Al gade sa k anndan l

Ki sa “renmen ènmi nou” vle di?

Ki sa “renmen ènmi nou” vle di?

Repons Bib la bay

 Nan diskou Jezi te bay sou mòn nan, yon diskou anpil moun konnen, li te di: “Renmen ènmi nou.” ​(Matye 5:44; Lik 6:27, 35). Pawòl sa yo vle di nou dwe demontre lanmou pou moun ki rayi nou oubyen ki aji mal avèk nou.

 Jezi te demontre lanmou pou ènmi l yo lè l te padone moun ki t ap maltrete l yo (Lik 23:33, 34). Ansèyman Jezi te bay pou l ankouraje nou pou n renmen ènmi nou yo ale nan menm sans ak pawòl nou jwenn nan Liv ki te ekri ann ebre yo, yo konn rele Ansyen Testaman. — Egzòd 23:4, 5; Pwovèb 24:17; 25:21.

 “Kontinye renmen ènmi nou e kontinye priye pou moun k ap pèsekite nou.” — Matye 5:43, 44.

Nan atik sa a

 Poukisa nou dwe renmen ènmi nou yo?

  •   Bondye bay egzanp lan. Bondye “bon ni ak moun ki engra, ni ak moun ki mechan”. (Lik 6:35.) Li “fè solèy Li leve [...] sou moun ki mechan”. — Matye 5:45.

  •   Lanmou ka pouse yon ènmi chanje. Bib la mande pou nou byen trete ènmi nou yo. Li montre lè nou fè sa, nou “anpile chabon ki byen limen sou tèt li”. (Pwovèb. 25:22.) Konparezon sa a fè referans ak pwosesis kote yo konn chofe yon minrè pou retire yon metal ki gen anpil valè ladan l. Se men jan an, si nou byen boule ak yon moun ki rayi nou, sa ka fè rankin li an disparèt epi fè sa ki bon lakay li parèt.

 Ki fason konsa nou ka renmen ènmi nou yo?

  •   “Fè byen pou moun ki rayi nou.” ​(Lik 6:27). Men sa Bib la di: “Si ènmi w grangou, ba l manje, si l swaf, ba l yon bagay pou l bwè.” ​(Women 12:20). Petèt ou ka jwenn lòt fason pou w montre ou renmen yon ènmi lè w aplike prensip yo rele Règ annò a, ki di: “Sa nou ta renmen moun fè pou nou, se menm bagay la nou dwe fè pou yo.” — Lik 6:31.

  •   “Beni moun ki modi nou.” ​(Lik 6:28, Bib Kreyòl La). Nou beni ènmi nou yo lè nou janti lè n ap pale avè yo ak lè nou gen konsiderasyon pou yo, menm lè yo pale yon fason derespektan avèk nou. Bib la di: “Pa joure moun poutèt yo joure nou. Men okontrè, se pou nou pale avèk konsiderasyon.” ​(1 Pyè 3:9). Konsèy sa a ka ede n fè moun sispann rayi nou.

  •   “Priye pou moun k ap manke nou dega.” ​(Lik 6:28). Si yon moun ta joure w pa rann “mal pou mal”. (Women 12:17.) Olye de sa, mande Bondye pou l padone l (Lik 23:34; Travay 7:59, 60). Pase pou w ta nan tire revanj, pito w kite se Bondye ki itilize prensip li yo ki jis pou l regle sa. — Levitik 19:18; Women 12:19.

 “Renmen lènmi nou. Fè byen pou moun ki rayi nou. Beni moun ki modi nou. Priye pou moun ki maltrete nou.” — Lik 6:27, 28, Bib Kreyòl La.

  •   Gen “pasyans ak byenveyans.” ​(1 Korentyen 13:4). Lè apòt Pòl t ap pale de lanmou an, yon esplikasyon anpil moun konnen, li te itilize menm mo grèk (agapè) nou jwenn nan pawòl ki nan Matye 5:44 ak Lik 6:27, 35. Nou montre nou renmen ènmi nou yo, jan kretyen yo dwe fè sa, lè nou gen pasyans ak lè nou byen boule ak yo, nou pa nan jalouzi, nou pa awogan, nou pa aji di ak yo.

 Lanmou gen pasyans ak byenveyans. Lanmou pa jalou sò moun, li pa vante tèt li, li pa kite ògèy plen tèt li, li pa aji yon fason ki endesan, li pa chèche pwòp enterè l, li pa fè kòlè fasil. Li pa note bagay mal yo fè l. Li pa pran plezi nan sa ki mal, men li pran plezi nan sa ki verite. Li sipòte tout bagay, li kwè tout bagay, li espere tout bagay, li andire tout bagay. Lanmou pa janm fayi.” — 1 Korentyen 13:4-8.

 Èske n dwe al nan lagè pou n batay ak ènmi nou yo?

 Non, paske Jezi te anseye disip li yo pou yo pa al nan batay ak moun ki rayi yo. Pa egzanp, lè l te ba yo avètisman sou atak ki t apral fèt sou vil Jerizalèm nan, li pa t di yo pou yo rete pou yo goumen, men li te di yo retire kò yo (Lik 21:20, 21). Mete sou sa, Jezi te di apot Pyè: “Mete epe w la nan plas li, paske tout moun ki pran epe ap peri anba epe.” ​(Matye 26:52). Bib la ak lòt istoryen montre disip Jezi yo nan premye syèk la pa t konn al nan lagè pou al batay ak ènmi yo a. — 2 Timote 2:24.

 Kèk move konpreyansyon moun genyen sou renmen ènmi yo

 Move konpreyansyon: Lwa Bondye a te mande Izrayelit yo pou yo rayi ènmi yo.

 Sa ki verite: Pa gen kòmandman konsa nan Lalwa. Men pito, Lalwa te mande Izrayelit yo pou yo renmen pwochen yo (Levitik 19:18). Byenke mo “pwochen” an te vle di lòt moun an jeneral, gen nan juif yo ki te konprann mo sa a vle di juif parèy yo sèlman, epi yo te vin kwè yo dwe rayi moun ki pa juif yo paske yo se ènmi yo (Matye 5:43, 44). Jezi te korije move fason yo te konprann bagay yo lè te rakonte istwa bon samariten an. — Lik 10:29-37.

 Move konpreyansyon: Renmen ènmi yo vle di dakò ak move konduit yo.

 Sa ki verite: Bib la montre ou ka renmen yon moun san w pa apwouve move konduit li. Pa egzanp, Jezi te kondane vyolans men li te priye pou moun ki te egzekite l yo (Lik 23:34). Li te rayi mechanste oubyen peche, men, li te bay lavi l pou pechè yo. — Jan 3:16; Women 6:23.

a Men sa E. W. Barnes di nan liv li a: “Lè nou konsidere tout enfòmasyon ki disponib, nou rann nou kont, depi premye kretyen yo egziste pou jis rive nan epòk Marc Aurèle, (yon anperè women ki te la ant 161 e 180 nan epòk nou an), pa t gen okenn kretyen ki te vin sòlda, e pa t gen okenn sòlda ki te rete nan sèvis militè apre l vin kretyen.” — The Rise of Christianity.