Al gade sa k anndan l

Ki sa lwa “je pou je” a vle di?

Ki sa lwa “je pou je” a vle di?

Repons Bib la bay

 Lwa “je pou je” a te fè pati Lwa Bondye te bay Moyiz pou nasyon Izrayèl tan lontan an, e Jezi te pale de lwa sa a nan diskou li te bay sou mòn nan (Matye 5:38; Egzòd 21:24, 25; Detewonòm 19:21). Sa vle di lè yo t ap pini yon moun ki t ap fè sa ki mal, pinisyon an te dwe koresponn ak krim li te fè a. a

 Yo te aplike lwa sa a pou moun ki fè espre fè yon lòt moun mal. Men sa lwa Bondye te bay Moyiz la te di sou pinisyon yo ta dwe bay yon moun ki chwazi fè lòt moun mal: “Zo kase pou zo kase, je pou je, dan pou dan. Sa li fè pwochen l lan, se sa y ap fè l tou.” — Levitik 24:20.

 Nan ki objektif yo te bay lwa “je pou je” a?

 Lwa “je pou je” a pa t bay pèsonn dwa pou yo bay tèt yo jistis. Olye de sa, li te ede jij yo bay pinisyon ki apwopriye yon fason ki pa t ni twò di, ni twò mou.

 Lwa sa a te la tou pou avèti nenpòt moun ki ta gen entansyon fè lòt moun mal oswa ki ta vle fè konplo pou fè moun mal. Men sa lwa sa a te di: “Lòt moun yo [moun ki te wè fason Bondye mande yo aplike jistis li a] ap tande sa k rive a, y ap pè e yo pap janm fè yon bagay ki mal konsa ankò nan mitan nou.” Detewonòm 19:20.

 Èske lwa “je pou je” a aplikab pou kretyen yo?

 Non, kretyen yo pa oblije obsève lwa sa a. Sakrifis Jezi a se finisman Lwa Mozayik la e lwa “je pou je” a te fè pati Lwa Bondye te bay Moyiz la. — Women 10:4.

 Sepandan, lwa sa a ede nou wè fason Jewova panse. Pa egzanp, li montre nou jistis enpòtan pou Bondye (Sòm 89:14). Li fè nou wè tou sou baz prensip jistis Jewova yo, yon moun k ap fè sa ki mal ta dwe jwenn yon pinisyon “nan degre [li] merite a.” — Jeremi 30:11.

 Sa moun yo di sou lwa “je pou je” a?

 Sa moun yo di: Lwa “je pou je” a te twò di.

 Sa ki verite: Lwa sa a pa t pèmèt pou yo aplike jistis yon fason ki twò di oswa avèk mechanste. Olye de sa, lè yo te byen aplike lwa sa a, sa te vle di jij ki kalifye yo t ap fin egzamine tout sikonstans yo nèt e yo t ap chèche wè jis nan ki pwen moun nan te fè espre fè peche a, e se lè sa a yo t ap ba l santans li merite a (Egzòd 21:28-30; Nonb 35:22-25). Konsa, lwa “je pou je” a te ede evite yon seri pinisyon ki twò di.

 Sa moun yo di: Lwa “je pou je” a te otorize moun yo kontinye fè vanjans youn kont lòt.

 Sa ki verite: Men sa Lwa Mozayik la te di: “Nou pa dwe tire revanj, ni nou pa dwe kenbe yon moun nan pèp la sou kè.” ​(Levitik 19:18). Lwa sa a pa t ankouraje yo fè vanjans pou tèt yo, men pito, li te ankouraje pèp la kwè nan Bondye ak nan sistèm legal Li te bay pou fè moun peye pou sa yo fè ki mal. — Detewonòm 32:35.

a Pafwa yo itilize ekspresyon latin lex talionis la (lwa talyon an) pou pale de prensip legal sa a, e nou jwenn li tou nan sistèm legal kèk sosyete nan tan lontan.