Al gade sa k anndan l

Èske Bib la te anonse fason moun yo panse ak fason yo aji jodi a?

Èske Bib la te anonse fason moun yo panse ak fason yo aji jodi a?

Repons Bib la bay

 Wi, Bib la te anonse fason pifò moun panse ak fason yo aji t ap vin pi mal nan epòk nou an. Bib la fè konnen chanjman sa a t ap fè pifò moun abandone prensip moral yo ak règ ki pèmèt sosyete a mache byen a (2 Timote 3:1-5). Men, Bib la fè konnen tou, gen moun ki pa t ap adopte move konpòtman sa yo. Men pito, grasa èd Bondye, yo pa t ap kite move konpòtman sa yo detenn sou yo. Mete sou sa, yo t ap fè efò pou yo reflechi epi aji yon fason ki fè Bondye plezi. — Ezayi 2:2, 3.

Nan atik sa a

 Ki sa Bib la te anonse sou fason moun yo panse ak fason yo aji nan epòk nou an?

 Bib la esplike jan tanperaman moun yo ak aksyon yo t ap lèd nan plizyè sans. Epitou, li di se paske moun yo t ap gen tandans pou yo egoyis ki fè yo t ap gen tout defo sa yo e yo t ap aji mal konsa. Moun yo t ap “san metriz”, yo t ap “renmen pwòp tèt yo,” e yo t ap “renmen plezi olye yo renmen Bondye”. — 2 Timote 3:2-4.

 Jan pwofesi a montre sa, moun nan epòk nou an toujou konsantre sou tèt yo, sou sa k ap bon pou yo, sou sa k ap fè yo santi yo byen, elatriye. E jan pwofesi yo te anonse sa pou epòk nou an moun yo wè tèt yo sèlman, e sanble sa ap vin pi mal chak jou. Moun yo wè enterè pa yo sèlman, sa fè yo pa “renmen sa ki byen,” yo pa menm gen kapasite pou yo apresye bèl kalite lòt moun genyen. Etandone yo “engra,” yo pa santi yo bezwen montre rekonesans pou sa yo genyen ak sa lòt moun fè pou yo. — 2 Timote 3:2, 3.

 Se paske moun yo egoyis ki fè yo vin gen move konpòtman sa yo. E Bib la te anonse konpòtman sa yo t ap parèt aklè nan epòk nou an:

  •   Ava. Anpil moun “renmen lajan”, e yo panse kòb yo fè ak bagay yo posede montre yo reyisi nan lavi a. — 2 Timote 3:2.

  •   Ògèy. Anpil moun “grandizè”, yo “ògeye”, e yo “gonfle ak ògèy”. (2 Timote 3:2, 4.) Moun sa yo vante tèt yo e yo gen tandans bay manti sou sa yo ka fè, sou kalite yo genyen ak sa yo posede.

  •   Pale moun mal. Moun k ap “blasfeme” e k ap “pale moun mal” yo toupatou (2 Timote 3:2, 3). Ekspresyon sa yo kapab fè referans ak pawòl moun di pou joure Bondye, oswa lòt moun, oubyen ak manti yo bay sou Bondye oswa sou lòt moun.

  •   Tèt di. Anpil moun “pap fidèl” ni “yo pap dispoze antann yo”, “y ap trèt”, e “y ap gen tèt di”. (2 Timote 3:2-4.) Yo montre yo gen defo sa yo lè yo pa vle antann yo ak lòt moun, lè yo pa vle chèche solisyon pou pwoblèm yo e lè yo pa respekte pawòl yo.

  •   Vyolan. Anpil moun jodi a “sovaj”, yo pare pou yo fè kòlè, e byen souvan, sa mennen nan aksyon ki vyolan e ki mechan. — 2 Timote 3:3.

  •   Yo san respè pou sa ki dwat. Jezi te anonse “mechanste [t] ap ogmante” nan epòk pa nou an (Matye 24:12). Li te di tou t ap “gen dezòd”, oswa “soulèvman”. — Lik 21:9, nòt.

  •   Yo pa gen afeksyon pou fanmi yo. Lefètke gen moun ki “dezobeyi paran yo” e ki pa “gen afeksyon pou moun [nan fanmi yo]” sa vin lakòz gen plis moun ki neglije manm fanmi yo e yo fè abi oswa vyolans sou yo. — 2 Timote 3:2, 3.

  •   Yo ipokrit nan fason yo adore Bondye. Gen pi plis moun ki “parèt gen atachman pou Bondye”. (2 Timote 3:5.) Olye pou yo soumèt devan volonte Bondye, yo pito suiv chèf relijye yo k ap di yo sa yo anvi tande. — 2 Timote 4:3, 4.

 Ki jan moun yo t ap santi yo lè yo wè moun ki egoyis?

 Poutèt gen anpil moun ki gen ògèy, gen pi plis moun k ap soufri akoz pwoblèm mantal ak emosyonèl pase nenpòt lè anvan sa (Eklezyas 7:7). Pa egzanp, moun ki renmen lajan yo pwofite toupizi lòt moun. Moun ki pa gen afeksyon pou moun parèy yo fè abi sou manm fanmi yo, sa ki ka lakòz moun ki viktim yo fè depresyon oswa yo vle touye tèt yo. E chak moun ki trayi yon moun oswa ki montre l pa fidèl ap fè moun li trayi a soufri pandan lontan.

 Poukisa moun yo t ap chanje pou yo vin pi mal?

 Bib la esplike vrè rezon ki fè moun yo chanje konsa:

  •   Lanmou pou Bondye e pou pwochen yo ap rafredi (Matye 24:12). E sa lakòz moun yo vin pi egoyis.

  •   Yo pimpe Satan sot nan syèl la e yo fè l rete ozalantou tè a (Revelasyon 12:9, 12). Depi lè sa a, li fè moun yo vin pi egoyis. — 1 Jan 5:19.

 Ki jan nou ta dwe reyaji lè n wè moun yo ap vin pi mal?

 Pawòl Bondye a di: “Pa mele ak moun konsa menm.” ​(2 Timote 3:5, Bib la). Sa pa vle di nou dwe ret poukont nou san n pa gen kontak ak lòt moun. Men pito, nou dwe veye pou n pa vin twò pwòch ak moun ki wè tèt yo sèlman e ki viv lavi yo san yo pa bay Bondye regle anyen pou yo. — Jak 4:4.

 Èske se tout moun k ap vin pi mal?

 Non. Bib la fè konnen t ap gen moun “k ap plenn e k ap jemi poutèt tout bagay ki bay degoutans k ap fèt” yo (Ezekyèl 9:4). Yo t ap fè efò pou yo pa viv yon fason ki egoyis, men pou yo kenbe prensip Bondye yo nan lavi yo. Tout moun t ap ka wè fason yo pale ak fason yo aji pa t ap menm ak pifò lòt moun (Malachi 3:16, 18). Pa egzanp, yo t ap fè efò pou yo viv anpè ak tout moun e yo pa t ap patisipe nan lagè ak vyolans. — Miche 4:3.

 Èske rive yon lè fason moun yo ap aji pral fè tout sosyete a tonbe nan dezòd ak vyolans?

 Non. Limanite pa gen pou l vin nan yon nivo kote se vyolans ki genyen sèlman. Men pito, talè konsa, Bondye pral detwi tout moun ki pa vle obeyi prensip li yo (Sòm 37:38). Li pral tabli “yon tè tounèf”, sa vle di yon sosyete tounèf, kote moun ki gen imilite yo pral viv nan lapè pou toutan (2 Pyè 3:13; Sòm 37:11, 29). Espwa sa a pa yon rèv. Depi kounye a, Bib la ede anpil moun pou yo fè chanjman nan lavi yo, yon fason pou yo konfòme vi yo ak prensip Bondye yo ki jis. — Efezyen 4:23, 24.

a Pwofesi ki nan Bib la ak kondisyon ki nan monn nan fè n konprann n ap viv nan “dènye jou yo”, kote tan yo “difisil anpil”. (2 Timote 3:1; Bib la.) Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade atik “Ki sa ki siy ‘dènye jou yo’ oswa ‘tan lafen an’?