Al gade sa k anndan l

Èske Bib la kapab ede m si m ap viv ak gwo pwoblèm sante?

Èske Bib la kapab ede m si m ap viv ak gwo pwoblèm sante?

Repons Bib la bay

 Wi. Bondye enterese nan sèvitè l yo ki malad. Konsènan yon sèvitè Bondye ki te fidèl, Bib la di: “Jewova ap ede l pandan l kouche sou kabann li tou malad.” ​(Sòm 41:3). Si w ap viv ak gwo pwoblèm sante, twa etap ki vin apre yo kapab ede w andire:

  1.   Priye Bondye pou w jwenn fòs pou w andire. Ou kapab resevwa “lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann”, sa k ap ede w sispann bay tèt ou pwoblèm e sa ap ede w andire pi fasil (Filipyen 4:6, 7).

  2.   Ou dwe rete pozitif. Bib la di: “Kè kontan bay lasante. Men, lè ou kagou, w ap deperi sou pye.” ​(Pwovèb 17:22, Bib la). Ou dwe renmen ri, lè w fè sa, sa ap ede w nonsèlman chase strès, men tou sa ap bon pou sante w.

  3.   Bati esperans ou sou lavni. Yon bèl esperans kapab ede w gen kè kontan malgre gwo pwoblèm sante (Women 12:12). Selon Bib la, nou pral viv talè konsa nan yon epòk kote “pa gen yon moun nan peyi a k ap di: ‘Mwen malad.’” ​(Ezayi 33:24). Bondye pral geri tout gwo pwoblèm sante lamedsin pa ka geri jodi a. Pa egzanp, konsènan moun ki vyeyi yo, li di y ap vin jèn e y ap vin an sante ankò. Men ki fason Bib la pale de sa: “Se pou kò l vin pi fre pase lè l te jèn! Se pou l retounen gen menm fòs li te genyen lè l te jèn nan.” ​(Jòb 33:25).

 Note sa: Toutpandan Temwen Jewova yo rekonèt Bondye ap ede moun jodi a, yo chèche èd nan men doktè lè yo malad grav (Mak 2:17). Sepandan, nou pa pwopoze okenn tretman medikal pou moun ki malad suiv. Se chak moun ki dwe pran desizyon pa l nan sans sa a.