Al gade sa k anndan l

Èske Labib ka ede fanmi m viv ak kè kontan?

Èske Labib ka ede fanmi m viv ak kè kontan?

Repons Bib la bay

 Wi. Men kèk konsèy ki gen sajès ki baze sou Bib la ki deja ede plizyè milyon gason ak fi pou fanmi yo gen kè kontan:

  1.   Marye selon lalwa. Yon maryaj ki fèt selon lalwa se yon angajman pou lavi e se baz pou yon fanmi gen kè kontan. — Matye 19:4-6.

  2.   Demontre lanmou ak respè. Sa vle di tou aji ak moun ou marye avè l la fason ou menm ou ta renmen l aji avè w. — Matye 7:12; Efezyen 5:25, 33.

  3.   Evite di pawòl ki blesan. Pale yon fason ki janti, menmsi moun ou marye avè l la di oswa fè yon bagay ki fè w mal (Efezyen 4:31, 32). Jan Bib la di sa nan Pwovèb 15:1: “Yon repons ki dous kalme kòlè, men, yon pawòl ki rèd fè moun an kòlè.”

  4.   Se pou n fidèl youn ak lòt. Se sèl ak moun ou marye avè l la ou dwe fè womans e se sèl pou li ou dwe gen atirans seksyèl (Matye 5:28). Labib di: “Se pou tout moun onore maryaj, e se pou kabann maryaj la san salte.” — Ebre 13:4.

  5.   Demontre lanmou lè w ap leve pitit ou. Veye pou w pa ni sitirè ni twò sevè. — Pwovèb 29:15; Kolosyen 3:21.