Al gade sa k anndan l

Kiyès ki Jan ki te konn batize moun nan?

Kiyès ki Jan ki te konn batize moun nan?

Repons Bib la bay

 Jan ki te konn batize moun nan se te yon pwofèt Bondye (Lik 1:76). Li te fèt jis anvan fen premye syèk anvan epòk nou an, e li te viv pandan premye syèk epòk nou an. Bondye te voye l pou l prepare chemen an pou Mesi oswa Kris la. Jan te fè sa lè l te preche juif parèy li yo mesaj Bondye a yon fason pou yo te kapab retounen vin jwenn Bondye. — Mak 1:1-4; Lik 1:13, 16, 17.

 Mesaj Jan t ap preche a te ede moun ki gen kè sensè yo rekonèt Jezi moun Nazarèt la kòm Mesi Bondye te pwomèt la (Matye 11:10). Jan te ankouraje moun ki t ap koute l yo pou yo regrèt peche yo fè yo epi batize, sa ki t ap montre yo repanti (Lik 3:3-6). Piske li te batize anpil moun, yo te rele l Jan ki konn batize moun nan. Batèm ki pi enpòtan Jan te fè a se lè l te batize Jezi a. — Mak 1:9.

Nan atik sa a

 Ki sa k fè Jan ki te konn batize moun nan te espesyal?

 Bib la te anonse sa l t ap reyalize: Pa mwayen travay predikasyon Jan te konn fè a, li te reyalize pwofesi konsènan mesaje Jewova a (Malachi 3:1; Matye 3:1-3). Li te montre se li ki t ap “prepare yon pèp pou Jewova”, sa vle di li te prepare yon chemen pou juif parèy li yo te kapab aksepte mesaj prensipal moun Jewova te voye a, anpalan de Jezi Kris. — Lik 1:17.

 Sa n aprann sou li: Men sa Jezi te di: “Pa gen youn nan moun yo te voye yo ki gen plis enpòtans pase Jan ki konn batize moun nan. Men, moun ki gen mwens enpòtans nan Wayòm syèl la gen plis enpòtans pase l.” ​(Matye 11:11). Paske Jan pa t sèlman yon pwofèt, men li se mesaje yo te pwomèt la. Pa gen yon moun ki t ap sèvi Bondye anvan l ki te gen plis enpòtans pase l. Pawòl Jezi yo montre tou Jan pa t ap nan Wayòm Bondye a ki nan syèl la b. Pwofèt fidèl sa a te mouri anvan Kris te bay posiblite pou moun al viv nan syèl la (Ebre 10:19, 20). Sepandan, Jan pral viv sou tè a anba dominasyon Wayòm Bondye a avèk espwa pou l viv pou toutan nan paradi a. — Sòm 37:29; Lik 23:43.

 Kiyès ki te paran Jan ki te konn batize moun nan?

 Paran Jan se te yon mari ak madanm ki te rele Zakari ak Elizabèt. Zakari se te yon juif ki te prèt. Lefètke Jan te fèt se yon mirak, paske manman l pa t ka fè pitit. Epitou, ni manman Jan, ni papa l te gen “bon ti laj.” — Lik 1:5-7, 13.

 Kiyès ki te lakòz lanmò Jan ki te konn batize moun nan?

 Se wa Ewòd Antipas ki te fè koupe tèt Jan. Se madanm li, Ewodyad, ki te pouse l fè sa. Ewodyad te rayi Jan, paske Jan te di Ewòd lefètke l se juif li pa t gen dwa pran Ewodyad pou madanm selon Lwa juif yo. — Matye 14:1-12; Mak 6:16-19.

 Èske Jan ki te konn batize moun nan ak Jezi te nan konpetisyon?

 Pa gen kote nan Bib la ki montre yo te nan konpetisyon youn ak lòt (Jan 3:25-30). An reyalite, Jan te fè konnen aklè responsablite l se te prepare chemen  an pou Mesi a, se pa t pou l nan konpetisyon avèk Jezi. Jan te di: “Rezon ki fè mwen vin batize moun nan dlo a se pou Izrayèl ka vin konnen l.” Mete sou sa, li te ajoute: “Moun sa a se Pitit Bondye a.” (Jan 1:26-34). Donk, Jan te kontan anpil lè l te tande bon rezilta Jezi te jwenn nan travay predikasyon an.

a Jezi “pa t fè peche.” (1 Pyè 2:21, 22). Donk, Jezi pa t batize paske li te bezwen repanti, men li te fè sa pou l prezante tèt li pou l fè volonte Bondye. Sa gen ladan l bay lavi l pou nou. — Ebre 10:7-10.

b Gade atik ki gen tit: “Ki moun ki pral nan syèl?