Al gade sa k anndan l

Èske se panse Bondye ki nan Bib la?

Èske se panse Bondye ki nan Bib la?

Repons Bib la bay

 Pifò nan moun ki te ekri Bib la fè konnen se Bondye ki te di yo sa pou yo ekri. Men kèk egzanp:

  •  Wa David te di: “Jewova te mete lespri l sou mwen pou m pale. Pawòl li te sou lang mwen.” — 2 Samyèl 23:1, 2.

  •  Pwofèt Ezayi te di: “Men sa Jewova, Chèf lame yo, Seyè ki Souvren an, di.” — Ezayi 22:15.

  •  Apot Jan te di: “Men yon revelasyon Bondye bay Jezi Kris.” — Revelasyon 1:1.