Al gade sa k anndan l

Èske lasyans ann akò ak Labib?

Èske lasyans ann akò ak Labib?

Repons Bib la bay

 Wi, paske, malgre Bib la pa yon liv sou lasyans, li egzak lè l mansyone bagay ki gen rapò ak lasyans. Ann konsidere kèk egzanp ki montre kote lasyans ak Bib la dakò, epi kote Bib la gen kèk verite syantifik ki te diferan anpil ak sa moun ki t ap viv nan epòk yo te ekri verite sa yo te kwè.

  •   Linivè te gen yon kòmansman (Jenèz 1:1). Sepandan, anpil lejann nan tan lontan pa di yo te kreye linivè, yo dekri l kòm yon bagay yo te òganize apati de yon dezòd jeneral ki te la deja. Babilónyen yo te kwè dye ki te kreye linivè yo te soti nan de oseyan. Gen lòt lejann ki di linivè soti nan yon gwo ze.

  •   Chak jou, se yon seri lwa natirèl ki byen etabli k ap dirije linivè, se pa sa yon seri dye vle (Jòb 38:33; Jeremi 33:25). Lejann ki soti tout kote sou tè a anseye lèzòm pa gen okenn pouvwa devan zak dye sa yo ki konn fèt yon fason sanzatann, e pafwa, san pitye.

  •   Latè pandye nan yon espas vid (Jòb 26:7). Anpil nan pèp tan lontan yo te kwè monn nan te gen fòm yon wonn ki plat, e se te yon nonm jeyan ki kenbe l oswa se yon bèt tankou yon gwo towo bèf oswa yon tòti k ap soutni l.

  •   Dlo ki ale nan rivyè yo ak sous dlo yo soti nan oseyan yo sou fòm vapè e yo tonbe sou tè a sou fòm lapli, nèj oubyen lagrèl (Jòb 36:27, 28; Eklezyas 1:7; Ezayi 55:10; Amòs 9:6). Moun peyi Lagrès tan lontan yo te kwè se oseyan ki anba tè yo ki te voye dlo nan rivyè yo, e lide sa a te rete jis rive nan 18yèm syèk la.

  •   Mòn yo konn parèt e yo konn desann. Mòn nou gen jodi a te nan oseyan yo yon lè (Sòm 104:6, 8). Epoutan, gen kèk lejann ki anseye mòn yo se dye yo ki te kreye yo jan yo ye a.

  •   Ijyèn pwoteje sante. Lwa Jewova te bay nasyon Izrayèl la te mande pou moun yo lave men yo apre yo te fin manyen kadav, pou yo mete moun ki te gen maladi trapan an karantèn, epi pou yo antere poupou yo byen (Levitik 11:28; 13:1-5; Detewonòm 23:13). Epoutan, youn nan remèd Ejipsyen yo te konn fè nan epòk yo te bay lwa sa yo te mande pou yo pase yon melanj ki te gen poupou moun ladan l sou blese yo te genyen ki te parèt.

Èske Bib la gen erè nan domèn syantifik ladan l?

 Non. Nou ka wè sa si nou fè yon analiz rezonab sou sa ki ekri nan Bib la. Ann egzamine kèk nan ide anpil moun panse ki se erè nan domèn syantifik, men yo pa erè vre:

 Sa moun yo di: Bib la di linivè te kreye nan sis jou ki gen 24 èdtan.

 Sa ki verite: Dapre Labib, Bondye te kreye linivè pandan yon tan ki pa defini, sa vle di moun pa ka kontwole (Jenèz 1:1). Konsa, jou yo di nan Jenèz chapit 1 an, kote Bondye te kreye linivè a, se peryòd tan ki pa defini yo ye. An reyalite, yo ekri mo “jou” a tou pou pale de tout peryòd ki te pase lè Bondye t ap kreye tè a ak syèl la. — Jenèz 2:4.

 Sa moun yo di: Labib anseye plant ak pyebwa ki sou tè a te parèt anvan solèy la te parèt pou te gen afè fotosentèz la. — Jenèz 1:11, 16.

 Sa ki verite: Bib la montre solèy la, ki se youn pami zetwal ki nan “syèl la”, te fèt anvan plant yo ak pyebwa yo te egziste (Jenèz 1:1). Limyè solèy la te rive sou tè a nan premye “jou” a, oswa premye peryòd kreyasyon an. Pandan atmosfè a t ap vin pi klè, nan twazyèm “jou” kreyasyon an, limyè solèy la te ase pou pèmèt fotosentèz la fèt (Jenèz 1:3-5, 12, 13). Men, se annapre sèlman yon moun te kapab wè solèy la byen klè detan l sou tè a — Jenèz 1:16.

 Sa moun yo di: Bib la di solèy la ap vire toutotou tè a.

 Sa ki verite: Eklezyas 1:5 di: “Solèy leve, solèy kouche, apre sa, li kouri tounen kote l pral leve a ankò.” Sepandan, pawòl sa yo sèlman dekri mouvman solèy la fè, selon fason moun ka wè l pandan yo sou tè a. Menm jodi a, moun konn di “ solèy la leve” ak “solèy la kouche”, menm lè yo konnen se tè a ki vire toutotou solèy la.

 Sa moun yo di: Bib la di tè a plat.

 Sa ki verite: Labib itilize ekspresyon “zòn ki pi lwen sou tè a” pou l pale de dènye bout latè, men sa pa vle di tè a plat oubyen li gen yon bout (Travay 1:8). Se menm jan an, ekspresyon “kat kwen latè” a se yon ekspresyon ki kreye imaj nan lespri moun yo itilize pou yo pale de tout tè a. Moun konn itilize ekspresyon “kat pwen kadino” tou pou yo di menm bagay la. — Ezayi 11:12; Lik 13:29.

 Sa moun yo di: Bib la di mezi yon wonn se egzakteman twa fwa dyamèt wonn nan, alòske vrè mezi a se pi (π) oswa anviwon 3.1416.

 Sa ki verite: Yo pale de mezi “gwo basen” ki te nan tanp lan nan 1 Wa 7:23 ak nan 2 Kwonik 4:2. Yo montre li te gen yon dyamèt 10 koude longè e yo ‘te bezwen yon fil ki mezire 30 koude longè pou fè wonn li nèt’. Petèt yo te bay chif sa yo sèlman kòm chif ki pi pre vrè mezi a. Petèt tou, mezi wonn basen an ak dyamèt li se mezi deyò ak mezi anndan basen an youn apre lòt.