon moun ki vle fè Bondye plezi pap venere oswa adore okenn bagay, san wete moso twal la.

a Yon zidòl se yon imaj, yon bagay ki reprezante yon moun oswa yon lòt bagay oswa yon senbòl moun adore.